Ann imite Jezi: Li gen imilite e li gen kè sansib
“Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye.” — 1 PYÈ 2:21.
1. Ki sa k fè lè n imite Jezi sa fè n vin pi pwòch Jewova?
NOU gen tandans imite moun nou apresye pèsonalite yo ak fason yo aji. Pami tout moun ki pase sou tè a, Jezi Kris se moun ki pi byen plase pou n imite. Sa k fè sa? Men sa Jezi li menm te di yon lè: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9). Jezi te tèlman byen reflete pèsonalite Papa l opwen depi yon moun te wè Pitit la se kòmsi l te wè Papa a tou. Kidonk, tank n ap imite Jezi se tank n ap vin pi pwòch Jewova, Moun ki pi enpòtan nan tout linivè a. Se pa ti rekonpans n ap jwenn lè n imite kalite Pitit Jewova a genyen yo ak fason Pitit la aji!
2, 3. a) Poukisa Jewova pale de Pitit Gason l lan nan pawòl li fè ekri yo, e ki sa Jewova atann nan men nou? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?
2 Sepandan, ki jan n ka rive konnen ki moun Jezi ye? Erezman, yo pale de Jezi nan pawòl Jewova te fè ekri yo. Jewova te fè ekri pawòl sa yo nou jwenn nan liv ki te ekri an grèk yo paske l vle nou vin konnen Pitit Gason l lan yon fason pou n ka imite l. (Li 1 Pyè 2:21.) Nan Bib la, yo konpare egzanp Jezi kite pou nou an ak “tras” oswa mak pye. Anfèt, Jewova mande n pou n mache dèyè Jezi epi pou n mete pye nou nan mak pye Jezi. Nòmalman, Jezi kite yon egzanp pafè alòske nou menm nou pa pafè. Men, Jewova pa mande n suiv tras Jezi yon fason ki pafè. Okontrè, etandone nou enpafè, Papa a atann pou n fè tout sa n kapab pou n imite Pitit Gason l lan.
3 Kidonk, ann egzamine kèk nan bèl kalite Jezi gen lakay li. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan imilite ak kè sansib Jezi genyen. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale konsènan kouraj ak bon konprann li gen lakay li. Pou chak kalite, n ap gen pou n reponn twa kesyon: Ki sa kalite sa a vle di? Ki jan Jezi demontre kalite sa a? Ki jan nou ka imite Jezi?
JEZI GEN IMILITE
4. Ki jan w t ap defini imilite?
4 Ki sa imilite ye? Nan monn sa a ki chaje ak ògèy, gen kèk moun ki kapab panse yon moun ki gen imilite se yon moun ki fèb oswa ki manke konfyans nan tèt li. Sepandan, sa mande fòs ak kouraj pou yon moun montre l gen imilite. Yo defini imilite kòm “yon atitid ki kontrè ak ògèy ak awogans”. Nou montre n kòmanse gen imilite nan fason nou konsidere tèt nou. Gen yon diksyonè biblik ki fè konnen: “Imilite se konnen jis nan ki pwen nou vrèman piti devan Bondye.” Anplis de sa, si n rekonèt nou vrèman piti devan Bondye n ap evite bay tèt nou plis enpòtans pase lòt moun (Wom. 12:3). Etandone nou enpafè, li pa fasil pou n demontre imilite. Men, nou kapab vin gen imilite si n reflechi ak pozisyon nou devan Bondye epi n suiv tras Pitit Gason l lan.
5, 6. a) Kiyès ki Mikayèl Akanj lan? b) Ki jan Mikayèl te montre l gen imilite?
5 Ki jan Jezi te montre l gen imilite? Pitit Gason Bondye a gen lontan depi l ap montre l gen imilite. Li montre l gen imilite ni antanke kreyati espirityèl pisan nan syèl la, ni lè l t ap viv sou tè a antanke yon moun pafè. Ann konsidere kèk egzanp.
6 Nan atitid li. Jid, yon ekriven biblik, ban nou yon ide konsènan lavi Jezi t ap mennen anvan l te vin sou tè a. (Li Jid 9.) Antanke Mikayèl akanj lan, Jezi te “gen yon dezakò avèk Dyab la” e l “t ap diskite” ak mechan sa a konsènan “kò Moyiz”. Sonje apre lanmò Moyiz, Jewova te antere kò a yon kote pèsonn pa konnen (Det. 34:5, 6). Petèt Dyab la te vle itilize kò Moyiz pou l ankouraje fo adorasyon. Kèlkeswa vye ide Dyab la te gen nan lespri l la Mikayèl te kanpe fèm kont li. Gen yon liv referans ki fè konnen yo konn sèvi ak ekspresyon grèk lè yo tradui l yo met “gen yon dezakò” pou li a ak mo grèk lè yo tradui l yo met “diskite” pou li a “nan kad yon diskisyon k ap fèt sou baz legal tou” e dapre liv la yo kapab vle di “Mikayèl ‘te konteste dwa Dyab la genyen’ pou l pran kò Moyiz”. Sepandan, chèf zanj lan te rekonèt li pa gen dwa pou l pote jijman. Olye de sa, li te kite koze a nan men pi gwo Jij la anpalan de Jewova. Kidonk, Mikayèl te evite ale pi lwen pase otorite l genyen menm lè yo t ap pwovoke l. Se pa ti imilite li te genyen!
7. Ki jan Jezi te montre l gen imilite nan pawòl li ak nan aksyon l?
7 Pandan Jezi te sou tè a, li te pale yon fason ki montre l gen bonjan imilite e li te aji konsa tou. Nan pawòl li. Li pa t janm renmen atire atansyon sou li san nesesite. Olye de sa, li te bay Papa l tout glwa (Mak 10:17, 18; Jan 7:16). Li pa t janm fè disip li yo santi yo pi ba pase l. Okontrè, li te fè yo santi yo gen valè, li te konn felisite yo pou bèl kalite yo genyen e l te montre l gen konfyans nan yo (Lik 22:31, 32; Jan 1:47). Nan aksyon l. Jezi te chwazi viv yon fason ki senp san l pa t anbarase pye l ak yon pakèt bagay materyèl (Mat. 8:20). Li te dispoze fè travay ki pi rabesan yo (Jan 13:3-15). Li te bay yon bèl egzanp imilite nan fason l te obeyi. (Li Filipyen 2:5-8.) Kontrèman ak moun ki awogan e ki montre yo meprize obeyisans, Jezi te montre l gen imilite lè l te soumèt tèt li pou l fè volonte Bondye e l te vin “obeyisan jis li mouri”. Èske sa pa montre aklè jan Jezi, Pitit lòm nan, te “gen imilite nan kè” l? — Mat. 11:29.
ANN IMITE IMILITE JEZI
8, 9. Ki jan n ka montre n gen imilite?
8 Ki jan n ka imite Jezi nan fason l montre l gen imilite? Nan atitid nou. Si n gen imilite n ap evite ale pi lwen pase otorite nou genyen. Si n rann nou kont nou pa gen dwa pou n jije, nou pap kouri kritike lòt moun pou fot yo fè oswa nou pap kouri gen dout sou rezon ki pouse yo aji (Lik 6:37; Jak 4:12). Imilite ap ede n pou n pa vin “jis aleksè” e l ap ede n pou n pa rabese moun ki gendwa pa gen menm kapasite ak nou oswa ki pa gen menm privilèj ak nou (Ekl. 7:16, NW). Etandone ansyen yo se moun ki gen imilite yo pa panse yo pi enpòtan pase kwayan parèy yo. Okontrè, bèje sa yo “konsidere lòt moun yo siperyè” yo e yo aji tankou moun ki gen mwens enpòtans. — Flp. 2:3; Lik 9:48.
9 Ann pran egzanp W. J. Thorn ki t ap sèvi antanke pèleren oswa siveyan itineran apati ane 1894. Apre l te fin pase anpil ane nan travay sa a, yo te rele l pou l al sèvi nan Fèm Wayòm nan ki nan Nouyòk e l te travay nan poulaye a. Men sa l fè konnen: “Lè m kòmanse bay tèt mwen twòp enpòtans, mwen konn pran yon ti tan pou m reflechi epi m di tèt mwen: ‘Ey ou menm, ou se yon ti grenn pousyè, poukisa w ap pran tèt ou pou yon pakèt afè?’” (Li Izayi 40:12-15.) Se pa ti imilite sa ye!
10. Ki jan n ka montre n gen imilite nan pawòl nou ak nan aksyon nou?
10 Nan pawòl nou. Si n vrèman gen imilite nan kè nou, n ap montre sa nan pawòl nou (Lik 6:45). Lè n ap pale ak lòt moun, nou pap ret ap pale sèlman sou sa nou akonpli ak privilèj nou genyen (Pwo. 27:2). Olye de sa, n ap chèche sa ki bon lakay frè ak sè nou yo e n ap felisite yo pou bèl kalite yo gen lakay yo, pou kapasite yo ak sa yo akonpli (Pwo. 15:23). Nan aksyon nou. Etandone kretyen yo gen imilite, yo pa nan chèche gen gwo pozisyon nan sistèm sa a. Olye de sa, yo chèche viv yon fason ki senp e yo menm fè yon seri travay moun nan monn nan konsidere kòm travay ki rabesan yon fason pou yo ka fè tout sa yo kapab nan sèvis Jewova a (1 Tim. 6:6, 8). Sa k pi enpòtan an, n ap montre nou gen imilite lè n obeyisan. Nou bezwen gen imilite pou n “obeyi moun k ap dirije nou” nan kongregasyon an, pou n aksepte direksyon òganizasyon Jewova a ap ban nou epi pou n suiv direksyon sa a. — Ebre 13:17.
JEZI GEN KÈ SANSIB
11. Esplike ki sa sa vle di lè yon moun gen kè sansib.
11 Ki sa kè sansib ye? “Kè sansib” gen rapò ak sousi yon moun genyen pou lòt moun. Kè sansib se yon aspè nan lanmou e li sanble ak kalite tankou “konpasyon ak mizèrikòd”. Ekriti yo pale konsènan “afeksyon ak pitye”, ‘mizèrikòd’ Lik 1:78, Bib Kreyòl La: Nouvo Testaman; 2 Kor. 1:3, Liv ki sin yo: Nouvo Téstaman-an; Flp. 1:8.) Men sa yon referans biblik fè konnen konsènan ankourajman Ekriti yo ban nou pou n gen konpasyon an: “Ankourajman sa a ale pi lwen pase annik gen sousi pou yon moun ki nan nesesite. Li vle di pou n tèlman gen sousi pou moun sa a opwen nou santi n konsène epi sa pouse n fè yon seri aksyon ki kapab ede l jiskaske sitiyasyon l chanje.” Kè sansib se yon fòs ki pouse moun aji. Lè yon moun gen kè sansib li anvi aji yon fason pou l pote chanjman nan lavi lòt moun.
ak “afeksyon ki sot nan fon kè”. (12. Ki sa k montre Jezi te gen konpasyon pou lòt moun, e lefètke l gen kè sansib ki sa sa te pouse l fè?
12 Ki jan Jezi te montre l gen kè sansib? Nan sa l santi ak nan aksyon l. Jezi te gen konpasyon pou lòt moun. Lè Jezi te wè zanmi l Mari ap kriye akoz lanmò Laza, frè l la, e l te wè lòt moun ap kriye tou “dlo [te] koule nan je” Jezi. (Li Jan 11:32-35.) Apre sa, menm jan bonjan pitye l te gen nan kè l te pouse l resisite pitit gason yon vèv, sandout, se konsa tou pitye te pouse l resisite Laza (Lik 7:11-15; Jan 11:38-44). Grasa aksyon sa a, petèt Jezi te bay Laza posiblite pou l al viv nan syèl. Yon ti tan anvan sa, Jezi te “santi yon afeksyon ki pwofon” pou yon foul moun ki te vin bò kote l. Etandone l te gen konpasyon, sa te pouse l “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:34; Kingdom Interlinear.) Se pa ti chanjman sa te pote nan lavi moun ki te byen reyaji devan ansèyman Jezi yo! N ap remake kè sansib Jezi te gen lakay li a pa t yon senp santiman, li te pouse l pran inisyativ pou l ede lòt moun. — Mat. 15:32-38; 20:29-34; Mak 1:40-42.
13. Nan ki sans Jezi te konn pale ak lòt moun avèk tandrès? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
13 Nan pawòl li di avèk tandrès. Konpasyon Jezi te gen nan kè l te pouse l pale ak lòt moun avèk tandrès, sitou moun ki t ap soufri yo. Apot Matye te aplike pawòl Izayi yo nan ka Jezi. Men sa Izayi te di: “Li pap kase wozo ki pliye a e li pap etenn mèch k ap bay lafimen an.” (Iza. 42:3, NW; Mat. 12:20). Jezi te pale yon fason ki te ankouraje moun ki te tankou wozo ki pliye oswa ki te tankou mèch lanp ki gen luil k ap bay lafimen. Li te preche yon mesaj ki bay espwa pou l te ‘panse kè k ap fann yo’. (Iza. 61:1, NW.) Li te mande moun “k ap redi e ki gen chay [y] ap pote” yo pou yo vin jwenn li, e l te ba yo asirans yo t ap “jwenn fòs” pou nanm yo (Mat. 11:28-30). Li te bay moun ki t ap suiv li yo asirans Bondye gen bonjan sousi pou chak moun k ap adore l san wete “tipiti” yo, anpalan de moun monn nan gendwa pa bay enpòtans. — Mat. 18:12-14; Lik 12:6, 7.
ANN IMITE JEZI NAN FASON L MONTRE L GEN KÈ SANSIB
14. Ki jan nou ka vin gen kè sansib pou lòt moun?
14 Ki jan n ka imite Jezi nan fason l montre l gen kè sansib? Nan sa n santi. Nou gendwa pa ka demontre santiman sa yo tou natirèlman, men, Bib la ankouraje n pou n fè efò pou sa. “Konpasyon ki pwofon anpil” la fè pati nouvo pèsonalite a ki se yon abiman tout kretyen dwe met sou yo. (Li Kolosyen 3:9, 10, 12.) Ki jan w ka vin gen kè sansib pou lòt moun? Ouvri kè w byen laj (2 Kor. 6:11-13). Byen koute lè yon moun ap di w sa l santi ak enkyetid li genyen (Jak 1:19). Reflechi epi mande tèt ou: ‘Si m te nan sitiyasyon l, ki jan m t ap santi m? Ki sa m t ap bezwen?’ — 1 Pyè 3:8.
15. Ki sa n ka fè pou n ede moun ki tankou wozo ki pliye oswa ki tankou mèch lanp k ap bay lafimen?
Women 12:15 di: “Kriye ak moun k ap kriye.” Moun ki dekouraje yo gendwa bezwen nou plis demontre konpasyon pou yo pase pou n di yo sa pou yo fè. Gen yon sè ki te jwenn rekonfò nan men kwayan parèy li yo apre l te fin pèdi pitit fi l. Men sa l te fè konnen: “Sa te fè m plezi dèske zanmi m yo te vin lakay la e yo te annik kriye avè m.” Nou kapab demontre afeksyon ki pwofon lè n fè bèl aksyon tou. Èske w konn yon vèv ki bezwen èd pou l repare kay li? Èske w konn yon kretyen ki aje ki bezwen woulib pou l vin nan reyinyon, pou l al preche oswa pou l al kay doktè? Menm yon ti aksyon w fè ki montre w gen bonte kapab fè yon gwo diferans nan lavi adoratè parèy ou yo ki nan bezwen (1 Jan 3:17, 18). Sa k pi enpòtan an, nou kapab montre nou gen bonjan sousi pou lòt moun lè n bay tout nou menm nan ministè a. Pa gen pi bon fason pase sa pou n ede moun ki gen kè sensè yo!
15 Nan aksyon nou. Si n gen kè sansib sa ap pouse n ede lòt moun, sitou moun ki tankou wozo ki pliye yo oswa ki tankou mèch lanp k ap bay lafimen. Ki jan n ka ede yo? Men sa16. Ki sa n ka di moun ki tris yo pou n ankouraje yo?
16 Nan pawòl nou. Afeksyon ki pwofon nou gen pou lòt moun ap pouse n “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo”. (1 Tes. 5:14.) Ki sa n ka di moun sa yo pou n ankouraje yo? Nou ka ankouraje yo lè n montre yo jan n gen bonjan sousi pou yo. Nou kapab felisite yo ak tout kè n pou n ede yo wè bèl kalite ak bèl kapasite yo genyen. Nou kapab fè yo sonje Jewova te atire yo vin jwenn Pitit Gason l lan, kidonk, se sèten yo gen anpil valè nan je l (Jan 6:44). Nou kapab fè yo gen asirans Jewova gen bonjan sousi pou sèvitè l ki gen “kè yo ap fann” yo oswa ki “dekouraje”. (Sòm 34:18, NW.) Pawòl nou di ki montre nou gen tandrès kapab geri moun ki bezwen rekonfò yo. — Pwo. 16:24.
17, 18. a) Ki fason Jewova atann pou ansyen yo trete twoupo l la? b) Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?
17 Nou menm ansyen, Jewova atann pou n trete twoupo l la avèk tandrès (Tra. 20:28, 29). Pa bliye se responsablite nou pou n bay twoupo Bondye a manje, pou n ankouraje l epi pou n fè l rejwenn fòs (Iza. 32:1, 2; 1 Pyè 5:2-4). Kidonk, yon ansyen ki gen konpasyon pap eseye domine sou twoupo a lè l fè yon seri règ oswa l fè yo santi yo koupab yon fason pou l fòse yo fè plis alòske sikonstans yo pa pèmèt yo fè sa. Olye de sa, ansyen an ap fè efò pou l ede yo gen kè kontan e l ret kwè lanmou yo gen pou Jewova a ap pouse yo sèvi Jewova ak tout kè yo. — Mat. 22:37.
18 Toutpandan n ap medite sou imilite ak kè sansib Jezi te gen lakay li, se sèten sa ap ankouraje n kontinye suiv tras li. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale konsènan de lòt aspè nan bèl pèsonalite Jezi genyen an anpalan de kouraj ak bon konprann.