Al gade sa k anndan l

16 MAS 2021
GINE EKWATORYAL

Gwo eksplozyon lakòz gwo dega ak lapenn nan Gine ekwatoryal

Gwo eksplozyon lakòz gwo dega ak lapenn nan Gine ekwatoryal

Zòn li frape

Zòn Mondong Nkwantoma nan vil Bata, Gine ekwatoryal

Katastwòf

  • Nan dat 7 mas 2021 an, plizyè eksplozyon fèt nan yon kan militè nan pi gwo vil nan Gine ekwatoryal la. Eksplozyon yo lakòz anpil dega.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 12 pwoklamatè sibi domaj ki pa grav.

  • 42 pwoklamatè te oblije deplase kite kay yo.

  • Yon ti pitit fi ki gen nevan, ki se pitit yon sè, nan yon ka kritik.

  • Kèk pwoklamatè gen fanmi yo ki pa Temwen ki mouri.

Dega

  • 23 kay sibi ti domaj.

  • 6 kay sibi gwo domaj.

  • 6 kay kraze.

Dispozisyon pou pote èd

  • Yo te mete yon komite sekou sou pye pou kowòdone travay sekou a e l ap travay ak siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen nan zòn nan pou evalye dega yo epi chèche konnen sa frè ak sè yo bezwen.

  • Siveyan sikonskripsyon yo ansanm ak ansyen yo ap travay tou pou yo bay pwoklamatè yo èd nan domèn espirityèl.

  • Toutpandan y ap bay èd sa yo, yo kontinye suiv tout prekosyon yo dwe pran anrapò ak COVID-19 la.

N ap priye pou frè ak sè katastwòf sa a frape kontinye pran refij nan Jewova. — Sòm 46:1.

Gwo eksplozyon lakòz gwo dega ak lapenn nan Gine ekwatoryal16 MAS 20212021-03-16