Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann ede frè Kris yo fidèlman

Ann ede frè Kris yo fidèlman

“Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” — MAT. 25:40.

1, 2. a) Ki parabòl Jezi te bay nan konvèsasyon l te gen ak bon zanmi l yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa n dwe konnen konsènan parabòl mouton ak kabrit yo?

JEZI t ap pale ak Pyè, Andre, Jak ak Jan ki se bon zanmi l. Yo te fèk sot tande l bay parabòl esklav fidèl ki prevwayan an, parabòl dis fi vyèj yo ak parabòl talan yo. Pou Jezi te fini konvèsasyon an li te bay yon lòt parabòl ankò. Li te pale konsènan yon epòk kote “Pitit lòm nan” t ap gen pou l vin jije “tout nasyon”. Se pa ti efè parabòl sa a dwe te genyen sou disip li yo! Nan parabòl sa a, Jezi te pale konsènan de gwoup moun, yon gwoup li dekri kòm mouton e yon lòt gwoup li dekri kòm kabrit. Epi l te met aksan sou yon twazyèm gwoup ki enpòtan anpil li te idantifye kòm ‘frè Wa a’. — Li Matye 25:31-46.

2 Pèp Jewova a gen lontan depi yo enterese nan parabòl sa a e yo gen rezon pou sa paske nan parabòl la Jezi pale konsènan avni lèzòm. Li te montre rezon ki fè gen kèk moun ki pral resevwa lavi ki pap janm fini an alòske gen lòt ki pral detwi pou toutan. Lavi nou depann de fason nou konprann verite Jezi te bay yo ak fason nou reyaji devan yo. Etandone lavi anpil moun an danje, nou ta dwe mande tèt nou: Ki fason Jewova te ede n pi byen konprann parabòl sa a tikras pa tikras? Ki sa k fè n ka di parabòl sa a met aksan sou enpòtans travay predikasyon an genyen? Ki moun ki dwe preche? E ki sa k fè kounye a se moman pou n montre nou fidèl ak “Wa a” ansanm ak moun li rele “frè m” yo?

KI FASON NOU TE VIN PI BYEN KONPRANN PARABÒL SA A?

3, 4. a) Ki eleman enpòtan nou dwe konnen pou n konprann parabòl mouton ak kabrit yo? b) Nan ane 1881, ki fason Toudegad Siyon an te esplike parabòl sa a?

3 Pou n rive byen konprann parabòl mouton ak kabrit yo, nou bezwen konprann twa eleman enpòtan ki nan istwa a: Idantite moun yo pale de yo a, moman jijman an ak rezon ki fè y ap jije yon moun antanke mouton oswa kabrit.

4 Nan ane 1881, Toudegad Siyon an (anglè) te di se Jezi ki se “Pitit lòm nan” e ki se “Wa a” tou. Premye etidyan yo te konprann ekspresyon “frè m yo” nou jwenn nan Labib Wa Jak la (anglè) fè referans ak moun ki pral dirije ak Kris yo ansanm ak tout moun ki pral viv sou tè a lè yo vin pafè. Yo te panse separasyon mouton ak kabrit yo t ap fèt pandan Rèy mil an Kris la. Epi yo te kwè yo t ap klase yon moun pami mouton yo paske l te viv ann amoni ak lwa Bondye yo ki gen lanmou.

5. Nan ane 1920 yo, ki fason n te vin pi byen konprann parabòl la?

5 Nan kòmansman ane 1920 yo, Jewova te ede pèp li a pi byen konprann parabòl sa a. Toudegad 15 oktòb 1923 a (anglè) te montre aklè “Pitit lòm nan” se Jezi. Sepandan, li te bay bonjan prèv ki soti nan Ekriti yo ki te idantifye frè Kris yo antanke moun ki gen pou dirije ak Kris nan syèl la epi l te pale de mouton yo kòm moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Kris la. E konsènan moman yo pral separe mouton yo ak kabrit yo? Atik la te fè konnen etandone frè Kris yo t ap gen pou yo dirije ak Kris nan syèl la pandan Rèy mil an an, donk, pa t ka gen yon gwoup moun sou tè a ki t ap ede yo oswa ki t ap neglije yo. Kidonk, separasyon mouton yo ak kabrit yo t ap fèt anvan Rèy mil an an kòmanse. Kanta pou rezon ki fè yo t ap idantifye yon moun antanke mouton an, atik la te fè konnen yo t ap jije yon moun antanke mouton paske l te rekonèt Jezi kòm Seyè l e l t ap tann pou Wayòm nan fè bagay yo vin pi bon.

6. Nan mitan ane 1990 yo, ki fason n te vin pi byen konprann parabòl la?

6 Grasa ajisteman sa a, pèp Jewova a te panse se pandan tout fen sistèm nan yo t ap jije moun yo antanke mouton oswa kabrit selon fason yo t ap reyaji devan mesaj Wayòm nan. Sepandan, nan mitan ane 1990 yo, nou te fè ajisteman nan fason nou te konprann parabòl la. Gen de atik ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 1995 lan (fransè) ki te atire atansyon sou kèk resanblans ki genyen ant pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 24:29-31 yo (li vèsè yo) ak pawòl li te di nou jwenn nan Matye 25:31, 32 yo *. (Li vèsè yo.) Ki rezilta sa te bay? Men sa youn nan atik yo te fè konnen: “Jijman mouton ak kabrit yo se yon bagay ki pral fèt alavni.” Ki lè egzakteman? “Li pral fèt apre ‘tribilasyon’ yo pale de li nan Matye 24:29, 30 yo fin kòmanse epi apre Pitit lòm nan fin ‘vini nan glwa li’. [...] Apre sa, etandone tout sistèm mechan an ap detwi, Jezi pral met tribinal li sou pye, li pral jije moun e l ap egzekite jijman l.”

7. Ki fason nou vin pi byen konprann parabòl la?

7 Jodi a, nou pi byen konprann parabòl mouton ak kabrit yo. Anrapò ak idantite moun yo pale de yo nan parabòl la, Jezi se “Pitit lòm nan” e l se Wa a. Moun li rele “frè m yo” se gason ak fi Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou y al dirije ak Kris nan syèl la (Wom. 8:16, 17). “Mouton” ak “kabrit” yo reprezante moun ki sot nan tout nasyon. Moun sa yo se pa moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen. E konsènan moman jijman an pral fèt la? Jijman sa a pral fèt nan fen gwo tribilasyon ki prèt pou rive a. E konsènan rezon ki fè yo pral jije moun yo antanke mouton oswa kabrit la? Yo pral fè jijman sa a selon fason moun yo trete rès frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a toujou. Etandone fen sistèm sa a prèske rive, se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova dèske l pèmèt nou pi byen konprann parabòl sa a tikras pa tikras e dèske l te fè yo ekri parabòl nou jwenn nan Matye chapit 24 ak chapit 25 yo!

KI FASON PARABÒL LA MONTRE ENPÒTANS TRAVAY PREDIKASYON AN?

8, 9. Ki sa k fè yo pale de mouton yo antanke “moun ki jis”?

8 Nan parabòl mouton ak kabrit yo Jezi pa t pale dirèkteman konsènan travay predikasyon an. Nan ka sa a, ki sa k fè n ka di parabòl la montre enpòtans travay predikasyon an?

9 Premyèman, remake Jezi t ap anseye pa mwayen yon parabòl. Sa klè, li pa t ap pale konsènan separasyon mouton ak kabrit yo yon fason literal. Menm jan an tou, li pa t fè konnen chak moun yo jije antanke mouton t ap gen pou bay youn nan frè l yo manje, rad, pran swen l oswa al vizite l pandan l nan prizon yon fason literal. Olye de sa, li t ap pale konsènan fason mouton senbolik sa yo t ap aji anvè frè l yo. Li te pale de mouton yo antanke “moun ki jis” paske yo rann yo kont Kris gen yon gwoup frè l Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou epi mouton yo ede moun sa yo k ap viv nan dènye jou difisil sa yo fidèlman. — Mat. 10:40-42; 25:40, 46; 2 Tim. 3:1-5.

10. Ki fason mouton yo ka demontre bonte anvè frè Kris yo?

10 Dezyèmman, ann wè nan ki kontèks Jezi te di pawòl sa yo. Li t ap pale konsènan siy k ap siy prezans li e k ap siy fen sistèm nan (Mat. 24:3). Nan kòmansman diskou a, Jezi te fè konnen siy sa a t ap gen yon eleman enpòtan ki se bon nouvèl Wayòm nan yo t apral “preche [...] sou tout tè a”. (Mat. 24:14.) Epi l te bay parabòl talan yo yon ti tan anvan l te pale konsènan mouton ak kabrit yo. Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, Jezi te bay parabòl talan yo pou l te ka fè disip li yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen, anpalan de “frè” l yo, konnen yo dwe patisipe nan travay predikasyon an avèk zèl. Sepandan, ti kantite moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a pandan prezans Jezi a ap fè fas ak yon gwo defi ki se rive preche “tout nasyon” yo anvan lafen an rive. Parabòl mouton ak kabrit yo montre moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo t ap jwenn èd. Kidonk, youn nan pi gwo fason moun yo jije antanke mouton yo ka demontre bonte anvè frè Kris yo se lè yo ede yo nan travay predikasyon an. Ki sa èd sa a gen ladan l? Èske l gen rapò sèlman ak èd nan domèn materyèl ak rekonfò oswa l gen plis bagay toujou?

KI MOUN KI DWE PRECHE?

11. Ki kesyon nou ka poze, e poukisa?

11 Jodi a, pifò nan uit milyon disip Jezi yo pa moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen. Moun sa yo pa t resevwa talan Jezi te bay esklav li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la (Mat. 25:14-18). Kidonk, gen yon kesyon nou ka poze: ‘Èske travay predikasyon an vrèman konsène moun Bondye pa chwazi pa mwayen lespri sen l yo?’ Ann konsidere kèk rezon ki fè repons lan se wi.

12. Ki sa n aprann nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 28:19, 20 yo?

12 Jezi te bay tout disip li yo lòd pou yo preche. Apre rezirèksyon Jezi, li te di disip li yo pou yo fè disip epi anseye yo pou yo obsève “tout bagay” li te ba yo lòd pou yo fè yo. Travay predikasyon an fè pati bagay Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè yo. (Li Matye 28:19, 20.) Kidonk, se tout disip Kris yo ki dwe preche kit yo gen esperans pou y al dirije nan syèl kit yo gen esperans pou yo viv sou tè a. — Tra. 10:42.

13. Ki sa vizyon Jan te fè a montre, e sa k fè sa?

13 Liv Revelasyon an montre ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ni lòt moun ankò ta dwe patisipe nan travay predikasyon an. Jezi te bay apot Jan yon vizyon kote l te wè “lamarye a”, anpalan de 144 000 moun Bondye chwazi pou al dirije ak Kris nan syèl la, k ap envite lòt moun pou yo vin “pran dlo lavi a gratis”. (Rev. 14:1, 3; 22:17.) Dlo senbolik sa a reprezante dispozisyon Jewova pran pou l delivre limanite anba peche ak lanmò sou baz sakrifis ranson Kris la (Mat. 20:28; Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10). Ranson se yon eleman enpòtan nan mesaj n ap preche a epi moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pran latèt nan ede lòt moun aprann konnen ki sa ranson an ye epi pou yo jwenn byenfè grasa li (1 Kor. 1:23). Sepandan, nan vizyon an, Jan te wè lòt moun tou ki pa fè pati klas lamarye a. Moun sa yo tou jwenn lòd pou yo di: “Vini!” Yo obeyi lòd sa a e yo envite lòt moun pou yo vin pran dlo lavi a. Dezyèm gwoup moun sa a se moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Donk, vizyon sa a montre aklè se tout moun ki aksepte envitasyon pou yo “vini” an ki gen responsablite pou yo preche lòt moun.

14. Ki sa obeyi “lalwa Kris la” gen ladan l?

14 Tout moun k ap obeyi “lalwa Kris la” dwe preche. (Gal. 6:2.) Prensip Jewova yo valab pou tout moun. Pa egzanp, li te fè Izrayelit yo konnen: “Se menm lwa a k ap genyen ni pou moun ki fèt nan peyi a, ni pou etranje k ap viv nan mitan nou yo.” (Egz. 12:49 NW; Lev. 24:22). Kretyen yo pa anba Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Sepandan, nou tout dwe obeyi “lalwa Kris la”, kit nou se moun Bondye chwazi pou al nan syèl kit nou se moun ki gen esperans pou viv sou tè a. Lalwa sa a gen ladan l tout sa Jezi te anseye yo. Pami tout bagay ki pi enpòtan Jezi te anseye yo nou jwenn lòd li te bay disip li yo pou yo demontre lanmou (Jan 13:35; Jak 2:8). Epi, youn nan pi gwo fason nou ka demontre lanmou pou Bondye, pou Kris ak pou pwochen nou se lè n preche bon nouvèl Wayòm nan. — Jan 15:10; Tra. 1:8.

15. Ki sa k fè n ka di lòd Jezi te bay la aplikab pou tout disip li yo?

15 Pawòl Jezi te di yon ti gwoup moun kapab aplikab pou yon gwo gwoup moun. Pa egzanp, Jezi te fè yon alyans ak sèlman 11 nan disip li yo, men, an reyalite, alyans sa a konsène tout 144 000 moun yo (Lik 22:29, 30; Rev. 5:10; 7:4-8). Menm jan an tou, se sèlman ti gwoup disip li te parèt devan yo apre rezirèksyon l lan li te bay lòd pou preche a (Tra. 10:40-42; 1 Kor. 15:6). Men, tout disip fidèl li yo ki t ap viv nan premye syèk la te konprann lòd sa a konsène yo menmsi yo pa t la pèsonèlman lè Jezi t ap bay li a (Tra. 8:4; 1 Pyè 1:8). Menm jan an tou jodi a, Jezi pa t pale pèsonèlman ak okenn nan uit milyon pwoklamatè ki aktif nan preche mesaj Wayòm nan. Sepandan, yo tout rekonèt yo gen obligasyon pou yo gen lafwa nan Kris e pou yo demontre lafwa sa a lè yo patisipe nan travay bay temwayaj la. — Jak 2:18.

KOUNYE A SE MOMAN POU NOU MONTRE NOU FIDÈL

16-18. Ki fason moun ki gen posiblite pou yo jije yo antanke mouton yo kapab ede frè Kris yo, e poukisa se kounye a pou yo fè sa?

16 Satan ap fè lagè kont rès frè Kris yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l, e li pral atake yo pi plis toujou etandone se “yon tikras tan li rete”. (Rev. 12:9, 12, 17.) Malgre moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap andire yon seri gwo eprèv, yo kontinye pran latèt nan pi gwo travay predikasyon k ap fèt nan listwa limanite. Pa gen dout nan sa, Jezi ansanm avèk yo e l ap gide yo. — Mat. 28:20.

17 Kantite moun ki gen posiblite pou yo jije yo antanke mouton yo pa sispann ogmante e yo konsidere sa kòm yon privilèj pou yo ede frè Kris yo nonsèlman nan travay predikasyon an, men, yo fè sa lòt fason pratik tou. Pa egzanp, yo fè ofrann e yo patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm, Sal asanble ak biwo filyal yo, epi yo obeyi moun “esklav fidèl ki prevwayan an” nome pou pran latèt yo fidèlman. — Mat. 24:45-47; Ebre 13:17.

Moun ki tankou mouton yo ede frè Kris yo plizyè fason. (Gade paragraf 17.)

18 Talè konsa, zanj yo pral lage van destriksyon gwo tribilasyon an. Sa pral fèt apre rès frè Kris yo ki sou tè a fin resevwa dènye so yo a (Rev. 7:1-3). Anvan gè Amagedòn nan eklate moun Bondye chwazi yo ap gentan monte nan syèl (Mat. 13:41-43). Kidonk, kounye a se moman pou moun ki gen espwa yo pral jije yo antanke mouton yo ede frè Kris yo fidèlman.

^ § 6 Pou n jwenn plis detay sou parabòl sa a, gade atik “Comment serons-nous jugés par le Tribunal?” ak atik “Quel avenir pour les brebis et les chèvres?” ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 1995 lan, fransè.