2 Timote 3​:​1-17

  • Tan yo ap difisil pou moun sipòte nan dènye jou yo (1-7)

  • Suiv egzanp Pòl pye pou pye (8-13)

  • “Rete nan sa w te aprann yo” (14-17)

    • Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo (16)

3  Men, met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo+, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. 2  Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme*, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, 3  yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, 4  y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, 5  y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a*+. Moun sa yo, evite yo. 6  Pami yo, gen yon seri mesye ki glise kò yo antre lakay moun, e yo pran tèt fi ki fèb, fi ki chaje ak peche, ki kite yon pakèt dezi mennen yo, 7  ki toujou ap aprann, men ki pa janm ka rive gen yon konesans egzak sou laverite. 8  Menm jan Janès ak Janbrès te opoze ak Moyiz, se menm jan an tou mesye sa yo kontinye ap opoze ak laverite. Lespri yo kòwonpi nèt, e Bondye pa rekonèt yo kòm moun k ap mache selon lafwa. 9  Men, yo pap rive pi lwen, paske foli yo a ap vin klè pou tout moun, menm jan sa te ye pou de mesye sa yo+. 10  Men ou menm, se pye pou pye ou suiv ansèyman m, fason m viv+, objektif mwen, lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen ak andirans mwen. 11  Anplis de sa, ou konnen pèsekisyon mwen te sibi, soufrans mwen te andire, tankou sa k te rive m Antyòch+, Ikónyòm+ ak Lis+ yo. Ou konnen ki kalite pèsekisyon m te andire, men Seyè a te delivre m anba yo tout+. 12  Dayè, tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou+. 13  Men, moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo twonpe tèt yo+. 14  Men ou menm, rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo+, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo 15  e se depi w toupiti+ ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo+, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi+. 16  Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo+, e yo itil pou anseye+, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat*+, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis, 17  dekwa pou moun pa Bondye a vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen pou l fè tout bon travay.

Nòt anba paj

^ Mo grèk apot Pòl itilize la a kapab fè referans ak pawòl moun di ni kont Bondye, ni kont moun.
^ Lit.: “y ap nye fòs li”.
^ Oswa: “pou korije”.