Èske Bib la gen kontradiksyon ladan l?
Repons Bib la bay
Non, gen amoni nan tout Bib la nèt. Byenke gen kèk pasaj ki ka bay enpresyon Labib gen kontradiksyon ladan l, an jeneral, moun ka konprann yo byen lè yo suiv youn oswa plizyè nan prensip ki vin apre yo:
Egzamine kontèks la. Si w pran pawòl nenpòt ekriven san w pa egzamine kontèks pawòl yo, ou ka wè sanble gen kontradiksyon ladan yo.
Egzamine fason ekriven an te wè bagay yo. Plizyè moun ki te wè yon evènman ka rakonte l yon fason ki egzak, men yo ka pa esplike l menm jan e yo ka pa bay menm detay.
Konsidere enfòmasyon listwa bay ak koutim ki te genyen.
Fè diferans ant lè yo itilize yon mo yon fason senbolik ak lè yo itilize l yon fason literal.
Konnen yo ka di yon moun te fè yon aksyon, alòske se pa li menm dirèkteman ki te fè l a.
Itilize yon tradiksyon Labib ki egzak.
Pa chèche fè sa Bib la di kore ide oswa ansèyman ki pa bon ki gen nan relijyon.
Egzanp ki vin apre yo pral ede n wè ki jan prensip sa yo ka pèmèt nou konprann kèk bagay nan Bib la ki konn sanble kontradiksyon.
Prensip 1: Kontèks
Si Bondye te pran repo setyèm jou a, ki jan l fè kontinye ap travay? Nan istwa nan liv Jenèz la, yo pale de kreyasyon an, e nan kontèks la, yo di Bondye “te kòmanse pran repo setyèm jou a nan tout travay li t ap fè a”, sa fè referans ak kreye li t ap kreye bagay fizik ki gen rapò ak tè a (Jenèz 2:2-4). Men, lè Jezi te di Bondye “kontinye travay jis kounye a”, li pa t di yon pawòl ki an kontradiksyon ak pawòl sa yo, paske li t ap pale de lòt kalite travay Bondye ap fè (Jan 5:17). Pami travay Bondye fè yo, li enspire Bib la, li bay lèzòm direksyon e li pran swen yo. — Sòm 20:6; 105:5; 2 Pyè 1:21.
Prensip 2 ak prensip 3: Fason yon ekriven wè bagay yo ak sa listwa di
Ki kote Jezi te geri mesye ki te avèg la? Nan liv Lik la, yo di Jezi te geri yon mesye ki te avèg pandan Jezi “t ap pwoche toupre Jeriko”, alòske nan istwa ki nan liv Matye a, yo pale konsènan de mesye ki te avèg e yo di sa te pase pandan Jezi “t ap kite Jeriko”. (Lik 18:35-43; Matye 20:29-34.) De istwa sa yo se de moun ki te wè bagay yo yon fason ki diferan ki te ekri yo, men youn bay enfòmasyon nou pa jwenn nan lòt la. Matye bay plis presizyon sou kantite moun nan, li fè konnen te gen de moun, alòske Lik rete sou mesye Jezi te pale avè l la. Kanta kote istwa a te pase a, akeyològ yo dekouvri nan epòk Jezi a te gen de vil Jeriko. Vil juif la ki la pi lontan an ki te nan distans yon kilomèt edmi parapò ak vil women an ki te gen mwens tan depi yo konstwi l. Jezi te ka ant de vil sa yo lè l t ap fè mirak sa a.
Prensip 4: Mo yo itilize yon fason senbolik ak yon fason literal
Èske yo pral detwi tè a? Nan Eklezyas 1:4, Bib la di “tè a ret la pou toutan”. Pou kèk moun, sa sanble an kontradiksyon ak deklarasyon ki fè konprann “latè ansanm ak tout travay ki te fèt ladan l ap konsonmen”. (2 Pyè 3:10, Bib Kreyòl La.) Sepandan, nan Bib la, yo konn itilize mo “tè” a yon fason literal, lè sa a li vle di planèt nou an, e yo konn itilize l yon fason senbolik tou, lè sa a li vle di moun k ap viv sou tè a (Jenèz 1:1; 11:1 [Segond]). Lè y ap pale de “latè” ki pral detwi nan 2 Pyè 3:10, yo pap pale de planèt nou an kòmkwa li pral boule, men pito y ap pale de “destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo”. — 2 Pyè 3:7.
Prensip 5: Se gendwa pa yon moun dirèkteman ki te fè aksyon an
Nan Kapènawòm, kiyès ki t al fè Jezi konnen demann ofisye lame women ki t ap kòmande 100 sòlda a? Matye 8:5, 6 di ofisye lame women ki t ap kòmande 100 sòlda a (santiryon) te vin kote Jezi, alòske Lik 7:3 di ofisye a te voye kèk ansyen ki te Juif al fè demann nan. Enfòmasyon sa a sanble yon kontradiksyon nan Bib la, men nou ka konprann se ofisye a ki te fè demann nan, men li te voye ansyen yo kòm reprezantan l.
Prensip 6: Tradiksyon Labib ki egzak
Èske nou tout peche? Bib la anseye nou tout eritye peche ki sot nan Adan, premye gason an (Women 5:12). Gen kèk tradiksyon ki sanble mete yon kontradiksyon nan Bib la lè yo fè konnen yon bon moun “pa peche” oubyen “pa fè peche”. (1 Jan 3:6, Labib ann anglè de baz [anglè]; Labib wa Jak [anglè].) Nan lang orijinal la, vèb grèk lè yo tradui l yo mete “peche” pou li nan 1 Jan 3:6 la o prezan, e an jeneral nan lang sa a, sa montre se yon aksyon ki kontinye fèt. Gen yon diferans ant peche nou eritye a, peche nou pa ka evite a, ak peche lè n chwazi kontinye dezobeyi lwa Bondye yo. Se sa k fè, gen kèk tradiksyon Labib ki fè pwen sa a ki sanble yon kontradiksyon an parèt klè lè yo tradui ekspresyon sa yo yon fason egzak, yo fè konnen yon bon moun “pa pratike peche” oubyen “sispann viv nan peche”. — Tradiksyon monn nouvo a; Bib la.
Prensip 7: Suiv Labib, pa suiv ansèyman yon relijyon
Èske Jezi egal ak Bondye oswa li gen mwens pouvwa pase Bondye? Men sa Jezi te di yon lè: “Mwen menm ak Papa a, nou se youn.” Pawòl sa yo sanble an kontradiksyon ak lòt pawòl li te di. Li te di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” (Jan 10:30; 14:28). Pou n ka byen konprann vèsè sa yo, nou bezwen egzamine sa Bib la di sou Jewova ak Jezi toutbonvre olye nou chèche fè vèsè sa yo kore doktrin Trinite a, ki pa chita sou Bib la. Labib montre Jewova pa sèlman Papa Jezi, men tou li se Bondye Jezi, se li menm Jezi adore (Matye 4:10; Mak 15:34; Jan 17:3; 20:17; 2 Korentyen 1:3). Jezi pa egal ak Bondye.
Kontèks pawòl Jezi te di lè l te di “mwen menm ak Papa a, nou se youn” nan montre li t ap fè moun yo konnen li gen menm objektif ak Papa l, Jewova Dye. Men sa Jezi te di annapre: “Papa a ann inyon avè m e mwen ann inyon ak Papa a.” (Jan 10:38). Jezi te montre disip li yo tou gen menm objektif avè l ak Papa l, paske li te priye Bondye pou yo konsa: “Mwen ba yo glwa ou te ban mwen an, dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn. Mwen ann inyon avèk yo e ou ann inyon avèk mwen.” — Jan 17:22, 23.
a Pa egzanp, nan yon ansiklopedi sou Entènèt (Brockhaus Enzyklopädie online), nan yon atik sou piramid, yo pale de “wa Keyòps kòm moun ki te konstwi pi gwo piramid la”. Epoutan, se pa li menm dirèkteman ki te konstwi l, paske atik la di te gen “anviwon 20 000 moun yo te itilize kòm travayè” nan konstriksyon sa a.