Fason zanj yo ede lèzòm
Fason zanj yo ede lèzòm
“ Apre bagay sa yo mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòt nan syèl la, avèk gwo otorite [...]. E li te rele ak yon vwa fò, li di : ‘ Li tonbe ! Gran Babilòn nan tonbe ! ’ ” — REVELASYON 18:1, 2.
1, 2. Ki sa k montre Jewova sèvi ak zanj yo pou l akonpli volonte l ?
PANDAN apot Jan, ki te aje, te ann egzil sou zile Patmòs, li te gen privilèj pou l resevwa plizyè vizyon pwofetik. Li te wè yon seri evènman frapan pandan li te “ sou enspirasyon ” kote li te twouve l nan “ jou Seyè a ”. Jou sa a te kòmanse avèk entwonizasyon Jezi Kris an 1914 e l ap kontinye jis nan fen rèy mil an Jezi a. — Revelasyon 1:10.
2 Jewova pa t bay apot Jan revelasyon sa a dirèkteman. Li te sèvi ak yon kanal kominikasyon. Revelasyon 1:1 di : “ Revelasyon Jezi Kris, revelasyon Bondye ba li pou montre esklav li yo bagay ki dwe rive talè konsa. E li voye zanj li a e pa entèmedyè li, li prezante li kòm siy bay esklav li Jan. ” Pa mwayen Jezi, Jewova te sèvi ak yon zanj pou l fè Jan konnen bèl bagay ki konsène “ jou Seyè a ”. Anplis de sa, rive yon lè, Jan “ wè yon lòt zanj k ap desann sòt nan syèl la, avèk gwo otorite ”. Ki misyon zanj sa a te genyen ? “ Li te rele ak yon vwa fò, li di : ‘ Li tonbe ! Gran Babilòn nan tonbe ! ’ ” (Revelasyon 18:1, 2). Zanj pisan sa a te gen privilèj pou l anonse Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, tonbe. Kidonk, pa gen okenn dout, Jewova sèvi ak zanj yo yon fason enpòtan pou l akonpli volonte l. Anvan nou analize an detay wòl zanj yo jwe nan objektif Bondye e fason yo ede nou, annou egzamine orijin kreyati espirityèl sa yo.
Kòman zanj yo fè vin egziste ?
3. Ki move konsepsyon anpil moun genyen sou zanj yo ?
3 Jodi a, gen plizyè milyon moun ki kwè zanj yo egziste. Men, anpil nan yo gen yon ide ki pa egzak sou zanj yo e sou orijin yo. Pa egzanp, gen moun ki relijye ki panse lè yon moun pa yo mouri, se rele yo rele moun sa a pou l al jwenn Bondye e li tounen yon zanj. Èske se sa Pawòl Bondye a anseye sou fason Bondye te kreye zanj yo, sou egzistans yo e sou rezondèt yo ?
4. Ki sa Ekriti yo di sou orijin zanj yo ?
4 Zanj ki gen plis pisans ak plis otorite a — zanj prensipal la — rele Mikayèl, akanj lan (Jid 9). Se pa lòt moun se Jezi Kris (1 Tesalonisyen 4:16). Depi yon kantite tan moun pa ka konte, lè Jewova te deside kreye, premye kreyasyon li te fè, se Pitit Gason anjelik li a (Revelasyon 3:14). Apre sa, se pa mwayen premye Pitit Gason sa a Jewova te kreye tout lòt kreyati espirityèl yo (Kolosyen 1:15-17). Nan yon konvèsasyon Jewova te genyen avèk Jòb, yon patriyach, li te pale de zanj sa yo antanke pitit li lè l te mande l : “ Ki kote w te ye lè m te fè fondasyon tè a ? Di m li, si toutbonvre ou konn sa yo rele entèlijans. [...] Kiyès ki te poze wòch kwen l, lè etwal dimaten yo t ap pouse kri lajwa ansanm, e lè tout pitit Bondye yo te pran bat bravo ? ” (Jòb 38:4, 6, 7). Li klè, se Bondye ki kreye zanj yo e yo te fèt lontan anvan lèzòm.
5. Kòman zanj yo òganize ?
1 Korentyen 14:33, “ Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè ”. Pou rezon sa a, Jewova òganize pitit espirityèl li yo an twa kategori prensipal : 1) serafen yo, k ap jwe wòl sèvitè bò kote twòn Bondye a, yo pwoklame sentete li, e yo kenbe pèp li a pwòp espirityèlman, 2) cheriben yo, k ap soutni souvrènte Jewova e 3) lòt zanj yo, k ap akonpli volonte l (Sòm 103:20 ; Izayi 6:1-3 ; Ezekyèl 10:3-5 ; Dànyèl 7:10). Ki fason kreyati espirityèl sa yo ede lèzòm ? — Revelasyon 5:11.
5 SelonKi wòl zanj yo jwe ?
6. Ki fason Jewova te itilize cheriben yo nan jaden Edenn nan ?
6 Premye fwa yo pale dirèkteman de kreyati espirityèl, se nan Jenèz 3:24, kote nou li : “ [Jewova] te mete lòm deyò, e nan lès jaden Edenn nan, li te mete cheriben yo ansanm ak yon epe ki gen lam li k ap fè dife k ap vire san rete pou siveye wout pyebwa lavi a. ” Cheriben sa yo te anpeche Adan ak Èv retounen antre nan paradi a, premye kote yo te rete a. Sa te rive nan kòmansman istwa limanite. Depi lè a, ki wòl zanj yo jwe ?
7. Ki sa sans mo yo itilize pou “ zanj ” nan lang orijinal yo montre sou youn nan wòl zanj yo jwe ?
7 Yo pale de zanj prèske 400 fwa nan Bib la. Ni an grèk ni ann ebre mo yo itilize pou “ zanj ” yo, yo ka tradui yo “ mesaje ” tou. Konsa, zanj yo sèvi kòm yon mwayen kominikasyon ant Bondye ak lèzòm. Jan de premye paragraf ki nan atik sa a montre sa, Jewova te itilize yon zanj pou l bay apot Jan mesaj li.
8, 9. a) Ki efè vizit yon zanj te genyen sou Manowa ak madanm li ? b) Ki sa paran yo ka aprann nan rankont Manowa ak zanj Bondye a ?
8 Bondye itilize zanj yo tou pou l bay sèvitè l yo ki sou tè a èd ak ankourajman. Pa egzanp, si nou fè bak nan epòk jij yo ann Izrayèl, te gen Manowa ansanm ak madanm li ki te vrèman anvi gen yon timoun, men madanm li pa t ka fè pitit. Jewova te voye zanj li enfòme madan Manowa li pral gen yon pitit. Istwa a rapòte : “ Gade ! w ap vin ansent, e san mank, ou pral fè yon pitit gason, e okenn razwa pa dwe pase nan tèt li, paske yon nazireyen Bondye se sa timoun nan ap vin ye depi lè li soti nan vant, e se li ki pral pran latèt pou sove Izrayèl anba men Filisten yo. ” — Jij 13:1-5.
9 Finalman, madan Manowa te fè yon pitit gason, yo te rele l Sanson, e li te vin yon moun ki selèb nan istwa biblik la (Jij 13:24). Anvan pitit la fèt, Manowa te mande pou zanj lan retounen kote yo pou l aprann yo sa yo dwe fè pou yo leve pitit la. Men sa Manowa te mande : “ Ki fason pitit la pral viv e ki sa ki pral travay li ? ” Zanj Jewova a te repete enstriksyon li te bay madan Manowa yo (Jij 13:6-14). Ala ankouraje Manowa dwe te santi l ankouraje ! Jodi a, zanj yo pa vizite moun menm fason an, men, menm jan ak Manowa, paran yo kapab chèche direksyon nan men Jewova lè y ap leve pitit yo. — Efezyen 6:4.
10, 11. a) Ki efè envazyon lame Siri a te fè sou Elicha ak sèvitè l la ? b) Lè nou reflechi sou evènman sa a, ki jan sa ka pwofitab pou nou ?
10 Gen yon egzanp remakab sou èd zanj yo bay nan sa ki te rive nan epòk pwofèt Elicha. Elicha te rete nan yon vil ann Izrayèl ki rele Dotàn. Yon jou, pandan sèvitè Elicha a te leve byen bonè nan maten, li gade deyò, li wè vil la antoure ak cheval ak charyo de gè. Wa Siri a te voye yon fòs militè pisan pou kaptire Elicha. Ki jan sèvitè Elicha a te reyaji ? Li te pè, petèt menm li te panike, li rele byen fò : “ Elas mèt mwen ! Ki sa n ap fè ? ” Pou li menm, sanble tout espwa te pèdi. Men, Elicha reponn li : “ Ou pa bezwen pè, paske kantite ki avèk nou an pi plis pase kantite ki avèk yo a. ” Ki sa li te vle di ? —11 Elicha te konnen lame zanj yo te la pou ede l. Sepandan, sèvitè l la pa t wè anyen. Se poutèt sa, “ Elicha te pran lapriyè, li di : ‘ O Jewova, ouvri je l, tanpri, pou l ka wè. ’ Imedyatman Jewova te ouvri je sèvitè a, konsa li te wè, epi, gade ! mòn yo te chaje ak cheval ak charyo de gè dife ki te toutotou Elicha. ” (2 Wa 6:17). Lè sa a sèvitè a te ka wè lame zanj yo. Avèk disènman espirityèl, nou menm tou, nou kapab konsyan zanj yo, ki anba direksyon Jewova ak Kris, ap bay pèp Jewova a èd ak pwoteksyon.
Èd zanj yo te bay nan epòk Kris la
12. Ki ankourajman Mari te jwenn nan men zanj Gabriyèl ?
12 Annou reflechi sou ankourajman yon jèn fi juif, yon vyèj, ki te rele Mari, te jwenn lè li te tande nouvèl sa a : “ Ou pral pote yon pitit nan matris ou, e w ap fè yon pitit gason, e w ap ba l non Jezi. ” Jis anvan zanj Gabriyèl, yon zanj Bondye te voye, te bay Mari mesaj etonan sa a, li te di l : “ Ou pa bezwen pè, Mari, paske ou jwenn favè bò kote Bondye. ” (Lik 1:26, 27, 30, 31). Se pa ti ankourajman Mari dwe te jwenn e se pa ti fòtifye pawòl sa yo dwe te fòtifye l, pawòl ki te fè l konnen li te jwenn favè Bondye !
13. Ki fason zanj yo te ede Jezi ?
13 Yon lòt egzanp ki montre èd zanj yo bay, se sa ki te rive apre Jezi te fin reziste devan twa tantasyon Satan te mete devan li nan dezè a. Istwa a di nou, nan fen eprèv la, “ Dyab la kite l, epi gade, gen zanj ki vini epi yo kòmanse sèvi l ”. (Matye 4:1-11.) Gen yon bagay menm jan an ki te rive nan nuit anvan Jezi te mouri a. Jezi te angwase, li te mete ajenou e li te kòmanse lapriyè, li di : “‘ Papa, si w vle, retire koup sa a devan m. Sepandan, se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w. ’ Lè sa a, yon zanj ki sot nan syèl la parèt sou li e li fòtifye l. ” (Lik 22:42, 43). Men, ki jan de èd nou resevwa nan men zanj yo jodi a ?
Èd zanj yo bay nan epòk pa nou an
14. Ki pèsekisyon Temwen Jewova yo te andire nan epòk pa nou an, e kòman sa fini ?
14 Lè nou egzamine istwa sou travay predikasyon Temwen Jewova yo nan epòk pa nou an, èske nou pa wè èd zanj yo aklè ? Pa egzanp, pèp Jewova a te rive reziste devan atak vyolan Nazi yo ann Almay ak ann Ewòp delwès ni anvan ni pandan Dezyèm Gè mondyal la (1939-1945). Sou rejim bout di katolik yo ann Itali, ann Espay e nan Pòtigal, yo te andire pèsekisyon ki te dire pi lontan toujou. E pandan plizyè deseni, yo te andire pèsekisyon nan ansyen Inyon Sovyetik la ak nan nasyon ki te anba dominasyon l yo. San nou pa bliye pèsekisyon Temwen yo te andire nan kèk peyi ann Afrik *. Tou dènyèman an, sèvitè Jewova yo te sibi pèsekisyon tèrib nan peyi Jòji. Satan fè tout sa ki nan pouvwa l pou l mete yon fen nan aktivite Temwen Jewova yo. Poutan, antanke òganizasyon, yo chape anba opozisyon sa yo e yo pwospere. An pati, sa rive grasa pwoteksyon zanj yo. — Sòm 34:7 ; Dànyèl 3:28 ; 6:22.
15, 16. Ki èd Temwen Jewova yo resevwa nan men zanj yo nan travay predikasyon y ap fè nan lemonnantye a ?
15 Temwen Jewova yo pran misyon yo trèzoserye, misyon yo genyen pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a e pou yo fè disip lè yo anseye moun toupatou ki enterese nan verite ki nan Bib la (Matye 28:19, 20). Sepandan, yo konnen byen yo pa ka akonpli misyon sa a san èd zanj yo. Se sa k fè, pawòl ki nan Revelasyon 14:6, 7 la toujou yon sous ankourajman pou yo. Nou li ladan l : “ Mwen [apot Jan] te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, e li te gen yon bon nouvèl etènèl pou l anonse kòm evanjil pou moun ki abite sou tè a, pou tout nasyon, ak tribi, ak lang, ak pèp. Li t ap di byen fò : ‘ Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Epi adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo. ’ ”
16 Pawòl sa yo montre aklè zanj yo ap soutni e y ap dirije gwo travay evanjelizasyon Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a. Jewova sèvi ak zanj yo pou l dirije moun ki sensè yo pou yo jwenn Temwen l yo. Zanj yo gide Temwen yo tou pou yo jwenn moun ki diy yo. Sa esplike poukisa nan anpil okazyon — sa rive twò souvan pou l ta yon senp konwensidans — Temwen Jewova yo rankontre yon moun egzakteman nan moman kote li t ap travèse yon peryòd difisil e li te bezwen èd espirityèl.
Yo pral jwe yon wòl remakab nan yon avni ki pa twò lwen
17. Sa k te rive Asiryen yo lè yon sèl zanj te frape yo ?
17 Nonsèlman zanj yo sèvi kòm mesaje e yo se yon èd ki fòtifye adoratè Jewova yo, men Jewova itilize yo nan yon lòt objektif ankò. Nan tan lontan, yo te konn egzekite jijman Bondye. Pa egzanp, nan uityèm syèk anvan epòk nou an, te gen yon gwo lame sòlda asiryen ki te menase Jerizalèm. Kòman Jewova te reyaji ? Li te di : “ Asireman m ap defann vil sa a pou m sove l, poutèt mwen menm e poutèt David, sèvitè m nan. ” Istwa biblik la rakonte sa k te pase : “ Se twouve, nan nuit sa a, zanj Jewova a soti e li touye san katreven senk mil òm nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve bonè nan maten, ebyen, gade, yo tout te kadav, tout te mò. ” (2 Wa 19:34, 35). Ala fèb lame lèzòm yo fèb lè w konpare yo ak fòs yon sèl zanj genyen !
18, 19. Ki wòl remakab zanj yo pral jwe nan yon avni ki pa twò lwen, e kòman sa ap afekte lèzòm ?
18 Nan yon avni ki pa twò lwen, Bondye pral sèvi ak zanj yo antanke fòs ame l pou l egzekite jijman l. Talè konsa, Jezi pral vini “ avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife. ” Yo pral gen pou misyon pou yo “ fè vanjans vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ”. (2 Tesalonisyen 1:7, 8.) Se pa ti efè aksyon sa a pral gen sou lèzòm ! Moun ki refize aji yon fason pozitif anrapò ak bon nouvèl Wayòm Bondye a k ap pwoklame sou tout tè a kounye a, pral sibi destriksyon. Se sèl moun ki chèche Jewova, ki chèche ladwati, e ki chèche imilite k ap “ kache lè jou kòlè Jewova a ” e k ap rete entak. — Sefànya 2:3.
19 Nou kapab rekonesan anvè Jewova lefètke li itilize zanj pisan li yo pou li ede sèvitè l yo ki sou tè a e pou li fòtifye yo. Konpreyansyon nou genyen sou wòl zanj yo jwe nan objektif Jewova vrèman rekonfòtan, vin jwenn nou konnen gen zanj ki rebele kont Jewova e ki vin anba pouvwa Satan. Atik ki vin apre a pral pale sou dispozisyon vrè kretyen yo kapab pran pou yo pwoteje tèt yo kont enfliyans pisan Satan Ledyab ansanm ak demon l yo.
[Nòt anba paj]
^ § 14 Pou plis detay sou vag pèsekisyon sa yo, gade nan Annuaire des Témoins de Jéhovah ane 1974 ak 1999 (Almay), 1983 (Angola), 1978 (Espay), 1992 (Etyopi), 2002 (Ikrèn), 1982 (Itali), 1999 (Malawi), 2004 (Mòldavi), 1996 (Mozanbik), 1994 (Polòy), 1983 (Pòtigal), 2000 (Repiblik tchèk), 1972 (Tchekoslovaki) ak 2006 (Zanbi).
Ki sa nou sot aprann ?
• Kòman zanj yo fè vin egziste ?
• Nan tan biblik yo, kòman yo te konn itilize zanj yo ?
• Ki sa Revelasyon 14:6, 7 aprann nou sou aktivite zanj yo jodia ?
• Ki wòl remakab zanj yo pral jwe nan yon avni ki pa twò lwen ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 12]
Yon zanj te ankouraje Manowa ak madanm li.
[Foto nan paj 13]
“ Kantite ki avèk nou an pi plis pase kantite ki avèk yo a. ”