Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Benediksyon “ni nan tan favorab, ni nan tan difisil”

Benediksyon “ni nan tan favorab, ni nan tan difisil”

LÈ M te fèt nan mwa mas 1930, mwen te antoure ak fanmi ansanm ak zanmi ki te gentan ap sèvi Jewova fidèlman. M te fèt nan vilaj Namkumba, toupre vil Lilongwe nan peyi yo rele Malawi kounye a. Nan ane 1942, m te vwe lavi m bay Bondye e m te batize nan youn nan bèl rivyè ki gen nan peyi a. Pandan 70 ane ki te vin annapre yo, mwen te pran detèminasyon pou m te fè menm bagay apot Pòl te ankouraje Timote fè a lè l te di l: “Preche pawòl la, fè sa san rete ni nan tan favorab, ni nan tan difisil.” — 2 Tim. 4:2.

Premye vizit Nathan H. Knorr ak Milton G. Henschel te fè nan peyi Malawi nan kòmansman ane 1948 la te ankouraje m sèvi Jewova aplentan. Mwen byen sonje bèl kòmantè ankourajan nou te jwenn nan men moun sa yo ki te reprezante syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk. Te gen anviwon 6 000 frè ak sè ki te kanpe sou yon gwo teren ki gen labou toutpandan nou t ap koute yon diskou ankourajan frè Knorr t ap bay ki gen tit “Le gouverneur permanent de toutes les nations”.

Lè m te rankontre Lidasi, yon trè bèl sè ki te grandi nan yon fanmi Temwen Jewova menm jan avè m, m te aprann li menm tou li te gen objektif pou l antre nan sèvis aplentan. Nou te marye nan ane 1950, e rive nan ane 1953 nou te vin gen de timoun. Menm lè n te vin gen yon responsablite anplis pou n pran swen timoun yo, nou te pran desizyon pou m kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Dezan apre, yo te envite m al sèvi kòm pyonye espesyal.

Yon ti tan annapre, mwen te vin gen privilèj pou m al vizite kongregasyon yo antanke siveyan sikonskripsyon. Grasa bonjan èd Lidasi te ban m, mwen te ka bay fanmi m sa yo bezwen nan domèn materyèl ak nan domèn espirityèl toutpandan m t ap fè travay sa a *. Men, nou toule de te gen gwo dezi pou n antre nan sèvis aplentan. Grasa bonjan planifikasyon e lefètke timoun yo te kolabore avè n, Lidasi te kòmanse sèvi aplentan nan ane 1960.

Kèk asanble ki te ban nou fòs pou n fè fas ak pèsekisyon ki t ap vini an.

Nou te vrèman pran plezi nan tan favorab sa yo, pandan nou t ap sèvi frè ak sè nan plizyè kongregasyon. Asiyasyon nou an te pèmèt nou vwayaje soti nan bèl ti mòn Mulanje yo ki nan sid peyi a pou rive nan bèl ti zòn pezib ki arebò lak Malawi a ki etann li sou prèske tout pati lès peyi a. Nan sikonskripsyon nou te desèvi yo nou te wè jan kantite pwoklamatè ak kantite kongregasyon yo t ap ogmante.

Nan ane 1962 nou te asiste asanble distri ki te gen tèm “Les ministres courageux” a. Lè n fè yon ti reflechi nou ka wè evènman espirityèl sa yo se te egzakteman sa nou tout nan Malawi te bezwen pou n prepare n pou tan difisil ki t ap tann nou yo. Nan ane ki te vin annapre a, frè Henschel te vizite Malawi yon lòt fwa ankò epi te gen anviwon 10 000 moun ki te asiste yon kongrè espesyal ki te fèt toupre vil Blantyre. Kongrè ankourajan sa a te ban nou bonjan fòs pou n fè fas ak difikilte ki t apral vini yo.

TAN DIFISIL YO RIVE

Yo te met entèdiksyon sou travay la epi gouvènman an te sezi filyal la.

Nan ane 1964, Temwen yo te fè fas ak yon seri gwo eprèv paske yo te refize patisipe nan zafè politik. Akoz pèsekisyon sa a, yo te detwi plis pase 100 Sal Wayòm ak plis pase 1 000 kay Temwen. Sepandan, nou te ka kontinye nan sèvis itineran an aktout gouvènman Malawi a te met entèdiksyon sou aktivite Temwen yo nan ane 1967. Yo te sezi filyal la ki te nan Blantyre, yo te depòte misyonè yo epi yo te met anpil Temwen nan peyi a nan prizon, san wete mwen menm ak Lidasi. Apre n te fin lage, nou te kontinye nan sèvis itineran an san n pa atire atansyon.

Yon jou, nan mwa oktòb 1972, gen anviwon yon santèn moun ki se manm yon pati politik ki rele Asosyasyon jèn nan Malawi ki te sou wout pou vin lakay nou. Sepandan, gen youn nan yo ki te kouri pran devan e l te di m al kache paske yo te vle touye m. M te di madanm mwen ak timoun yo pou y al kache nan yon touf pye bannann ki te toupre a. Apre sa, m te kouri grenpe yon gwo pye mango. Pandan m sou pye mango a, m te wè jan yo t ap kraze kay nou ansanm ak tout byen nou te posede yo.

Etandone frè yo pa t vle patisipe nan zafè politik yo te boule kay yo.

Tank pèsekisyon an t ap vin pi mal nan peyi Malawi se tank gen plizyè milye nan nou ki t ap kouri kite peyi a. Mwen menm ak fanmi m t al viv nan yon kan refijye ki nan lwès peyi Mozanbik e n te rete la rive jis nan mwa jen 1974. Pandan tan sa a, yo te mande mwen menm ak Lidasi pou n al sèvi kòm pyonye espesyal nan vil Dómue, nan peyi Mozanbik, e vil sa a twouve l toupre fwontyè peyi Malawi. Nou te kontinye nan sèvis sa a rive jis nan ane 1975, lè peyi Mozanbik te pran endepandans li nan men Pòtigal. Annapre, yo te fòse nou menm ansanm ak lòt Temwen yo retounen nan peyi Malawi pou n al fè fas ak pèsekisyon nou te kite a.

Apre n te fin retounen nan peyi Malawi, nou te jwenn asiyasyon pou n al vizite kongregasyon ki te nan Lilongwe, kapital peyi a. Malgre pèsekisyon ansanm ak tout difikilte nou t ap rankontre yo, kantite kongregasyon yo te vin ogmante nan sikonskripsyon nou te gen privilèj desèvi yo.

JEWOVA TE EDE NOU

Yon lè, nou t al nan yon vilaj e te gen yon reyinyon politik ki t ap fèt ladan l. Gen kèk nan moun ki t ap soutni pati politik la ki te vin konnen nou se Temwen Jewova e yo te fè n chita pami manm yon mouvman politik jèn yo te fòme ki rele Jèn pyonye nan Malawi. Nou te priye Jewova ak tout kè n pou l te ede n e pou l te ban nou direksyon nan sitiyasyon difisil sa a. Lè reyinyon an te fini yo te kòmanse bat nou. Gen yon dam aje ki te kouri vini epi l te di byen fò: “Tanpri, kite yo ale! Mesye sa a se pitit frè m. Kite l al fè wout li!” Moun ki t ap dirije reyinyon an te di: “Kite yo ale!” Nou pa t fin konnen ki sa madanm sa a te gen nan lide l etandone l pa t gen okenn lyen familyal ak nou. Men, nou te santi Jewova dwe te tande priyè nou.

Yon kat pati politik.

Nan ane 1981, yon lòt fwa ankò nou te rankontre kèk nan manm Jèn pyonye nan Malawi yo. Yo te sezi bisiklèt nou, yo te sezi kèk bagay nou te genyen, bwat liv nou yo ansanm ak dosye sikonskripsyon an. Nou te chape poul nou e n te kouri al kay yon ansyen. Yon lòt fwa ankò nou te priye Jewova konsènan sitiyasyon an. Nou t ap bay tèt nou pwoblèm konsènan tout enfòmasyon ki te nan dosye yo te pran nan men nou yo. Lè Jèn pyonye yo te gade nan dosye yo yo te jwenn yon seri lèt m te resevwa ki te soti plizyè kote nan peyi Malawi. Sa te fè yo pè anpil paske yo te panse m se yon ofisyèl nan gouvènman an. Se sa k fè, san pèdi tan yo te pote tout dosye yo jan yo te jwenn yo a bay ansyen ki nan zòn nan.

Yon lòt lè ankò, nou t ap travèse yon rivyè nan yon bato. Etandone mèt bato a se te chèf yon pati politik nan zòn nan, li te deside mande tout pasaje yo montre kat pati politik yo. Pandan l t ap pwoche bò kote nou li te tonbe sou yon bandi otorite yo t ap chèche. Sa te vin fè tout moun distrè epi l te sispann mande kat pati politik yo. Yon lòt fwa ankò nou te santi èd Jewova.

ARESTASYON AK PRIZON

Nan mwa fevriye 1984, pandan m te sou wout pou m al Lilongwe pou m al remèt rapò nan biwo filyal peyi Zanbi a, gen yon polisye ki te kanpe m e l te pran fouye valiz mwen. Piske l te jwenn kèk piblikasyon ki pale sou Bib la, li te mennen m nan pòs polis la epi l te kòmanse bat mwen. Annapre, li te mare m ak kòd epi l te lage m nan yon chanm ansanm ak kèk prizonye yo te arete paske yo te vòlè afè moun.

Nan demen, chèf polis la te mennen m nan yon lòt chanm epi l te ekri yon lèt ki di: “Mwen menm Trophim R. Nsomba, mwen sispann sèvi kòm Temwen Jewova yon fason pou m ka libere.” Mwen te reponn: “Nonsèlman m pare pou yo mare m men m pare pou m mouri tou. Mwen toujou yon Temwen Jewova.” M te refize siyen lèt la. Sa te fè chèf polis la fache anpil epi l te tèlman frape men l fò sou biwo a opwen yon polisye ki te nan pyès akote a te kouri vin wè sa k pase. Chèf polis la te di l: “Mesye sa a refize siyen pou l di l sispann sèvi kòm Temwen. Donk, kite l siyen pou l di l se yon Temwen Jewova epi n ap voye l Lilongwe pou yo mare l.” Pandan tout tan sa a, madanm mwen renmen anpil la t ap mande tèt li ki sa k rive m. Kat jou apre sa, gen kèk frè ki te di l kote m ye.

Lè m te rive nan pòs polis Lilongwe a, yo te byen trete m. Chèf polis la te di m: “Men yon plat diri paske se pou Pawòl Bondye a yo mare w. Lòt moun ki la yo se vòlè yo ye.” Apre sa, yo te voye m nan prizon Kachere a kote m te pase senk mwa.

Chèf prizon sa a te kontan dèske m te la paske l te vle m sèvi kòm swadizan pastè prizon an. Li te retire pastè ki te la anvan an epi l te di l: “M pa vle w anseye Pawòl Bondye a isit la ankò piske se paske w vòlè lajan legliz ou a ki fè w nan prizon!” Konsa, m te vin gen responsablite pou m anseye Labib chak semèn nan reyinyon yo te konn fè pou prizonye yo.

Annapre, bagay yo te vin pi mal. Ofisyèl prizon yo te poze m kesyon pou yo ka konnen konbyen Temwen ki gen nan Malawi. Etandone m pa t ba yo yon repons ki satisfè yo, yo te bat mwen jiskaske m endispoze. Yon lòt lè ankò, yo te vle konnen ki kote syèj nou an ye. M te di yo: “Nou poze yon kesyon senp e m pral reponn nou.” Polisye yo te kontan anpil epi yo te limen radyo kasèt yo pou yo anrejistre. M te di yo yo pale de syèj Temwen Jewova yo nan Bib la. Yo te sezi e yo te mande m: “Ki kote nan Bib la?”

M te reponn yo: “Nan Izayi 43:12.” Yo te chèche l e yo te byen pran san yo pou yo li l konsa: “‘Nou se temwen m’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘e mwen se Bondye.’” Yo te li vèsè a twa fwa. Apre sa yo te mande m: “Kòman syèj Temwen Jewova yo fè nan Bib la e l pa ann Amerik?” M te di yo: “Temwen Jewova ann Amerik yo konsidere vèsè sa a kòm vèsè ki pale de syèj yo a tou.” Etandone m pa t di yo sa yo te vle tande a, yo te transfere m nan prizon Dzaleka a ki twouve l nan nò vil Lilongwe.

BENEDIKSYON MENM NAN TAN DIFISIL

Nan mwa jiyè 1984, yo te voye m nan prizon Dzaleka a kote m t al jwenn 81 lòt Temwen. Nan prizon sa a, te gen 300 prizonye ki te ansanm nan yon selil e yo t ap dòmi atè a zepòl kont zepòl. Tikras pa tikras, nou menm Temwen yo nou te vin fè plizyè ti gwoup yon fason pou n te ka egzamine yon vèsè e n te konn chwazi youn chak jou. Sa te ankouraje n anpil.

Annapre, chèf prizon an te separe nou ak lòt prizonye yo. Gen yon gad prizon ki te di nou an sekrè: “Gouvènman an pa rayi nou non. Gen de rezon ki fè n kenbe nou nan prizon: Gouvènman an pè pou [pati politik ki rele] Jèn pyonye yo pa touye nou epi etandone n ap fè konnen pral gen yon gè, gouvènman an pè pou sòlda l yo pa mouri nan gè sa a.”

Pandan yo t ap mennen frè yo ale apre jijman yo.

Nan mwa oktòb 1984, yo te mennen nou tout devan tribinal. Yo te kondane nou chak pou n fè dezan prizon. Yon lòt fwa ankò, yo te mete n nan prizon ansanm ak moun ki pa Temwen. Men chèf prizon an te di tout moun: “Temwen Jewova yo pa fimen sigarèt. Donk, nou menm gad, pa ba yo pwoblèm nan plede mande yo sigarèt epi pa voye y al chèche bwa dife pou n limen sigarèt. Yo se pèp Bondye! Nou dwe bay tout Temwen Jewova yo manje de fwa pa jou etandone se akoz kwayans yo ki fè yo la men yo pa la paske yo fè krim.”

Nou te jwenn byenfè lòt fason ankò akoz bon konduit nou. Yo pa t konn kite prizonye yo soti lè l fè nwa oswa lè lapli ap tonbe. Men, yo te kite n al nenpòt kote n vle. Yo te konnen nou pa t ap eseye sove. Anfèt, yon lè pandan nou t ap travay nan jaden gen yon gad ki t ap siveye nou ki te malad, nou te mennen l nan prizon an pou yo te ka pran swen l. Ofisyèl prizon yo te konnen yo ka fè n konfyans. Konsa, lefètke n te gen bon konduit nou te kontan wè jan moun ki te mete n nan prizon yo t ap bay non Jewova glwa *. — 1 Pyè 2:12.

TAN FAVORAB LA TOUNEN ANKÒ

M te soti nan prizon Dzaleka a nan dat 11 me 1985. Se pa ti kontan m te kontan dèske m te ka ansanm ak fanmi m ankò! Nou remèsye Jewova dèske l te ede n kenbe entegrite n pandan tan sa yo ki te difisil anpil. Anrapò ak peryòd sa a, nou te santi n menm jan ak apot Pòl ki te di: “Frè m yo, nou pa ta renmen nou pa okouran tribilasyon nou te sibi [...] a. Nou pa t gen espwa n ap soti vivan. Wi, nou te gen konviksyon nou te resevwa santans lanmò. Sa te rive dekwa pou nou mete konfyans nou nan Bondye, li menm ki fè moun mouri leve, men pou nou pa mete konfyans nou nan pwòp tèt nou. Li te sove nou anba yon gwo danje ki te ka menm mennen nou nan lanmò.” — 2 Kor. 1:8-10.

Frè Nsomba ak madanm li, Lidasi, ki kanpe devan yon Sal Wayòm nan ane 2004.

Vrèmanvre, pafwa sanble pa t gen espwa pou nou. Men, nou te toujou mande Bondye kouraj ak sajès pou n kontinye demontre imilite yon fason pou n ka kontinye fè non l ki gran jwenn glwa.

Jewova te beni nou nan sèvis li a ni nan tan favorab ni nan tan difisil. Kounye a, se pa ti kontan nou kontan pou n wè biwo filyal Lilongwe a fin konstwi nan ane 2000 epi pou n wè jan yo konstwi plis pase 1 000 nouvo Sal Wayòm toupatou nan peyi Malawi! Benediksyon sa yo Jewova bay la tèlman fè mwen menm ak Lidasi vin djanm nan domèn espirityèl opwen nou santi yo prèske sanble ak yon rèv  *.

^ § 7 Kounye a, yo pa envite frè ki gen timoun piti al sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ankò.

^ § 30 Pou n jwenn plis detay konsènan pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn nan peyi Malawi, gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1999 la, paj 171-223.

^ § 34 Frè Nsomba te mouri a 83 an pandan yo t ap fè preparasyon pou yo pibliye atik sa a.