Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Mwen fè sèvis m ap bay Jewova a vin karyè m

Mwen fè sèvis m ap bay Jewova a vin karyè m

Apre m te fin gradye nan lekòl segondè an janvye 1937, mwen te antre nan inivèsite leta ki nan Ayowa, toupre kote m te abite a, nan sant pati wès Etazini. Lefètke m te konn al lekòl e anmenmtan m t ap travay pou m te ka peye lekòl la, sa te fè m prèske pa gen tan pou okenn lòt bagay. Depi m te jèn gason, tout pasyon m se te etidye fason yo fè bilding ki wo ak pon sispandi.

Nan kòmansman ane 1942, yon ti tan apre Etazini te antre nan Dezyèm Gè mondyal la, mwen te nan senkyèm ane nan inivèsite a e m te rete kèk mwa sèlman pou m te resevwa lisans mwen antanke enjenyè achitèk. Mwen te gen de konpayon chanm. Gen youn ladan yo ki te ban m konsèy pou m al pale ak moun ki konn “vizite mesye ki rete pa anba nan kay la”. Lè m te ale, m te rankontre ak yon mesye ki rele John O. (Johnny) Brehmer. Li se Temwen Jewova. M te sezi wè jan li te itilize Bib la pou l reponn prèske tout kesyon yo poze l. San pèdi tan, John te kòmanse etidye Labib avè m regilyèman e finalman mwen te akonpaye l lè l t apral preche nenpòt kote m te ka ale.

Otto, papa Johnny, te vin Temwen pandan l te prezidan yon bank ki nan vil Walnut, nan Ayowa. Otto te demisyone nan travay la pou l te ka antre nan sèvis aplentan. Avèk letan, bèl egzanp li menm ak fanmi l te bay te ankouraje m pou m te pran yon desizyon enpòtan nan lavi m.

MOMAN POU M PRAN YON DESIZYON

Yon jou, dwayen inivèsite a te fè m konnen nòt mwen yo te twò ba e yo pap ka ban m diplòm nan sou baz bon nòt mwen te gen anvan yo. Mwen sonje m te priye Jewova anpil pou m te mande l direksyon. Yon ti tan apre, yo te mande m pou m al kote pwofesè ki te konn anseye m jeni an. Li di m gen yon kote ki te voye yon telegram ba li pou yo mande l yon enjenyè e li te pran libète pou l reponn yo, li te di yo wi m ap aksepte djòb la. M te remèsye pwofesè a pou sa, men m te esplike l kounye a m pran detèminasyon pou m fè sèvis m ap bay Jewova a vin karyè m. Mwen te batize 17 jen 1942, e prèske imedyatman apre, yo te nome m pyonye, se konsa yo rele kèk sèvitè aplentan nan òganizasyon Temwen Jewova yo.

Kèk mwa apre, toujou nan ane 1942, otorite nan peyi a te mande m pou m vin fè sèvis militè. Mwen t ale nan biwo kote yo fè enskripsyon pou sòlda yo pou m te esplike yo rezon ki fè konsyans mwen pa pèmèt mwen patisipe nan lagè. Mwen te ba yo yon sètifika pwofesè nan inivèsite a te ban mwen, kote yo te esplike bon konduit mwen genyen ansanm ak kokenn kapasite m genyen antanke enjenyè achitèk. Sepandan, malgre bon temwayaj sa yo, finalman yo te fè m peye yon amann 10 000 dola ameriken e yo te kondane m pou m pase senk an nan penitansye ki nan vil Leavenworth, nan Kannzas.

LAVI M NAN PRIZON AN

Penitansye ki nan Leavenworth Ozetazini jodi a. Te gen plis pase 230 Temwen nan prizon sa a.

Gen plis pase 230 jèn Temwen yo te kondane e kòm santans yo te voye yo travay nan yon fèm ki nan Leavenworth, se yon pati nan prizon federal ki nan  zòn sa a. Se nan fèm sa a yo te voye m travay anba sipèvizyon plizyè gad. Gen kèk nan gad yo ki te konnen antanke kretyen nou net nan zafè lagè e yo te respekte pwennvi nou sou kesyon an.

Gen kèk gad ki te konn kowopere avèk nou nan efò nou t ap fè pou nou kontinye fè reyinyon ki baze sou Bib la. Anplis de sa, yo te konn ede nou jwenn piblikasyon biblik. Chèf prizon an te menm gen abònman peryodik Konsolasyon (peryodik yo rele Réveillez-vous! jodi a).

LÈ M LAGE, M VIN NAN SÈVIS MISYONÈ

Apre m te fin pase twa ane nan senk ane m te dwe pase nan prizon an, kèk mwa apre Dezyèm Gè mondyal la te fini, yo te lage m 16 fevriye 1946. Imedyatman apre, m te antre nan sèvis aplentan ankò, mwen te sèvi kòm pyonye. Yo te asiyen m nan vil Leavenworth ankò. Mwen te pè anpil paske moun nan vil sa a te gen anpil prejije kont Temwen Jewova. Li te difisil pou m jwenn yon travay pou m ka swen tèt mwen e li te pi difisil toujou pou m jwenn yon kay pou m rete.

Mwen sonje yon lè m te rankontre yon gad ki te rele sou mwen, li te di “mete w deyò lakay mwen!” Lè m te wè baton bezbòl ki te nan men l lan, gòj mwen te vin sere e m te prese ale. Nan yon lòt kay, te gen yon dam ki di m “tann yon ti moman” epi li fèmen pòt la. Mwen t ap tann li, epi sanzatann mwen tande li ouvè fenèt ki aletaj la epi li vide yon pakèt dlo sal sou mwen, dlo li te fin lave asyèt. Malgre sa, mwen te jwenn benediksyon nan travay predikasyon an. Kèk tan apre m te aprann kèk moun nan zòn nan ki te konn aksepte piblikasyon nan men m te vin Temwen.

An 1943, yo te ouvri yon nouvo lekòl pou misyonè nan pati nò nan eta Nouyòk. Yo te envite m nan dizyèm klas la. Mwen te diplome 8 fevriye 1948. Yo te vin rele lekòl la Lekòl Gileyad. Apre m te fin diplome, yo te voye m sèvi nan peyi Kotdelò, kote yo rele Gana jodi a.

Lè m te rive nan peyi sa a, misyon pa m se te preche ofisyèl nan gouvènman an ak moun ki soti ann Ewòp yo. Lè wikenn, m te konn preche ak yon kongregasyon Temwen Jewova nan zòn nan e m te konn ede moun ki nan kongregasyon sa a nan predikasyon kay an kay. Anplis de sa, m te konn al vizite Temwen ki nan zòn izole yo pou m te ka fòme yo nan travay predikasyon an. Mete sou sa, m te konn sèvi antanke siveyan itineran Kotdivwa, yon peyi vwazen.

Pandan m t ap sèvi nan zòn sa yo, m te aprann viv menm jan ak Afriken natif natal yo. M te konn dòmi anba ti kay pay ki masonnen, m te konn manje ak men m, m te konn akoupi “deyò” pou m twalèt jan Izrayelit yo te konn fè nan dezè a  (Detewonòm 23:12-14). Lefètke mwen menm ak lòt misyonè yo te konn aji konsa, sa te fè nou vin gen yon bèl repitasyon nan zòn nan. Gen madanm kèk ofisyèl ki te kòmanse etidye Labib avèk nou. Konsa, lè yon seri opozan t ap ban nou pwoblèm e yo te jwenn otorizasyon pou yo fè anile viza nou, madanm ofisyèl sa yo te bay mari yo presyon, konsa yo te anile desizyon an.

Menm jan ak anpil misyonè ann Afrik, finalman m te pran malarya. M te fè refwadisman e m te gen gwo lafyèv ki te konn fè m depale. Pafwa, m te menm konn kenbe machwè m pou l ka sispann tranble. Men m te toujou gen lajwa ak satisfaksyon nan sèvis mwen.

Pandan kat premye ane m te pase ann Afrik la, mwen te konn ekri yon sè ki rele Eva Hallquist. Mwen te rankontre l lè m t ap viv Ozetazini. Mwen te aprann li t ap gen pou l diplome nan 21yèm klas Lekòl Gileyad 19 jiyè 1953, nan kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo t apral fè nan Yankee Stadium, nan Nouyòk. Mwen te fè aranjman ak yon kapitèn bato pou m travay nan bato a pou li, konsa m pa t ap bezwen peye pou m al Etazini.

Apre 22 jou sou lanmè, dèfwa lanmè a te move, m te rive Etazini. M te fè aranjman pou m rankontre Eva nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin. Pandan nou te sou do kay la, yon ti kote nou te ka gade waf Nouyòk la e nou t ap gade tout vil la pa anba, yon bagay ki te byen bèl, mwen te fè Eva konnen m vle marye avè l. Kèk tan apre, nou te marye e Eva te vin sèvi avè m nan peyi Kotdelò kòm misyonè.

MWEN PRAN RESPONSABLITE FANMI M OSERYE

Apre mwen menm ak Eva te fin pase plizyè ane ann Afrik, manman m te voye yon lèt pou mwen. Li te di m papa m prèske mouri ak yon kansè. Apre nou te fin jwenn pèmisyon pou nou kite asiyasyon nou, nou te retounen Etazini. Sante papa m te deteryore byen vit, e yon ti tan apre li te mouri.

Apre sa, nou te tounen Gana. Nou te rete la pandan anviwon katran. Nou te vin aprann sante manman m vin bese. Gen kèk zanmi ki te ban nou konsèy pou n tounen vin pran swen l. Se desizyon ki te pi difisil nou te pran nan lavi nou. Apre m te fin pase 15 an nan sèvis misyonè, pandan 11 an ladan yo m te ansanm ak Eva, nou te retounen Etazini.

Reyinyon ak yon chèf nan Kotdelò, Gana jodi a.

Avèk letan, nou te kontinye pran swen manman m, nou te ede l al nan reyinyon lè l kapab, e lè l pa kapab, nou te fè woulman pou nou youn ret avè l. Li te mouri 17 janvye 1976. Li te gen 86 an. Men, nevan apre, nou te vin gen yon pi gwo pwoblèm toujou, yo te dekouvri Eva gen kansè. Nou te fè tout sa nou kapab pou n konbat maladi a, men finalman Eva te pèdi batay la. Li te mouri 4 jen 1985. Li te gen 70 an.

LÒT CHANJMAN NAN KARYÈ M KI BAN M SATISFAKSYON

An 1988, yo te envite m nan inogirasyon agrandisman nouvo filyal Gana a. Se te yon okazyon ki te fè m sonje anpil bon bagay. Lè m te rive Gana apre m te fin diplome nan Lekòl Gileyad, sa te gen 40 an, te gen kèk santèn Temwen sèlman nan peyi a. An 1988, te gen plis pase 34 000 Temwen, e kounye a gen prèske 114 000 Temwen.

Dezan apre m te fin vizite Gana, m te marye ak Betty Miller, yon bon zanmi Eva, 6 out 1990. Nou te kontinye fè sèvis n ap bay Jewova a vin karyè nou. Se pa ti tann n ap tann jou a rive kote nou pral wè gran paran nou yo, paran nou ak Eva ki pral resisite pou yo viv nan Paradi sou tè a. — Travay 24:15.

Dlo konn koule nan je m lè m ap reflechi sou bèl privilèj mwen genyen pou Jewova itilize m pandan plis pase 70 an nan sèvis li. Byen souvan m di l mèsi paske li te ede m fè sèvis m ap ba li a vin karyè m. Malgre kounye a mwen gen plis pase 90 an, Jewova, pi gran enjenyè achitèk ki gen nan linivè a, kontinye ban m fòs ak kouraj pou m kontinye fè karyè nan sèvis li.