Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Twoupo Bondye a te grandi devan je m nan peyi Kore

Twoupo Bondye a te grandi devan je m nan peyi Kore

Twoupo Bondye a te grandi devan je m nan peyi Kore

Dapre Milton Hamilton

“ N ap fè nou konnen avèk regrè gouvènman Repiblik Kore a anile viza nou antanke misyonè e li fè konnen li pa vle nou antre nan peyi a [...]. Akoz sitiyasyon sa a, nou asiyen nou nan peyi Japon annatandan. ”

NAN fen ane 1954, mwen menm ak madanm mwen te resevwa mesaj nou jwenn pi wo a ki te soti Bwouklin, nan Nouyòk, Ozetazini. Anvan sa, nan menm ane a, nou te gradye nan 23yèm klas Lekòl Gileyad, ki nan Nouyòk. Lè nou te resevwa lèt la, nou te deja ap sèvi pandan yon ti tan nan vil Indyanapolis, nan Indyana.

Mwen menm ak Liz (ki te siyen Semock anvan sa), ki t apral vin madanm mwen, nou te nan menm klas lè nou te lekòl segondè. Nou te marye an 1948. Liz te renmen sèvis aplentan, men li pa t twò anvi kite Etazini pou l al sèvi nan yon peyi etranje. Ki sa k te fè l chanje lide ?

Liz te aksepte akonpaye m nan yon reyinyon yo t ap fè pou moun ki te vle al nan Lekòl Gileyad. Yo te fè reyinyon sa a nan kongrè entènasyonal ki te fèt ann ete 1953 nan stad ki rele Yankee Stadium nan, nan Nouyòk. Apre reyinyon ankourajan sa a, nou te ranpli fòmilè pou n al Gileyad. Nou te sezi wè yo te envite nou asiste klas ki t ap kòmanse an fevriye 1954 la.

Byenke te gen yon gè ki te dire twazan ki te fèk fini ann ete 1953 an Kore, yo te ban nou asiyasyon pou n al sèvi nan peyi sa a. Gè a te devaste peyi a. Jan sa parèt nan pati nan lèt mwen te site pi wo a, nou te ale Japon anvan. An janvye 1955, apre nou te fin pase 20 jou sou lanmè ap vwayaje, nou menm ansanm ak sis lòt misyonè yo te asiyen Kore yo te rive Japon. Lloyd Barry, ki te siveyan filyal Japon an nan moman sa a, te vin rankontre nou a 6 è dimaten sou waf la. Yon ti tan apre, nou te pran wout pou n al nan mezon misyonè a ki te Yokohama. Pita, nan menm jounen an, nou te soti nan predikasyon.

Nou resi rive Kore

Pandan tan sa a, nou te jwenn viza pou nou antre nan Repiblik Kore. Nan jou ki te 7 mas 1955 lan, avyon nou an te kite ayewopò entènasyonal Haneda nan Tokyo e li te pran direksyon ayewopò entènasyonal Yoido ki nan Sewoul. Vwayaj la te dire twazèdtan. Te gen plis pase 200 Temwen koreyen ki te vin akeyi nou. Nou te pran kriye tèlman nou te kontan. Lè sa a, se sèlman 1 000 Temwen ki te genyen nan tout peyi a. Menm jan ak anpil lòt moun ki soti ann Amerik, nou te panse tout moun ann Oryan sanble e tout aji menm jan, menm lè yo pa soti nan menm peyi. Sa pa t pran nou lontan pou nou wè se pa vre. Nonsèlman Koreyen yo gen lang pa yo, yo gen alfabè pa yo, men, yo gen fason pa yo tou pou yo fè manje, yo gen fòm visaj pa yo, rad tradisyonèl pa yo ak lòt bagay se sèlman yo menm ki genyen yo, tankou fason yo fè kay yo.

Premye gwo defi nou te genyen se te aprann lang nan. Pa t gen okenn liv ki te disponib pou ede nou aprann lang koreyen an. Byen vit nou te santi li t ap enposib pou nou sèvi ak son ki nan lang anglè a pou nou repwodui yon fason egzak son mo ki nan lang koreyen an. Sèl jan pou yon moun aprann pwononse mo yo yon fason kòrèk, se aprann pou l aprann alfabè koreyen an.

Nou te konn fè erè. Pa egzanp, yon lè Liz te mande yon moun li t ap preche si l gen yon bib. Moun nan te parèt yon jan anbarase. Li te deplase e li te retounen ak yon bwat alimèt. Anfèt, Liz te mande l si l gen sungnyang (ki vle di alimèt) olye l te mande l si l gen sungkyung (ki vle di “ Bib ”).

Apre kèk mwa, yo te mande nou mete yon mezon misyonè nan Pusan, yon vil ki nan sid peyi a ki te gen yon waf. Nou te lwe twa ti pyès kay pou nou kat la, mwen menm ak madanm mwen ansanm ak de sè yo te asiyen avèk nou yo. Nou pa t gen dlo nan kay la e pa t gen twalèt ijyenik. Se nan nuit sèlman ki te gen ase presyon pou dlo monte nan premye etaj la nan yon kawotchou. Chak moun te gen jou pa yo pou yo leve granmmaten pou yo met dlo nan veso. Nou te oblije bouyi dlo a oswa trete l ak kloròks pou nou te ka bwè l san pwoblèm.

Te gen lòt difikilte toujou. Akoz kouran elektrik la ki te twò fèb, nou pa t ka sèvi ak yon machin a lave oswa ak fè pou pase. Kuizin nan te nan koulwa a, e sèl aparèy ki te gen ladan l se te yon fou ki mache ak kewozèn. Anvan lontan, nou chak te vin kapab fè manje nan jou pa nou. Twazan apre mwen menm ak Liz te rive Kore, nou te fè epatit. Nan ane sa yo, pifò misyonè yo te konn fè maladi sa a. Plizyè mwa te pase anvan nou te refè, men nou te vin gen lòt pwoblèm sante.

Nou te ba yo èd pou yo venk opozisyon yo te jwenn

Pandan 55 ane ki pase yo, preskil koreyen an se youn nan zòn ki te gen plis enstabilite politik ann Azi. Gen yon zòn militè yo pa dwe franchi ki divize preskil la. Zòn sa a a 55 km nan nò Sewoul, kapital Repiblik Kore. An 1971, Frederick Franz, ki te soti nan Biwo santral la nan Bwouklin, te vizite nou. Mwen te mennen l nan zòn sa a militè pa dwe franchi a, ki se fwontyè ki gen plis sekirite sou tè a. Nan ane ki pase yo, souvan gen reprezantan Nasyonzini k al rankontre reprezantan de gouvènman yo nan zòn sa a.

Natirèlman, nou toujou rete net nan zafè politik monn sa a, sa vle di nou rete net tou nan sa k ap pase nan preskil koreyen an (Jan 17:14). Gen plis pase 13 000 Temwen koreyen ki pase anviwon 26 000 ane antou nan prizon paske yo pa vle pran zam kont pwochen yo (2 Kor. 10:3, 4). Tout jèn frè ki nan peyi a konnen y ap gen pou yo fè fas ak pwoblèm sa a, men, sa pa fè yo pè. Sa tris pou nou wè gouvènman an mete etikèt “ kriminèl ” sou do kretyen yo. “ Krim ” yo komèt la se refize fè konpwomi ak pozisyon net yo genyen antanke kretyen.

Pandan Dezyèm Gè mondyal la, nan ane 1944, mwen menm tou mwen te refize fè sèvis militè, e sa te fè m pase dezan edmi nan yon prizon Ozetazini ki nan Lewisburg, nan Pennsilvani. Donk, malgre sitiyasyon an pi rèd pou frè koreyen yo ki nan prizon, mwen konnen sa jèn Temwen sa yo ap pase. Sa te ankouraje anpil ladan yo lefètke yo te konnen kèk nan misyonè ki nan Kore yo te fè menm eksperyans lan. — Iza. 2:4.

Nou te fè fas ak yon sitiyasyon difisil

Nan ane 1977, te gen yon pwoblèm ki te mete netralite nou anba eprèv. Otorite yo te panse se nou ki te enfliyanse jèn koreyen yo pou yo pa antre nan lame e pou yo pa pran zam. Konsa, gouvènman an te deside depi yon misyonè kite peyi a pou kèlkeswa rezon an, yo pap reba l viza pou l tounen. Restriksyon sa a te kòmanse nan ane 1977 e li te fini an 1987. Si nou te kite Kore pandan ane sa yo, yo pa t ap pèmèt nou tounen. Se sa k fè, pandan tout ane sa yo, nou pa t al vizite peyi nou menm yon fwa.

Nou te rankontre ak otorite nan gouvènman yo plizyè fwa pou nou esplike yo pozisyon net nou genyen antanke disip Kris. Finalman, yo te reyalize nou pa t ap pran nan presyon, se sa k fè yo te leve restriksyon an apre dizan. Pandan ane sa yo, gen kèk grenn misyonè ki te oblije kite peyi a pou rezon tankou pwoblèm sante, men rès misyonè yo te rete, e nou kontan dèske nou te fè sa.

Nan mitan ane 1980 yo, moun ki te opoze ak ministè nou an te lage fo akizasyon sou responsab asosyasyon nou an ki se yon asosyasyon leta rekonèt. Yo te pretann se yo menm k ap anseye jèn gason yo pou yo pa antre nan sèvis militè. Lè sa a, gouvènman an te rele chak responsab pou l kesyone yo. Nan jou ki te 22 janvye 1987 la, komisè gouvènman an te rekonèt akizasyon yo te lage sou do nou yo pa t gen fondman. Lefètke yo te rekonèt sa, sa te pwofitab pou nou paske sa te sèvi kòm baz pou lòt pwoblèm nou t apral jwenn alavni.

Bondye beni travay nou

Nan Kore, akoz netralite nou, opozisyon nou te jwenn poutèt travay predikasyon an te vin pi rèd pandan ane yo t ap pase. Se sa k fè li te vin pi difisil pou nou jwenn kote ki konvnab pou nou fè asanble yo. Se poutèt sa Temwen yo te pran inisyativ bati yon Sal Asanble nan Pusan. Se premye Sal Asanble ki te fèt ann Oryan. Inogirasyon an te fèt 5 avril 1976, e mwen te gen privilèj bay diskou a devan 1 300 moun ki te nan Sal Asanble a.

Depi 1950, gen plizyè dizèn milye militè ki soti Ozetazini yo te voye Kore. Lè mesye sa yo te tounen Ozetazini, anpil ladan yo te vin Temwen Jewova. Souvan, nou resevwa lèt yo ekri nou, e nou konsidere se yon benediksyon sa ye lefètke nou te ede yo nan domèn espirityèl.

Malerezman, mwen te pèdi Liz, konpay mwen an mwen te renmen anpil, nan dat 26 septanm 2006. Mwen sonje l anpil anpil. Pandan 51 an li te pase isit la, li te byen kontan aksepte kèlkeswa afektasyon yo te ba li san li pa t janm plenyen. Li pa t janm mande ni yon fason dirèk ni yon fason endirèk pou l tounen Ozetazini, peyi li te di li pa t ap janm renmen kite a.

M ap sèvi kòm manm fanmi Betèl Kore a. Fanmi an grandi. Li te gen yon ti ponyen moun ladan l okòmansman, men jodi a li gen anviwon 250 moun ladan l. Jodi a, mwen gen privilèj sèvi kòm manm komite filyal la ki gen sèt frè ladan l ki la pou siveye travay la nan peyi a.

Alòske Kore te pòv anpil lè nou te rive, jodi a, se youn nan nasyon ki pi avanse sou tè a. Kounye a, gen plis pase 95 000 Temwen nan Kore, e prèske 40 pousan ladan yo ap sèvi kòm pyonye pèmanan oswa kòm pyonye oksilyè. Tout sa ajoute sou rezon ki fè mwen apresye posiblite mwen genyen pou m sèvi Bondye nan peyi sa a e pou m wè jan twoupo Bondye a grandi.

[Foto nan paj 24]

Mwen menm ansanm ak lòt misyonè yo, lè nou te rive Kore.

[Foto nan paj 24, 25]

Pandan n ap sèvi Pusan.

[Foto nan paj 25]

Mwen menm ak frè Franz nan zòn militè pa dwe franchi a, an 1971.

[Foto nan paj 26]

Mwen menm ansanm ak Liz, yon ti tan anvan l mouri.

[Foto nan paj 26]

Filyal Kore a, kote m ap sèvi kòm manm fanmi Betèl la.