Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann onore gran non Jewova a

Ann onore gran non Jewova a

“M ap glorifye non w pou tan endefini.” — SÒM 86:12, NW.

1, 2. Kontrèman ak legliz lakretyente yo, kòman Temwen Jewova yo konsidere non Bondye?

TOUT legliz lakretyente yo pran distans yo ak non Bondye. Pa egzanp, men sa yon tradiksyon Labib di nan entwodiksyon l lan: “Zafè sèvi ak yon non pwòp pou pale de sèl Bondye ki egziste a [...] pa gen anyen pou l wè ak lafwa tout Legliz kretyen ki gen sou tè a.” (Revised Standard Version).

2 Yon lòt bò, Temwen Jewova yo fyè pou yo pote non Bondye e pou yo glorifye non sa a. (Li Sòm 86:12; Izayi 43:10.) Anplis de sa, nou konsidere sa kòm yon privilèj dèske nou konprann siyifikasyon non sa a ansanm ak kesyon inivèsèl ki gen rapò ak sangtifikasyon non sa a (Mat. 6:9). Sepandan, se yon privilèj nou pa dwe janm pran alalejè. Anrapò ak sa, ann konsidere twa kesyon enpòtan: Ki sa sa vle di konnen non Bondye? Ki jan Jewova montre l merite non l genyen an yon fason pou l ka fè non sa a jwenn plis glwa? E kòman nou ka mache nan non Jewova?

SA SA VLE DI KONNEN NON BONDYE

3. Ki sa konnen non Bondye vle di?

3 Konnen non Bondye vle di plis pase annik konnen mo “Jewova” a. Sa gen ladan l konnen ki jan de moun Jewova ye, konnen kalite l yo, objektif li ansanm ak aksyon l fè Bib la pale de yo tankou fason l aji anvè sèvitè l yo. Nòmalman, Jewova fè nou jwenn enfòmasyon sa yo tikras pa tikras toutpandan l ap reyalize objektif li (Pwo. 4:18). Jewova te fè de premye moun li te kreye yo konn non l, e konsa, Èv te konn sèvi ak non sa a apre l te fin fè Kayen (Jen. 4:1). Patriyach fidèl yo, anpalan de Abraram, Izarak ak Jakòb, te konnen non Bondye. Anplis de sa, tank Jewova t ap beni yo, pran swen yo epi fè yo konnen kèk aspè nan objektif li, se tank apresyasyon yo pou non sa t ap vin pi plis. Bondye te fè Moyiz  konn yon bagay espesyal konsènan non l.

Moyiz te konn siyifikasyon non Bondye e sa te ranfòse lafwa l.

4. Poukisa Moyiz te mande Bondye non l, e ki sa k fè nou kapab konprann enkyetid Moyiz te genyen an?

4 Li Egzòd 3:10-15. Lè Moyiz te gen 80 an, Bondye te ba l yon kokennchenn responsablite. Li te di l: “Fè pèp mwen an, pitit Izrayèl yo, soti kite Ejip.” (NW). Avèk respè, Moyiz te poze Jewova yon kesyon ki gen anpil siyifikasyon. Anfèt, Moyiz te mande l: ‘Ki jan w rele?’ Ki sa k te dèyè kesyon Moyiz la menm, etandone depi byen lontan moun te gentan konnen non Bondye? Sa klè, li te vle konnen plis bagay konsènan moun non an reprezante a, yon seri bagay ki t ap fè pèp Bondye a kwè toutbonvre Bondye pral delivre yo. Se nòmal pou Moyiz te enkyete l etandone Izrayelit yo te nan esklavaj depi kèk tan. Yo te gendwa mande si Bondye zansèt yo a te kapab delivre yo toutbon. Mete sou sa, gen kèk Izrayelit ki te gentan menm aksepte adore dye ejipsyen yo! — Eze. 20:7, 8.

5. Ki fason Jewova te bay plis detay konsènan siyifikasyon non l nan repons li te bay Moyiz la?

5 Ki fason Jewova te reponn Moyiz? Men kèk bagay li te di: “Men sa pou w di pitit gason Izrayèl yo: ‘M AP VIN TOUNEN voye m kote nou *.’” Apre sa li ajoute: “Jewova, Bondye zansèt nou yo [...] voye m kote nou.” Bondye te fè konnen l ap vin tounen kèlkeswa sa l chwazi tounen an yon fason pou l akonpli objektif li, konsa, pawòl li ap toujou reyalize. Se sa k fè, nan vèsè 15 lan, Jewova di konsènan tèt li: “Se non m sa pou tan endefini, e se konsa y ap toujou rele m jenerasyon apre jenerasyon.” Se pa ti fòtifye pawòl sa yo dwe te fòtifye lafwa Moyiz epi enpresyone l!

JEWOVA MONTRE LI MERITE NON L GENYEN AN

6, 7. Ki fason Jewova te montre li merite gran non l genyen an nèt?

6 Yon ti tan apre Jewova te fin bay Moyiz misyon an, Jewova te montre li merite non l genyen an nèt lè l te pwouve se li menm ki Sovè pèp Izrayèl la. Li te imilye Ejip lè l te lage 10 flewo ki te fè anpil ravaj nan peyi a, e anmenmtan, li te montre dye ejipsyen yo ansanm ak Farawon pa ka kanpe devan l (Egz. 12:12). Annapre, Jewova te fann lanmè Wouj pou Izrayelit yo pase, epi l te neye Farawon ansanm ak lame sòlda l yo ladan l (Sòm 136:13-15). Nan “gwo dezè ki gen anpil danje ladan l lan”, Jewova te montre l se Sila a ki konn konsève lavi a lè l te fè pèp li a, ki te  ka anviwon de a twa milyon moun oswa plis, jwenn manje ak dlo! Li te menm fè rad yo ak sandal yo pa chire (Det. 1:19; 29:5). Vrèmanvre, pa gen anyen ki ka anpeche Jewova montre l fidèl anvè non san parèy li a. Se sa k fè, pi devan, li te di Izayi: “Mwen menm, mwen se Jewova, e apa de mwen, pa gen sovè.” — Iza. 43:11, NW.

7 Jozye, moun ki te ranplase Moyiz la, te wè ak je l tou jan aksyon Jewova te fè ann Ejip ak nan dezè a te enpresyone anpil moun. Se sa k fè, lè Jozye te rive nan fen lavi l, avèk konviksyon, li te kapab di Izrayelit parèy li yo: “Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.” (Joz. 23:14). Vrèmanvre, Jewova te pwouve l se moun ki akonpli tout pawòl li.

8. Nan epòk nou an, ki jan Jewova montre li merite non l genyen an?

8 Jodi a, menm jan an tou, Jewova akonpli pawòl li. Pa mwayen Pitit li a, li te fè konnen pandan dènye jou yo, mesaj Wayòm nan t ap gen pou l preche “sou tout tè a”. (Mat. 24:14.) Ki moun apa Bondye Toupisan an ki te ka anonse yon travay konsa, pou l asire l travay la fèt epi pou l sèvi ak anpil moun ki ‘pa fè gwo etid, e ki se moun òdinè’ pou akonpli travay sa a (Tra. 4:13)? Kidonk, lè nou patisipe nan travay sa a, se patisipe nou patisipe nan akonplisman pwofesi ki nan Bib la. Nou onore Papa nou an, e nou montre nou konnen kiyès li ye, lè n priye konsa: “Se pou non w vin sen. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” — Mat. 6:9, 10.

NON LI GRAN

Farawon te refize rekonèt Jewova antanke Dye.

9, 10. Nan fason Jewova te aji ak pèp Izrayèl la, ki jan l te kontinye bay plis detay konsènan siyifikasyon non l, e ki rezilta sa te bay?

9 Yon tikras tan apre Izrayelit yo te fin kite Ejip, Jewova te vin tounen yon bagay nouvo pou pèp li a. Pa mwayen alyans Lalwa a, Jewova te vin tounen pwopriyetè yo pa mwayen maryaj, e l te dispoze aksepte tout responsablite ki mache avè l (Jer. 3:14). Izrayelit yo bò kote pa yo te vin tounen madanm senbolik li, yon pèp ki pote non l (Iza. 54:5, 6). Si yo te dispoze soumèt devan Jewova epi obeyi kòmandman l yo, li t ap montre l se yon bon ‘Mari’ pou yo. Li t ap beni yo, li t ap pwoteje yo e l t ap fè yo viv ak kè poze (Nonb 6:22-27). Konsa, gran non Jewova a t ap jwenn glwa pami nasyon yo. (Li Detewonòm 4:5-8; Sòm 86:7-10.) Vrèmanvre, pandan tout istwa pèp Izrayèl la, te gen anpil etranje ki te vin nan vrè adorasyon an. Anfèt, yo te di sa Rit, yon fi Mowabit, te di Nawomi an: “Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou.” — Rit 1:16.

 10 Pandan anviwon 1 500 ane, fason Jewova te aji ak pèp Izrayèl la te montre plizyè lòt fasèt nan pèsonalite l. Byenke nasyon an pa t janm sispann dezobeyi Jewova, li te montre l se “yon Bondye ki gen pitye pou moun” e ki “pa fè kòlè fasil”. Li te montre l se yon Bondye ki gen yon pasyans estrawòdinè (Egz. 34:5-7). Sepandan, pasyans Jewova gen limit, e limit sa a te rive nan bout li lè nasyon Juif la te rejte Pitit li a epi yo te touye l (Mat. 23:37, 38). Desandans Izrayèl selon lachè a te sispann sèvi antanke pèp pou non Bondye. Menm jan ak yon pyebwa ki sèch, yo te mouri nan domèn espirityèl (Lik 23:31). Ki efè sa te genyen sou fason yo te konsidere non Bondye?

11. Ki fason nasyon Juif la te vin sispann sèvi ak non Bondye?

11 Listwa montre, rive yon lè, Juif yo te vin ak yon sipèstisyon konsènan non Bondye, lè yo te vin konsidere l kòm yon non moun pa dwe pwononse (Egz. 20:7). Tikras pa tikras, non Bondye te vin pa fè pati relijyon Jidayis la ankò. Sandout, sa te fè Jewova mal pou l wè jan yo te derespekte non l (Sòm 78:40, 41). Sepandan, li klè, Bondye “ki gen non Jalou” a pa t ap ret atache pou toutan ak yon pèp ki te nye l e li menm li te nye tou (Egz. 34:14, NW). Sa k te rive a fè n wè enpòtans pou nou trete non Kreyatè nou an avèk anpil respè.

YON NOUVO PÈP KI POTE NON BONDYE

12. Ki fason Jewova te fè pèp li te predi k ap pote non l lan parèt?

12 Pa mwayen Jeremi, Jewova te revele objektif li genyen pou l etabli yon “nouvo alyans” (NW) avèk yon nouvo nasyon, Izrayèl espirityèl la. Jeremi te fè konnen, tout moun ki t ap fè pati nasyon sa a, “depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an”, yo tout t ap “konnen Senyè a”. (Jer. 31:31, 33, 34.) Pwofesi sa a te kòmanse jwenn akonplisman l nan Pannkòt ane 33 epòk nou an lè Bondye te etabli nouvo alyans lan. Jewova te fè konnen, nouvo nasyon an, “Izrayèl Bondye a”, ki gen ladan l ni moun ki Juif ni moun ki pa Juif, te vin tounen “yon pèp pou non l” oswa yon pèp “ki pote non [l]”. — Gal. 6:16; li Travay 15:14-17; Mat. 21:43.

13. a) Èske premye kretyen yo te konn itilize non Bondye? Esplike. b) Kòman w konsidere privilèj ou genyen pou w sèvi ak non Jewova nan travay predikasyon an?

13 Antanke pèp “ki pote non [Bondye]”, moun ki te fè pati nasyon espirityèl sa a te konn sèvi ak non Bondye, e yo te fè sa sitou lè yo te konn li l nan liv ki te ekri ann ebre yo *. Donk, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè apot Pyè t ap bay yon diskou devan yon foul moun ki te gen Juif ak Pwozelit ki soti nan tout peyi, li te itilize non Bondye plizyè fwa (Tra. 2:14, 20, 21, 25, 34). Premye kretyen yo te onore Jewova, e konsa, an retou li te beni efò y ap fè nan travay predikasyon an. Menm jan an tou, jodi a Jewova beni travay predikasyon nou an, lè n santi n fyè pou n pwoklame non l ak lè n montre moun ki enterese yo non sa a nan pwòp Bib yo kou sa posib. Konsa, nou fè yo fè konesans ak vrè Dye a. Ala yon privilèj nou menm ak moun sa yo genyen! Nan kèk ka, konesans sa a kapab se kòmansman yon bèl relasyon ak Jewova k ap grandi pou vin pi djanm e k ap dire pou toutan.

14, 15. Malgre apostazi t ap vale teren, ki sa Jewova te fè konsènan non l ki la pou tan endefini an?

14 Apre sa, apostazi te kòmanse kontamine kongregasyon kretyen an, sitou apre lanmò apot yo (2 Tes. 2:3-7). Fo anseyan yo te menm adopte tradisyon  Juif yo kòmkwa moun pa dwe sèvi ak non Bondye. Men, èske Jewova t ap kite non l ki la pou tan endefini an disparèt? Jamè! Byenke, kounye a nou pa konnen egzakteman ki fason yo te konn pwononse non sa a, men, li te rete la. Tank tan ap pase, li te parèt nan plizyè tradiksyon Labib ansanm ak liv kèk biblis te ekri. Pa egzanp, an 1757, Charles Peters te fè konnen, kontrèman ak anpil tit yo bay Bondye, “Jewova sanble se non ki pi byen eksprime pèsonalite Bondye”. Men ki jan Hopton Haynes te kòmanse chapit 7 yon liv li te ekri an 1797 sou adorasyon Bondye: “JEWOVA, non pwòp BONDYE pami Juif yo, sèl moun Juif yo te adore a, se li menm Kris ak Apot li yo te adore tou.” Henry Grew (1781-1862) pa t sèlman konn itilize non Bondye, men, li te konnen yo te dezonore non sa a e non an te dwe sangtifye. Menm jan an tou, ni Charles T. Russell, ni George Storrs (1796-1879), yon moun ki te pwòch Russell, te konn itilize non Bondye.

15 Ane 1931 an te yon ane ki vrèman remakab, paske nan ane sa a, Etidyan Labib yo, jan yo te konn rele pèp Bondye a anvan sa, te adopte non biblik Temwen Jewova a (Iza. 43:10-12). Konsa, yo te fè tout moun nan monn nan konnen yo fyè pou yo se sèvitè sèl vrè Dye a, pou yo vin “yon pèp pou non l”, yon pèp k ap louwe non sa a (Tra. 15:14). Sa k te rive a fè n sonje pawòl Jewova te di nou jwenn nan Malaki 1:11 lan (NW): “Depi kote solèy la leve a jis rive kote l kouche a, non mwen gen pou l gran pami nasyon yo.”

MACHE NAN NON JEWOVA

16. Poukisa nou dwe konsidere se yon onè sa ye pou nou mache nan non Jewova?

16 Men sa pwofèt Mika te ekri: “Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan.” (Mika 4:5, NW). Jewova te fè Etidyan Labib yo plis pase yon gwo onè lè l te pèmèt yo adopte non l. Se te yon prèv tou ki te fè yo gen asirans yo gen apwobasyon Bondye. (Li Malaki 3:16-18.) E ou menm? Èske w fè tout efò w pou w “mache nan non Jewova”? Èske w apresye tout sa sa enplike?

17. Ki sa mache nan non Bondye enplike?

17 Mache nan non Bondye enplike omwen twa bagay. Premyèman, nou dwe fè lòt moun konn non sa a, sa vle di nou dwe rekonèt se sèlman “moun ki envoke non Jewova [k] ap sove”. (Wom. 10:13.) Dezyèmman, nou bezwen reflete kalite Jewova yo, sitou lanmou li. Epi twazyèmman, nou mache nan non Bondye lè nou soumèt ak tout kè nou anba prensip li yo ki jis yon fason pou nou pa fè anyen k ap dezonore non Papa nou an ki sen (1 Jan 4:8; 5:3). Èske w detèmine pou w “mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini”?

18. Ki sa k fè tout moun ki onore gran non Jewova a kapab tann lavni avèk konfyans?

18 Talè konsa, tout moun ki pa konn Jewova oswa k ap aji kont li pral oblije rekonèt kiyès li ye (Eze. 38:23). Sa gen ladan l moun ki menm jan ak Farawon yo ki te di (NW): “Kiyès ki Jewova a pou mwen ta obeyi lè l pale?” Li te jwenn repons lan byen vit (Egz. 5:1, 2; 9:16; 12:29)! Sepandan, nou menm, se ak tout kè nou nou chwazi konn Jewova. Nou fyè pou nou pote non l e pou nou se pèp k ap obeyi non l lan. Se sa k fè, n ap tann sa k gen pou vini yo toutpandan nou gen konfyans nan pwomès nou jwenn nan Sòm 9:10 la (NW) ki di: “Moun ki konnen non w ap mete konfyans yo nan ou, paske ou pap janm lage moun k ap chèche w, o Jewova.”

^ § 5 Non Bondye se fòm yon vèb ebre ki vle di “tounen”. Kidonk, “Jewova” vle di “Li fè vin tounen”. — Jen. 2:4, nòt, NW.

^ § 13 Tèks ebre premye kretyen yo te konn itilize a te gen Tetragram nan ladan l. Gen prèv ki fè n rive dakò se te menm bagay la tou pou premye kopi Septant lan, yon tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk.