Pwen enteresan ki nan liv Nawoum nan, liv Abakouk la ak liv Sefànya a
Pawòl Jewova a vivan
Pwen enteresan ki nan liv Nawoum nan, liv Abakouk la ak liv Sefànya a
PISANS mondyal Asiri a te gentan ravaje Samari, kapital wayòm dis tribi Izrayèl la. Mete sou sa, depi lontan Asiri te yon menas pou Jida. Nawoum, pwofèt Jida a te gen yon mesaj pou Niniv, kapital Asiri a. Se nan liv Nawoum nan, yon liv nan Bib la ki te ekri anvan 632 anvan epòk nou an, nou jwenn mesaj sa a.
Pisans ki t apral parèt annapre a se anpi babilonyen an, e pafwa, wa ki t ap dirije l yo se Kaldeyen yo te ye. Liv Abakouk la, yon liv petèt Abakouk te fin ekri an 628 anvan epòk nou an, predi fason Jewova t apral sèvi ak pisans mondyal sa a kòm yon enstriman pou l egzekite jijman l. Li predi tou ki sa k t apral rive Babilòn alafen.
Pwofèt Sefànya ki te nan Jida te pwofetize anvan Nawoum ak Abakouk. Li te pwofetize plis pase 40 ane anvan Jerizalèm te detwi an 607 anvan epòk nou an. Li te anonse yon mesaj destriksyon pou Jida, men, li te anonse yon mesaj ki pote espwa pou li tou. Liv Sefànya a gen deklarasyon tou kont lòt nasyon.
“ MALÈ POU VIL K AP FÈ SAN KOULE A ”
“ Deklarasyon kont Niniv ” la se Jewova ki bay li, li menm ki “ pa prese fè kòlè e [ki] gen anpil pisans ”. Jewova se “ yon fòtrès nan jou detrès ” pou moun ki chèche refij nan li, men sa pap anpeche l detwi Niniv. — Nawoum 1:1, 3, 7.
“ Jewova ap rasanble [retabli] fyète Jakòb la san mank. ” Sepandan, tankou ‘ yon lyon k ap dechire ’ bèt li chase, se konsa Asiri menase pèp Bondye a. Jewova “ pral boule cha de gè [Niniv] la fè l tounen lafimen. Nawoum 2:2, 12, 13.) “ Malè pou vil k ap fè san koule a ! ” Vil sa a se Niniv. “ Tout moun ki tande nouvèl la konsènan [li] pral bat men yo ” e y ap kontan. — Nawoum 3:1, 19.
E gen yon epe ki pral devore jèn lyon [li] yo ki gen krenyè ”. (Kesyon biblik ak tout repons :
1:9 — Ki sa “ destriksyon total ” Niniv la siyifi pou Jida ? Li vle di li pral jwenn soulajman nètale anba men Asiri, donk, “ pap gen detrès yon dezyèm fwa ” pou li. Nawoum pale kòmsi Niniv pa t egziste ankò. Men sa l ekri : “ Gade ! Pye moun k ap pote bon nouvèl la sou mòn yo, moun k ap pwoklame lapè a. O Jida, fete fèt ou yo. ” — Nawoum 1:15.
2:6 — Ki sa “ pòt flèv ” ki te ouvri yo ye ? Pòt sa yo se twou dlo flèv Tig la te fè nan miray vil Niniv la. An 632 anvan epòk nou an, lè lame Babilonyen yo ak lame Mèd yo te mete ansanm kont Niniv, li pa t santi l te vrèman menase. Li te santi l an sekirite pa dèyè gwo miray li yo. Li te konsidere tèt li kòm yon vil pèsonn pa t ka antre ladan l. Men, plizyè gwo lapli te tonbe e yo te lakòz flèv Tig la debòde. Selon yon istoryen yo rele Dyodò, nonsèlman li “ te inonde yon pati nan vil la, men tou, li te kraze yon bon pati nan miray yo ”. Konsa, pòt flèv la te ouvri, e jan yo te predi sa, yo te devore Niniv tankou yon dife k ap devore pay sèch. — Nawoum 1:8-10.
3:4 — Nan ki sans Niniv te tankou yon pwostitye ? Niniv te twonpe nasyon yo, li te pwomèt l ap zanmi yo e l ap ede yo, men, an reyalite se jouk opresyon li te met sou kou yo pito. Pa egzanp, Asiri te bay wa Jida a, Ahaz, èd kont atak Siri ak Izrayèl. Sepandan, finalman, “ wa Asiri a, te vini kont [Ahaz] e li te lakòz li nan detrès ”. — 2 Kwonik 28:20.
Leson pou nou jodi a :
1:2-6. Lefètke Jewova ap fè vanjans sou ènmi l yo ki refize ba l adorasyon san pataj la, sa montre nou li atann pou moun k ap adore l yo ba l yon adorasyon ki san pataj. — Egzòd 20:5.
1:10. Ni gwo miray yo ni plizyè santèn fòtrès Niniv te genyen yo pa t anpeche Jewova reyalize pawòl li kont vil sa a. Moun ki ènmi pèp Jewova a jodi a pap kapab chape anba jijman kondanasyon Jewova. — Pwovèb 2:22 ; Dànyèl 2:44.
‘ MOUN KI JIS LA AP RETE VIVAN ’
De premye chapit ki nan liv Abakouk la se yon dyalòg ant pwofèt la ak Jewova Dye. Piske Abakouk te enkyete anpil pou sa k t ap pase nan vil Jida, li te mande Bondye : “ Poukisa w fè m wè mechanste e w kontinye ap gade malè ? ” Kòm repons, Jewova di l : “ M ap fè Kaldeyen yo, nasyon ki an kòlè e ki dechennen an, leve kanpe. ” Pwofèt la montre li te sezi tande Bondye t ap sèvi ak moun ki “ trèt ” pou l pini Jida (Abakouk 1:3, 6, 13). Abakouk te gen asirans moun ki jis la ap kontinye viv, men moun ki ènmi Bondye a pap chape anba pinisyon. Anplis de sa, Abakouk pale de senk malè ki dwe rive sou peyi Kalde. — Abakouk 2:4.
Nan yon priyè Abakouk te fè pou l mande pitye, li te pale “ sou fòm chante lamantasyon ” de kèk evènman ki te pase ki te montre kokenn pisans Jewova genyen, tankou evènman ki te pase nan lanmè Wouj yo, nan dezè a ak nan vil Jeriko. Pwofèt la te anonse tou jan Jewova ap avanse avèk kòlè pou l al fè destriksyon l lan nan Amagedòn. Priyè Abakouk la fini ak pawòl sa yo : “ Jewova, Souvren Seyè a, se fòs mwen, l ap fè pye m vin menm jan ak pye bich yo e l ap fè m mache sou andwa m yo ki wo. ” — Abakouk 3:1, 19.
Kesyon biblik ak tout repons :
1:5, 6 — Poukisa Juif yo sanble pa t ka kwè Kaldeyen yo t ap leve kont yo ? Lè Abakouk te kòmanse pwofetize, Jida te tonbe anba enfliyans Ejip, yon enfliyans ki te pisan (2 Wa 23:29, 30, 34). Menmsi Babilonyen yo te vin pi pisan, lame yo te genyen yo potko janm bat Farawon Neko (Jeremi 46:2). Anplis de sa, tanp Jewova a te nan Jerizalèm, e nan moman sa a, desandan David yo te gen pouvwa wayal la toujou. Pou Juif nan epòk sa a, sa te enposib pou Bondye ta pèmèt Kaldeyen yo detwi Jerizalèm. Men, kèlkeswa jan pawòl Abakouk yo te ka parèt enkwayab pou yo, vizyon ki montre Babilonyen yo t ap detwi Jerizalèm nan te “ reyalize kanmenm ” nan ane 607 anvan epòk nou an. — Abakouk 2:3.
2:5 — Kiyès “ moun ki byen pòtan ” an ye, e poukisa “ li pap atenn objektif li ” ? Se Babilonyen yo, yon pèp ki te itilize eksperyans yo te genyen nan domèn militè pou yo venk nasyon yo, ki reprezante “ moun ki byen pòtan ” an. Eksperyans yo gen nan ranpòte laviktwa nan lagè te fè yo tankou yon moun ki sou ak diven. Men, yo pa t ap rive reyini tout nasyon yo anba men yo, paske Jewova t apral sèvi ak Mèd yo ansanm ak Pès yo pou l fè yo pèdi pisans yo a. Nan tan n ap viv la, se gouvènman politik yo antanke gwoup ki reprezante “ moun ki byen pòtan ” an. Yo menm tou yo sou akoz fyète ak awogans yo genyen e yo gen yon dezi ki san fren pou yo etann pouvwa yo. Men, yo pap rive atenn objektif yo genyen pou yo “ reyini tout nasyon yo bò kote [yo] ”. Se sèl Wayòm Bondye a ki pral ini lèzòm. — Matye 6:9, 10.
Leson pou nou jodi a :
1:1-4 ; 1:12–2:1. Abakouk te poze kesyon ki sensè, e Jewova te reponn li. Vrè Dye a koute priyè sèvitè fidèl li yo.
2:1. Menm jan ak Abakouk, nou ta dwe rete vijilan e aktif nan domèn espirityèl. Nou ta dwe dispoze tou pou nou korije panse nou pou nou mete yo ann amoni ak kèlkeswa “ blam ”, sètadi koreksyon, nou ta resevwa.
2:3 ; 3:16. Pandan n ap tann jou Jewova a k ap vini avèk lafwa, annou pa bliye se moman pou nou aji san pèdi tan.
2:4. Pou nou chape nan jou jijman Jewova a, nou dwe andire avèk fidelite. — Ebre 10:36-38.
2:6, 7, 9, 12, 15, 19. Se sèten malè ap tonbe sou moun k ap kouri dèyè pwofi malonèt avèk avidite, ki renmen vyolans, k ap pratike imoralite oswa k ap pratike idolatri. Nou dwe veye pou nou pa gen karakteristik sa yo e pou pa pratike bagay sa yo.
2:11. Si nou pa devwale mechanste monn sa a, “ yon wòch ap [...] rele ak yon ton ki montre l ap plenyen ”. Li enpòtan pou nou kontinye preche mesaj Wayòm nan avèk kran.
3:6. Pa gen anyen k ap ka bloke Jewova lè l ap egzekite jijman l lan. Menm òganizasyon lèzòm yo ki sanble stab tankou montay pap anpeche l.
3:13. Nou gen asirans destriksyon k ap fèt nan Amagedòn nan pap fèt yon fason ki avèg. Jewova ap sove sèvitè fidèl li yo.
3:17-19. Menmsi nou ta rankontre difikilte ni anvan ni pandan Amagedòn, nou kapab gen konfyans Jewova ap ban nou “ fòs ” nou bezwen an toutotan nou kontinye sèvi l avèk jwa.
“ JOU JEWOVA A PRE ”
Adorasyon Baal la gaye toupatou nan Jida. Men sa Jewova di pa mwayen Sefànya, pwofèt li : “ Mwen pral lonje men m kont Jida e kont tout abitan Jerizalèm yo. ” E apre sa, Sefànya bay avètisman sa a : “ Jou Jewova a pre. ” (Sefànya 1:4, 7, 14). Nan jou sa a, se sèlman moun ki obeyi kòmandman Bondye yo “ y ap kache ”. — Sefànya 2:3.
“ Malè pou [...] vil k ap toupizi a ”, sètadi Jerizalèm. “ ‘ Rete tann mwen ’, se sa Jewova deklare, ‘ jouk jou a rive pou m leve al fè piyay, paske desizyon jidisyè m nan se pou m rasanble nasyon yo [...] pou m ka vide pawòl kondanasyon m sou yo. ’ ” Sepandan, men sa Bondye pwomèt : “ Mwen pral fè nou vin yon non ak yon lwanj pami tout pèp sou tè a, lè mwen pral fè kaptif nou yo retounen anba je nou. ” —Kesyon biblik ak tout repons :
2:13, 14 — Vwa kiyès k “ ap chante san rete ” nan Niniv apre l fin dezole nèt ? Piske Niniv t ap vin tounen yon kote pou bèt sovaj ak zwazo sovaj rete, vwa ki t apral chante san rete a se vwa zwazo yo e petèt se bri van an t apral fè nan fenèt kay ki abandone yo.
3:9 — Ki sa “ lang pwòp ” la ye, e ki jan yo pale l ? Se verite Bondye bay la nou jwenn nan Pawòl li a, Labib. Lang sa a gen tout ansèyman biblik yo ladan l. Nou pale l lè nou kwè nan laverite, lè nou byen anseye lòt moun li e lè nou viv ann amoni ak volonte Bondye.
Leson pou nou jodi a :
1:8. Gen moun nan epòk Sefànya a sanble ki t ap chèche fè lòt nasyon ki te rete bò kote yo aksepte yo, sa te pouse yo “ mete rad etranje sou yo ”. Èske sa se pa ta yon gwo foli pou adoratè Jewova yo ta chèche konfòme yo ak monn nan konsa tou ?
1:12 ; 3:5, 16. Jewova te kontinye voye pwofèt li yo al avèti pèp li a konsènan desizyon jidisyè li yo. Li te fè sa malgre anpil Juif te fin santi yo byen chita nan fason yo t ap viv e yo te endiferan parapò ak mesaj la. Yo te menm jan ak ma diven ki poze nan fon yon resipyan. Tank jou Jewova ap avanse, nou bezwen kontinye anonse mesaj Wayòm nan san rete, olye pou nou kite atitid endiferan moun yo demontre fè ‘ men nou tonbe ’ pou nou vin endiferan.
2:3. Se Jewova sèl ki kapab sove nou nan jou kòlè l la. Pou nou kontinye jwenn favè Jewova, nou dwe “ chèche [l] ” lè nou etidye Pawòl li a, Labib, avèk swen, lè nou mande l direksyon li nan lapriyè e lè nou vin pwòch li. Nou dwe “ chèche ladwati ” lè nou mennen yon vi ki pwòp moralman. E nou dwe “ chèche imilite ” lè nou kiltive yon etadespri ki enb e ki obeyisan.
2:4-15 ; 3:1-5. Nan jou Jewova ap egzekite jijman l lan, lakretyente ansanm ak tout nasyon yo, yo menm ki te konn toupizi pèp Bondye a, pral detwi menm jan ak Jerizalèm tan lontan an ansanm ak lòt nasyon ki te bò kote l yo (Revelasyon 16:14, 16 ; 18:4-8). Se sa k fè nou ta dwe kontinye pwoklame jijman Bondye yo san nou pa pè.
3:8, 9. Pandan n ap tann jou Jewova a, n ap prepare pou nou sove lè nou aprann pale “ lang pwòp ” la e lè nou ‘ envoke non Bondye ’, sètadi nou vwe tèt nou pèsonèlman ba li. Nou sèvi Jewova tou “ kòtakòt ” avèk pèp li a e n ap ba l “ yon sakrifis louwanj ”.— Ebre 13:15.
“ L ap prese anpil ”
Gen yon salmis ki te di pawòl sa yo nan yon chan : “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. ” (Sòm 37:10). Lè nou reflechi sou sa yo te anonse kont Niniv nan liv Nawoum nan e sou sa yo te anonse kont Babilòn ak Jida ki te vin aposta nan liv Abakouk la, nou gen asirans pawòl salmis la di yo ap reyalize. Men, konbyen tan nou dwe tann ?
Men sa Sefànya 1:14 di : “ Gran jou Jewova a pre. Li pre, e l ap prese anpil. ” Anplis, liv Sefànya a montre nou ki jan nou kapab kache nan jou Jewova a e ki sa nou dwe fè depi kounye a pou nou prepare nou pou nou sove. Vrèmanvre, “ pawòl Bondye a vivan e li pisan ”. — Ebre 4:11, 12.
[Foto nan paj 8]
Menmsi miray Niniv yo te gwo, sa pa t anpeche pwofesi Nawoum nan reyalize.
[Liy kredi]
Randy Olson/National Geographic Image Collection