N ap envite w

Memoryal lanmò Jezi

Jedi 2 avril 2026

N ap envite w nan de evènman gratis

Diskou espesyal ki baze sou Bib la:

“Kiyès ki pral repare tè a?”

W ap aprann bèl avni Bondye sere pou lèzòm e pou tè a.

Jwenn yon diskou espesyal

Memoryal lanmò Jezi

Nan evènman enpòtan sa a, Temwen Jewova yo reyini pou yo montre yo sonje lanmò Jezi, jan Jezi te mande sa. — Lik 22:19.

Kesyon moun poze souvan

Ki moun ki ka vini?

N ap kontan akeyi kèlkeswa moun nan. Vin ak fanmi w.

Konbyen tan pwogram nan dire?

Diskou espesyal ki baze sou Bib la dire 30 minit. Apre sa, ap gen yon konvèsasyon ki baze sou Bib la ak moun ki nan oditwa a ki dire inèdtan.

Memoryal la ap dire anviwon inèdtan.

Ki kote toude evènman sa yo ap fèt?

Pou w jwenn kote y ap fèt, klike sou bouton pi wo a ki make “Jwenn yon Memoryal” oswa “Jwenn yon diskou espesyal”.

Si m vini, èske m ap oblije asiste lòt reyinyon oswa etidye Labib ak Temwen Jewova yo?

Non.

Èske y ap fè lakòlèt?

Non. Nou pa janm fè lakòlèt nan reyinyon nou yo. — Matye 10:⁠8.

Èske gen yon fason espesyal pou m abiye?

Non. Men, Temwen Jewova yo fè efò pou yo abiye yon fason ki demontre bonsans ak respè pou okazyon an.

Ki jan Memoryal la ap dewoule?

Ni nan kòmansman ni nan fen reyinyon an n ap chante yon kantik e gen yon Temwen Jewova k ap fè yon priyè. Pwogram nan gen ladan l yon diskou k ap montre enpòtans lanmò Jezi genyen ak fason nou ka jwenn byenfè nan sa Bondye ak Kris te fè pou nou an.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Poukisa fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a pa menm ak fason lòt relijyon fè l?

Ki pwochen fwa ap gen Memoryal?

2026: Jedi 2 avril

2027: Lendi 22 mas

2028: Dimanch 9 avril

Pou w aprann plis, gade videyo ki apre yo.

Sonje lanmò Jezi

Gade ki jan yo fè Memoryal la, e gade yon apèsi sou bèl avni lanmò Jezi fè l posib pou nou jwenn.

Poukisa Jezi te mouri?

Petèt ou tande yo di Jezi te mouri pou peche nou. Men, ki jan lanmò yon sèl moun ka fè plizyè milyon moun jwenn byenfè?

Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm?

Gade ki sa yo fè anndan yon Sal Wayòm.

Telechaje envitasyon sa a sou diferan fòma.