‘Sa dwe yon memoryal pou nou’
“Jou sa a dwe sèvi kòm memoryal pou nou, e se pou nou selebre l kòm yon fèt pou Jewova.” — EGZ. 12:14, NW.
1, 2. Ki fèt ki dwe enterese tout kretyen yo, e poukisa?
LÈ W AP panse ak anivèsè, ki sa k vin byen vit nan lespri w? Yon moun ki marye ta gendwa di: “Anivèsè maryaj mwen.” Pou kèk lòt moun, se gendwa dat yo fete yon evènman istorik enpòtan, tankou dat peyi yo te pran endepandans. Men, èske w konnen gen yon fèt nasyonal yo te fete pandan plis pase 3 500 an?
2 Evènman sa a se fèt Pak la. Yo te fete fèt sa a nan moman pèp Izrayèl tan lontan an t ap delivre anba esklavaj nan peyi Ejip. Evènman sa a dwe gen anpil enpòtans pou ou. Pou ki rezon? Se paske l gen rapò ak kèk aspè enpòtan nan lavi w. Sepandan, ou ta gendwa ap reflechi konsa: ‘Men, fèt sa a se yon fèt juif, e mwen menm mwen pa Juif. Poukisa m dwe enterese nan fèt sa a?’ N ap jwenn repons lan nan deklarasyon enpòtan sa a ki di: “Yo te sakrifye Kris, Timouton fèt Pak nou an.” (1 Kor. 5:7). Pou n konprann enpòtans verite sa a genyen, nou bezwen konn kèk enfòmasyon konsènan fèt Pak Juif la, e nou bezwen egzamine l ann amoni ak yon kòmandman yo bay tout kretyen yo.
POU KI REZON YO TE KONN SELEBRE FÈT PAK LA?
3, 4. Ki evènman ki te mennen nan premye fèt Pak la?
3 Gen plizyè santèn milyon moun sou tè a ki pa Juif, ki konn kèk bagay konsènan evènman ki te mennen Juif yo selebre sa nou ka rele premye fèt Pak la. Moun sa yo gendwa te li evènman sa yo nan Bib la nan liv Egzòd la. Gendwa tou se lòt moun yo te tande k ap rakonte istwa sa a, oswa yo gendwa te wè yon fim ki pale sou evènman sa a.
4 Pandan Izrayelit yo te gen anpil ane ann esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te voye Moyiz ansanm ak Arawon, frè l la, al kot Farawon pou yo mande l pou l libere pèp Jewova a. Piske dirijan ejipsyen sa a ki te ògeye pa t vle kite Izrayelit yo ale, Jewova te frape peyi a ak yon seri flewo ki te fè anpil ravaj. Finalman, Bondye te voye yon dizyèm flewo ki te touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo, e sa te fè Farawon libere pèp la. — Egz. 1:11; 3:9, 10; 5:1, 2; 11:1, 5.
5. Ki preparasyon Izrayelit yo te dwe fè anvan yo te jwenn libète yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
5 Men, ki sa Izrayelit yo te dwe fè anvan yo te jwenn libète yo? Evènman sa a te pase pandan peryòd ekinòks prentan an, nan ane 1513 anvan epòk nou an, nan mwa ebre Abib, yon mwa yo te rele Nizan annapre *. Bondye te fè Izrayelit yo konnen, nan dizyèm jou mwa sa a yo te dwe kòmanse prepare yo pou yo fè kèk bagay byen presi nan jou ki t ap 14 Nizan an. Jou sa a te kòmanse apre solèy la fin kouche paske Ebre yo te konn konte jou yo soti nan yon solèy kouche pou rive nan yon lòt solèy kouche. Jou 14 Nizan an, chak chèf fanmi te dwe touye yon mouton mal (oswa yon kabrit) epi yo te dwe pase enpe san mouton an sou chanbrann ak lento pòt kay yo (Egz. 12:3-7, 22, 23). Fanmi an te dwe prepare yon repa ki te gen mouton boukannen ansanm ak pen san ledven epi kèk fèy anmè ladan l. Zanj Bondye a t ap pase sou peyi a epi l t ap touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo. Sepandan, Izrayelit ki te obeyi yo t ap jwenn pwoteksyon, e annapre yo t ap ka jwenn libète yo. — Egz. 12:8-13, 29-32.
6. Ki jan pèp Bondye nan tan lontan an te dwe konsidere fèt Pak la?
6 Se sa k te rive vre! Pou rezon sa a, Izrayelit yo te dwe sonje jou yo te jwenn libète yo a diran tout ane ki t ap vini yo. Men sa Bondye te di yo: “Jou sa a dwe sèvi kòm memoryal pou nou, e se pou nou selebre l kòm yon fèt pou Jewova, yon jenerasyon apre yon lòt jenerasyon. Se pou nou fete l kòm yon dekrè lwa pou tout tan gen tan.” Apre fèt 14 Nizan an, yo te dwe selebre yon lòt fèt ki te dwe dire sèt jou. Anfèt, jou 14 Nizan an se te jou fèt Pak la, men, toule uit jou fèt yo te kapab pote non fèt Pak tou (Egz. 12:14-17, NW; Lik 22:1; Jan 18:28; 19:14). Fèt Pak la se te youn nan fèt (oswa, “anivèsè”, dapre The Bible in Living English) Ebre yo te dwe selebre chak ane. — 2 Kwo. 8:13.
7. Ki fèt Jezi te vin avè l pandan dènye fèt Pak la?
7 Menm jan ak tout Juif ki te obeyi Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, Jezi ansanm ak apot li yo te konn selebre fèt Pak la chak ane tou (Mat. 26:17-19). Dènye fwa Jezi ak apot li yo te selebre fèt sa a, Jezi te vin ak yon nouvo fèt disip li yo t ap gen pou yo fete chak ane, anpalan de Soupe Seyè a. Men, ki jou yo te dwe selebre l?
KI JOU YO DWE SELEBRE SOUPE SEYÈ A?
8. Ki kesyon nou ka poze anrapò ak fèt Pak la ansanm ak Soupe Seyè a?
8 Piske Jezi te vin ak Soupe Seyè a tousuit apre dènye fèt Pak la, nouvo evènman sa a ta dwe tonbe menm jou ak fèt Pak la. Sepandan, nou kapab remake dat moun yo selebre fèt Pak Juif la dapre kèk kalandriye modèn kapab pa tonbe egzakteman menm jou ak dat nou konn komemore lanmò Kris la. Ki sa k fè gen diferans sa a? Youn nan repons yo gen rapò ak kòmandman Bondye te bay Izrayelit yo. Apre Moyiz te fin di “tout moun Izrayèl yo va touye” ti mouton an, li te presize ki lè yo te dwe fè sa nan jou ki te 14 Nizan an. — Li Egzòd 12:5, 6.
9. Dapre Egzòd 12:6, ki lè yo te dwe touye ti mouton an? (Gade kare ki gen tit: “Ki moman nan jounen an?”)
9 Selon liv ki rele Pentatek la ak pwofèt yo (anglè), nan Egzòd 12:6, yo fè konnen yo te dwe touye ti mouton an “ant de sware yo”. Gen kèk tradiksyon Labib ki itilize egzakteman menm ekspresyon sa a. Gen lòt, san wete Tanakh juif la (anglè), ki tradui l “anvan l fin fènwa nèt”. Gen lòt ankò ki tradui l “lè l prèske fènwa”, “pandan l pral fènwa”, oswa “nan moman solèy la ap kouche”. Kidonk, yo te dwe touye ti mouton an apre solèy la fin kouche, men pandan l te toujou fè klè, nan kòmansman jou 14 Nizan an.
10. Dapre kèk moun, ki lè yo te konn touye ti mouton an, men ki kesyon sa soulve?
10 Rive yon lè, gen kèk Juif ki te panse sa t ap pran plizyè èdtan pou yo te touye tout ti mouton yo te mennen nan tanp lan. Konsa, yo te konprann Egzòd 12:6 te fè referans ak fen jounen 14 Nizan an, sa vle di, ant moman kote solèy la kòmanse kouche a (aprèmidi) ak fen jounen an, lè solèy la fin kouche. Men, si se sa vèsè a vle di, ki lè yo t ap manje manje Pak la? Men sa pwofesè Jonathan Klawans, yon espesyalis nan Jidayis tan lontan an, te fè konnen: “Yon nouvo jou te kòmanse lè solèy la kouche, kidonk yo te fè sakrifis la nan 14yèm jou a, men, an jeneral, kòmansman fèt Pak la ansanm ak repa a te konn fèt nan 15yèm jou a, byenke yo pa presize dat sa yo nan liv Egzòd la.” Men sa l te kontinye ekri: “Literati raben yo [...] pa menm fè nou konnen ki fason yo te konn selebre Seder la [manje Pak la] anvan destriksyon tanp lan” nan ane 70 epòk nou an. — Se nou ki mete mo yo ann italik.
11. a) Ki sa k te rive Jezi nan jou fèt Pak ane 33 epòk nou an? b) Poukisa yo rele jou 15 Nizan ane 33 epòk nou an “yon gran” saba? (Gade nòt anba paj la.)
11 Kounye a, nou gen rezon pou n chèche konnen: Ki jou yo te selebre fèt Pak la nan ane 33 epòk nou an? Anfèt, nan jou 13 Nizan an, toutpandan jou a t ap pwoche pou yo “touye bèt y ap bay kòm sakrifis pou fèt Pak la”, men sa Kris te di Pyè ak Jan: “Al prepare manje Pak la pou nou pou n manje.” (Lik 22:7, 8). Nan moman “lè a [te] rive” pou yo manje manje Pak la apre solèy la fin kouche nan jou 14 Nizan an, li te gentan jedi swa. Jezi te manje manje sa a ansanm ak apot li yo, epi apre sa, li te etabli Soupe Seyè a (Lik 22:14, 15). Nan menm nuit lan, yo te arete l epi yo te jije l. Yo te kloure Jezi sou yon poto ozanviwon midi nan jou 14 Nizan an, epi l te mouri nan menm aprèmidi a (Jan 19:14). Kidonk, “yo te sakrifye Kris, Timouton fèt Pak nou an” nan menm jou yo te touye ti mouton Pak la (1 Kor. 5:7; 11:23; Mat. 26:2). Yo te antere Jezi nan fen jounen juif sa a, sètadi anvan jou 15 Nizan an *. — Lev. 23:5-7; Lik 23:54.
YON MEMORYAL KI VLE DI ANPIL BAGAY POU NOU
12, 13. Ki fason pitit Izrayelit yo te enplike nan selebrasyon fèt Pak la?
12 Ann fè yon ti retounen nan sa k te pase ann Ejip la. Moyiz te fè konnen pèp Bondye a t ap gen pou l selebre fèt Pak la alavni, e sa ta dwe vin yon lwa “pou tout tan”. Chak ane, pandan yo t ap selebre fèt sa a, timoun yo t ap gen pou yo poze paran yo kesyon konsènan siyifikasyon evènman sa a. (Li Egzòd 12:24-27; Det. 6:20-23.) Kidonk, fèt Pak la t ap tounen yon “memoryal” menm pou timoun yo tou. — Egz. 12:14, NW.
13 Toutpandan nouvo jenerasyon yo t ap grandi, papa yo t ap aprann timoun yo yon seri leson enpòtan. Youn nan leson enpòtan sa yo se: Jewova kapab pwoteje adoratè l yo. Timoun yo te aprann Jewova pa yon dye konsa konsa, oswa yon dye moun pa ka konprann. Jewova se yon Dye ki reyèl, ki vivan, ki enterese ak pèp li a e ki aji an favè yo. Li te montre sa lè l te pwoteje premye pitit gason Izrayelit yo pandan l t ap “frape Ejipsyen yo”. Li te kenbe premye pitit Izrayelit yo an vi.
14. Ki bagay paran kretyen yo ka anseye pitit yo grasa istwa fèt Pak la?
14 Paran kretyen yo pa rakonte pitit gason yo ak pitit fi yo siyifikasyon fèt Pak sa a genyen chak ane. Sepandan, èske n anseye pitit nou yo menm leson an, sètadi Bondye kapab pwoteje pèp li a? Èske n ede yo vin gen bonjan konviksyon Jewova toujou rete yon vrè Pwotektè pou pèp li a (Sòm 27:11; Iza. 12:2)? Èske n fè sa tankou yon diskou byen frèt n ap fè pou pitit nou, oswa tankou yon bèl ti konvèsasyon nou gen ansanm ak yo? Fè efò pou n transmèt yo leson sa a yon fason pou n ankouraje fanmi nou fè pwogrè nan domèn espirityèl.
15, 16. Nou kapab sèvi ak fèt Pak la ansanm ak istwa ki rapòte nan liv Egzòd la pou n met aksan sou ki bagay konsènan Jewova?
15 Se pa sèlman kapasite Jewova genyen pou l pwoteje pèp li a nou aprann kòm leson nan istwa fèt Pak la. Men, nou aprann li te delivre yo tou lè l te fè yo “soti kite peyi Lejip”. Fè yon ti reflechi sou sa sa te mande. Li te gide yo pa mwayen yon kolòn nyaj ak yon kolòn dife. Yo te mache nan mitan lanmè Wouj toutpandan dlo lanmè a te fòme de miray, youn sou bòt dwat, youn sou bò goch. Yonfwa yo te fin travèse an sekirite, yo te wè lame ejipsyen an ki t ap neye nan dlo a. Pou rezon sa a, Izrayelit sa yo ki te jwenn delivrans yo te kapab chante konsa: “M’ap chante pou Senyè a [...]. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè. Senyè a, se tout fòs mwen. [...] Se li menm ki delivre m.” — Egz. 13:14, 21, 22; 15:1, 2; Sòm 136:11-15.
16 Si w gen pitit, èske w ap ede yo wè Jewova antanke yon Sovè? Èske nan konvèsasyon w ak nan desizyon w ap pran, yo wè w konsidere Jewova konsa tou? Se sèten, ou kapab met istwa nou li nan Egzòd chapit 12-15 lan nan pwogram adorasyon an fanmi an epi ou kapab met aksan sou fason Jewova te delivre pèp li a. Nan lòt okazyon ankò, ou kapab pale sou pwen sa a pandan w ap egzamine Travay 7:30-36 oswa Dànyèl 3:16-18, 26-28. Vrèmanvre, ni moun ki jèn ni moun ki aje dwe gen konfyans se pa t sèlman nan tan lontan Jewova te yon Sovè. Menm jan li te delivre pèp li a nan epòk Moyiz la, li pral delivre nou tou alavni. — Li 1 Tesalonisyen 1:9, 10.
YON EVÈNMAN NOU DWE SONJE
17, 18. Lè n reflechi sou fason yo te sèvi ak san nan premye fèt Pak la, ki sa sa dwe fè n sonje?
17 Vrè kretyen yo pa komemore fèt Pak Juif la. Anivèsè sa a fè pati Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, e nou pa anba Lwa sa a (Wom. 10:4; Kol. 2:13-16). Olye de sa, nou ancheri yon lòt evènman, anpalan de lanmò Pitit Gason Bondye a. Sepandan, gen kèk aspè nan selebrasyon fèt Pak ki te fèt ann Ejip la ki gen anpil siyifikasyon pou nou.
18 San ti mouton Izrayelit yo te pase sou chanbrann ak lento pòt yo a te pèmèt yo sove lavi yo. Jodi a, nou pa ofri Bondye sakrifis bèt, kit se nan dat fèt Pak la, kit se nan yon lòt lè ankò. Men, gen yon sakrifis ki pi bon toujou ki kapab sove lavi moun pou toutan. Apot Pòl te pale de “kongregasyon premye pitit Bondye yo ki enskri nan syèl la”. Se grasa san Jezi kretyen sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la jwenn lavi, yon ‘san yo wouze yo avè l’. (Ebre 12:23, 24.) Kretyen ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a depann de menm san sa a tou pou yo ka sove. Yo dwe sonje regilyèman pawòl sa yo ki ba yo asirans ki di: “Piske Pitit li a te peye ranson an, nou jwenn liberasyon nou grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo, selon richès favè san parèy Bondye a.” — Efe. 1:7.
19. Ki jan fason yo te trete Timouton Pak la fè n vin gen plis konfyans nan pwofesi yo?
19 Lè yo te touye ti mouton an kòm manje pou fèt Pak la, Izrayelit yo pa t dwe kraze okenn nan zo yo (Egz. 12:46; Nonb 9:11, 12). Ki sa n ka di konsènan “Timouton Bondye a” ki te vin bay ranson an (Jan 1:29)? Yo te kloure l sou yon poto nan mitan de kriminèl. Juif yo te mande Pilat pou l fè kraze zo mesye yo te kloure sou poto yo. Sa t ap fè mesye yo mouri pi vit yon fason pou 15 Nizan, yon jou ki te yon gran saba, pa t pran yo sou poto a. Sòlda yo te kase janm de kriminèl yo, “men, lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kase janm li”. (Jan 19:31-34.) Sa k te rive a te koresponn ak sa yo te konn fè ak ti mouton Pak la. Nan sans sa a, ti mouton an te “lonbray” sa k t apral rive nan jou 14 Nizan ane 33 epòk nou an (Ebre 10:1). Mete sou sa, fason evènman yo te pase a te reyalize pawòl nou jwenn nan Sòm 34:20 an, e sa ta dwe fè n vin gen plis konfyans nan pwofesi yo.
20. Ki gwo diferans ki genyen ant fèt Pak la ak Soupe Seyè a?
20 Sepandan, gen kèk diferans ant fèt Pak la ak Soupe Seyè a. Diferans sa yo montre n fèt Pak Juif yo te dwe selebre a pa t anonse sa Jezi te di disip li yo fè pou yo montre yo sonje l la. Ann Ejip, Izrayelit yo te manje vyann ti mouton an, men, yo pa t bwè san l. Sa diferan ak enstriksyon Jezi te bay disip li yo pou yo suiv yo. Li te di moun ki pral dirije antanke wa “nan wayòm Bondye a” dwe manje nan pen an e yo dwe bwè nan diven an ki reprezante chè li ak san li. Nou pral egzamine sa plis toujou nan atik ki vin apre a. — Mak 14:22-25.
21. Poukisa l enpòtan pou n gen konesans sou fèt Pak la?
21 Kidonk, pa gen okenn dout fèt Pak la te yon evènman ki gen anpil enpòtans nan fason Bondye te boule ak pèp Izrayèl la, e nou chak ka jwenn bonjan leson ladan l. Se vre, fèt Pak la te ‘dwe yon memoryal’ pou Juif yo, li pa t pou kretyen yo, men, antanke kretyen nou dwe chèche gen konesans sou li. Kidonk, annou pran leson nou aprann nan fèt sa a trèzoserye piske yo fè pati ‘Ekriti Bondye enspire yo’. — 2 Tim. 3:16.
^ § 5 Byenke se apre Izrayelit yo te sot ann egzil yo te rele mwa ebre sa a Nizan, pou pi senp n ap sèvi ak non Nizan an lè n ap fè referans ak premye mwa ki nan kalandriye Juif yo.
^ § 11 Jou 15 Nizan an te kòmanse lè solèy la fin kouche, sa vle di, nan jou saba (samdi) nòmal Juif yo te konn obsève chak semèn nan, e nan ane sa a, li te tonbe menm jou ak premye jou fèt Gato san ledven an, yon jou ki te toujou yon jou saba. Piske de saba sa yo te tonbe menm jou, yo te rele jou sa a “yon gran” saba. — Li Jan 19:31, 42.