Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pèsonn pa ka jwenn limit grandè Jewova

Pèsonn pa ka jwenn limit grandè Jewova

Pèsonn pa ka jwenn limit grandè Jewova

“ Jewova gran e nou dwe ba li anpil louwanj, yo pa ka jwenn limit grandè li. ” — SÒM 145:3.

1, 2. Ki jan de moun David te ye, e ki jan l te wè tèt li parapò ak Bondye ?

MOUN ki te konpoze Sòm 145 lan, se yon moun yo byen konnen nan listwa. Lè l te jenn tigason, li te afwonte yon jeyan militè ki te byen ame e li te touye l. Salmis sa a te alafwa yon wa e yon gèrye ki te ranpòte laviktwa sou anpil ènmi. Li te rele David, e se li menm ki te dezyèm wa peyi Izrayèl. David mouri kite non l dèyè, sa fè jis jodi a gen plizyè milyon moun ki konnen kiyès li ye.

2 David se yon moun ki te gen imilite malgre tout sa li te akonpli. Anpalan de Jewova, men sa l di nan yon chante : “ Lè m wè syèl ou a, travay ou fè ak dwèt ou, lalin ak etwal ou prepare yo, ki sa lòm mòtèl ye pou w panse a li ? E ki sa pitit lòm ki soti nan tè a ye pou w pran ka l ? ” ​(Sòm 8:3, 4). Olye pou David te panse li se yon gran òm, li te rekonèt se Jewova ki delivre l anba tout ènmi l yo, se sa k fè li te di : “ W ap ban m boukliye delivrans ou an, e se imilite w ki fè m gran. ” ​(2 Samyèl 22:1, 2, 36). Jewova demontre imilite l piske li fè moun ki nan eta peche yo mizèrikòd e David montre li gen rekonesans poutèt Jewova fè l favè li pa merite.

‘ M ap fè louwanj pou Bondye, li menm ki Wa ’

3. a) Ki pwennvi David te genyen konsènan moun ki te vrèman wa ann Izrayèl la ? b) Jis nan ki pwen David te vle bay Jewova louwanj ?

3 Menmsi se David Bondye te mete wa, men, pou David, se Jewova ki te Wa Izrayèl toutbonvre. Men sa li te di : “ Wayòm nan se pou ou, o Jewova, Ou menm tou ki leve tèt ou kòm chèf sou tout bagay. ” ​(1 Kwonik 29:11). Se pa ti enpòtans sa te genyen nan je David pou se Bondye ki Dirijan ! Men sa l di nan yon chante : “ M ap fè louwanj pou ou, O Bondye m nan, ou menm ki Wa, e m ap beni non w pou tan endefini, wi, pou toutan. Tout lajounen mwen vle beni w, e mwen vle fè louwanj pou non w pou tan endefini, wi, pou toutan. ” ​(Sòm 145:1, 2). Tout sa David te anvi fè, se bay Jewova Dye louwanj tout lajounen e pou toutan nèt.

4. Ki fo akizasyon Sòm 145 devwale ?

4 Sòm 145 sèvi kòm yon kokenn repons devan akizasyon Satan lage sou do Bondye kote li pretann Bondye se yon dirijan ki egoyis, ki pa bay kreyati l yo libète li sipoze ba yo (Jenèz 3:1-5). Sòm sa a devwale se manti Satan fè lè l di moun ki obeyi Bondye yo, se pa paske yo renmen l ki fè yo fè sa, men se paske yo wè pwòp avantaj yo sèlman (Jòb 1:9-11 ; 2:4, 5). Jodi a, vrè kretyen yo fè menm jan ak David, yo demanti fo akizasyon Dyab la fè yo. Piske yo vle bay Jewova louwanj pou letènite, esperans yo genyen pou yo viv anba dominasyon Wayòm nan gen anpil valè nan je yo. Gentan gen plizyè milyon moun ki deja kòmanse fè sa, yo demontre lafwa nan sakrifis Jezi bay kòm ranson an, yo sèvi Jewova, yo obeyi l paske yo renmen l, yo vwe tèt yo ba li e yo batize pou yo ka vin adoratè l. — Women 5:8 ; 1 Jan 5:3.

5, 6. Ki okazyon nou genyen pou nou beni Jewova e pou nou ba l louwanj ?

5 Fè yon ti reflechi sou kantite okazyon nou genyen pou nou beni Jewova e pou nou ba l louwanj antanke sèvitè l. Lè nou li yon bagay nan Pawòl li a ki touche nou jis nan fon kè nou, nou ka priye l pou nou ba l louwanj. Si fason Bondye aji avèk pèp li touche nou, si gen yon aspè nan bèl kreyasyon l lan ki enpresyone nou, se yon okazyon pou nou ba l louwanj e pou nou montre rekonesans nou. Nou beni Jewova tou lè n ap pale de pwogram li nan reyinyon oubyen nan konvèsasyon nou genyen avèk kwayan parèy nou yo. Anfèt, tout “ bèl aksyon ” ki fèt nan enterè Wayòm Bondye a sèvi pou bay Jewova louwanj. — Matye 5:16.

6 Pami bèl travay ki pa gen lontan depi yo reyalize, nou ka site kantite lokal pèp Jewova a konstwi nan peyi pòv yo pou bay Jewova adorasyon. Anpil nan travay sa yo fèt grasa kòb frè ki nan lòt peyi bay. Gen kretyen ki ofri tèt yo, yo ale nan zòn sa yo yon fason pou yo ka patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm. Pami tout bèl travay ki genyen, travay ki pi enpòtan se lè nou preche bon nouvèl Wayòm Jewova a yon fason pou nou ba l louwanj (Matye 24:14). Tankou jan kèk vèsè nan Sòm 145 lan montre, David te apresye fason Jewova dirije e li te fè lwanj pou sa (Sòm 145:11, 12). Èske menm jan ak David nou apresye fason Jewova dirije avèk amou ? Èske nou toujou pale de Wayòm li an ak lòt moun ?

Kèk egzanp ki montre grandè Bondye

7. Bay yon rezon trèzenpòtan pou nou louwe Jewova.

7 Sòm 145:3 bay yon rezon ki trèzenpòtan pou nou louwe Jewova. Men sa David di nan chante sa a : “ Jewova gran e nou dwe ba li anpil louwanj, yo pa ka jwenn limit grandè li. ” Grandè Jewova pa gen limit. Yon moun pap janm ka fin aprann tout bagay sou grandè l, ni yo pap janm ka fin konprann li, ni yo pap janm ka mezire l. Sepandan, sa ap itil nou toutbonvre si nou egzamine kèk egzanp ki montre grandè Jewova, yon grandè ki san limit.

8. Ki sa linivè a revele anrapò ak grandè e ak kapasite Jewova ?

8 Eseye sonje yon jou swa ou te pran tan w pou w gade syèl la kote pa t gen ni nyaj, ni lalin. Lè w te wè kantite etwal k ap klere nan espas fè nwa sa a, èske sa pa t fè w rete bouch be ? Èske sa pa t pouse w bay Jewova louwanj pou grandè li demontre lè l kreye tout etwal sa yo ? Sa w te wè a, se de twa grenn nan kantite etwal ki nan galaksi tè a ladan l lan. Mete sou sa, yo estime gen plis pase san milya galaksi e se sèlman twa ladan yo nou ka wè san teleskòp. Wi, kantite etwal ak galaksi ki genyen nan linivè a, yon kantite moun pa ka konte, se yon temwayaj ki montre kapasite Jewova genyen pou l kreye e sa montre grandè l tou, yon grandè ki pa gen limit. — Izayi 40:26.

9, 10. a) Ki aspè nou wè nan grandè Jewova nan sa ki gen rapò ak Jezi Kris ? b) Ki efè rezirèksyon Jezi a dwe gen sou fwa nou ?

9 Ann egzamine yon lòt aspè nan grandè Jewova, aspè ki gen rapò ak Jezi Kris. Lefètke Jewova kreye Pitit li a e li te sèvi avè l kòm yon “ ouvriye abil ” pandan yon tan pèsonn pa ka imajine, sa demontre grandè l (Pwovèb 8:22-31). Yon bagay ki demontre lanmou estrawòdinè Jewova gen lakay li, se bay li bay sèl Pitit li fè a kòm sakrifis pou peye ranson an pou limanite (Matye 20:28 ; Jan 3:16 ; 1 Jan 2:1, 2). Li enposib pou yon moun konprann kò imòtèl, kò espirityèl estrawòdinè Jewova te fè pou Jezi apre l te fin resisite. — 1 Pyè 3:18.

10 Rezirèksyon Jezi a devwale anpil aspè ki enpresyonan nan grandè san limit Jewova genyen. Tout konesans Jezi te genyen anrapò ak travay ki te fèt lè Bondye t ap kreye tout sa ki envizib e tout sa ki vizib, se sèten, Bondye te remete tout nan memwa Jezi ankò (Kolosyen 1:15, 16). Nan kreyasyon sa a, gen lòt zanj yo, linivè a, tè a ak tout kalite vi ki egziste sou planèt nou an. Tout konesans Pitit li a te genyen sou tout sa ki pase nan istwa syèl la ak istwa tè a anvan l te vin viv isiba antanke moun, Jewova te remete yo nan memwa Pitit li a. Anplis de sa, Jewova te mete nan memwa Pitit li a tout eksperyans li te fè lè l t ap viv kòm moun pafè sou tè. Wi, rezirèksyon Jezi a devwale Jewova gen yon grandè ki san limit. Mete sou sa, gwo kokenn reyalizasyon sa a sèvi kòm garanti pou montre lòt moun ka resisite tou. Sa dwe fè nou vin gen plis fwa Bondye anmezi pou l resisite plizyè milyon moun li kenbe nan memwa l, yon memwa ki san fay. — Jan 5:28, 29 ; Travay 17:31.

Travay estrawòdinè ak gwo bagay Jewova akonpli

11. Ki gwo travay Jewova te kòmanse nan Pannkòt 33 epòk nou an ?

11 Depi apre Jezi fin resisite, Jewova kontinye reyalize lòt travay ki estrawòdinè (Sòm 40:5). Nan Pannkòt 33 epòk nou an, Jewova te fè yon nasyon tounèf ak disip Kris ki te wenn ak lespri sen yo. Nasyon sa a rele “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Nasyon tounèf sa a te gaye nan tout peyi moun yo te konnen lè sa a yon fason ki estrawòdinè. Malgre te gen apostazi, sa ki te vin bay lakretyente apre lanmò apot Jezi yo, Jewova te kontinye ap akonpli gwo travay yon fason pou pwogram li ka reyalize kanmenm.

12. Piske Bib la disponib nan tout lang moun plis pale sou tè a, ki sa sa demontre ?

12 Pa egzanp, tout Bib la te rive prezève konplètman e yo te vin tradui l nan tout lang moun plis pale sou tè a jodi a. Byen souvan, se anba gwo difikilte yo te rive tradui Bib la e ajan Satan yo pa t manke pa menase lavi moun nan sans sa a. Si se pa t volonte Jewova, yon Bondye ki gen yon grandè ki san limit, yo pa t ap rive tradui Labib nan plis pase 2 000 lang. Nou klè sou sa !

13. Depi 1914, kòman yon moun ka wè grandè Jewova nan pwogram li genyen pou Wayòm li an ?

13 Yon moun ka wè grandè Jewova nan sa ki gen rapò ak pwogram li gen pou Wayòm li an. Pa egzanp, nan ane 1914, li te enstale Pitit li, Jezi Kris, kòm Wa nan syèl la. Tousuit apre sa, Jezi te pase alaksyon kont Satan ak demon l yo, li mete yo deyò nan syèl la. Li voye yo nan vwazinaj tè a e kounye a sa k ap tann yo, se lage Jezi pral lage yo nan abim (Revelasyon 12:9-12 ; 20:1-3). Depi lè sa a, disip Jezi ki wen yo te jwenn plis pèsekisyon. Sepandan, Jewova soutni yo pandan prezans envizib Kris la. — Matye 24:3 ; Revelasyon 12:17.

14. Ki travay estrawòdinè Jewova te reyalize an 1919, e ki sa ki akonpli grasa travay sa a ?

14 An 1919, gen yon lòt travay estrawòdinè Jewova te reyalize ki demontre grandè l. Li te retabli disip Jezi ki wen yo, disip yo te redui nan yon eta kote yo te vin inaktif nan domèn espirityèl (Revelasyon 11:3-11). Depi nan menm ane sa a, se avèk zèl kretyen wen yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, Wayòm ki etabli nan syèl la. Gen lòt kretyen wen ki te rasanble ansanm avèk yo, sa te pèmèt chif 144 000 lan vin konplè (Revelasyon 14:1-3). Jewova sèvi avèk disip Kris ki wen yo pou l poze fondasyon pou yon “ tè tounèf ”, sa vle di yon sosyete moun ki jis (Revelasyon 21:1). Men, ki sa ki pral rive “ tè tounèf ” la yon fwa tout kretyen wen fidèl yo fin monte nan syèl ?

15. Ki travay kretyen wen yo ap dirije e ki rezilta yo jwenn ?

15 An 1935, La Tour de Garde 1ye novanm ak 15 novanm te gen kèk atik kle ki te pale sou “ gwo foul moun ” ki nan Revelasyon chapit 7 la. Avèk anpil dilijans, kretyen wen yo te gentan ap chèche moun sa yo nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang pou vin adore Jewova bò kote yo. “ Gwo foul moun ” sa a pral chape anba “ gwo tribilasyon ” ki prèt pou vini an e yo pral viv pou toutan nan Paradi a antanke manm pèmanan “ tè tounèf ” la (Revelasyon 7:9-14). Grasa travay predikasyon Wayòm nan e grasa travay fè disip la, travay kretyen wen yo pran latèt ladan l, gen plis pase sis milyon moun kounye a ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan yon paradi ki pral gen sou tè a. Ki moun ki dwe gen merit yon akwasman konsa, yon akwasman ki fèt malgre opozisyon Satan ansanm ak monn kòwonpi l la (1 Jan 5:19) ? Se sèl Jewova ki ka akonpli yon travay konsa grasa lespri sen l. — Izayi 60:22 ; Zekarya 4:6.

Kokenn glwa Jewova genyen ak diyite l

16. Sa k fè lèzòm pa ka wè literalman ‘ kokenn glwa diyite Jewova genyen ’ ?

16 “ Bèl travay ” ak “ aksyon estrawòdinè ” Jewova fè yo, kèlkeswa sa yo ye, yo pap janm ka bliye yo. Men ki sa David di : “ Yon jenerasyon apre yon lòt ap felisite travay ou fè. Y ap rakonte aksyon estrawòdinè ou fè. Sa m deside ki pou enterese m, se kokenn glwa diyite w genyen ak sa ki konsène bèl travay ou fè. Y ap pale de fòs bagay ou fè yo ki bay lakrentif. Kanta pou grandè w, se sa mwen vle pwoklame. ” ​(Sòm 145:4-6). Epoutan, “ Bondye se yon Espri ”, moun pa ka wè l. Donk, ki kantite bagay konsa David te ka konnen sou kokenn glwa Jewova genyen ? — Jan 1:18 ; 4:24.

17, 18. Ki sa k te pèmèt David vin gen plis apresyasyon lakay li pou ‘ kokenn glwa diyite Jewova genyen ’ ?

17 Menmsi David pa t ka wè Bondye, gen mwayen kanmenm ki te ede l gen plis apresyasyon lakay li pou diyite Jewova genyen. Pa egzanp, li te kapab li sa Ekriti yo di sou gwo aksyon Bondye te fè tankou lè l te detwi yon monn ki mechan nan yon delij dlo. Menm jan an tou, David te aprann jan fo dye Ejipsyen yo te rabese lè Bondye t ap libere Izrayelit yo nan chenn yo te ye ann Ejip. Evènman sa yo demontre diyite Jewova ak grandè l.

18 Se pa paske David te konn li Pawòl Bondye a sèlman ki fè diyite Jewova te gen anpil valè nan je l, li te konn medite sou sa l li yo tou. Petèt li te medite sou sa k te pase lè Jewova te bay Izrayèl Lalwa. Te gen kout loray, te gen kout zèklè. Yon nyaj pwès te kouvri syèl la. Yo te sonnen kòn byen fò. Mòn Sinayi t ap tranble. Te gen lafimen dife ki t ap sot nan bouch mòn nan. Izrayelit yo te reyini nan pye mòn nan. Yo te menm tande yon vwa k ap pale nan mitan dife a ak nan mitan nyaj yo. Vwa a t ap site “ Dis Pawòl ” yo. Se vwa yon zanj Jewova te sèvi avè l pou l pale (Detewonòm 4:32-36 ; 5:22-24 ; 10:4 ; Egzòd 19:16-20 ; Travay 7:38, 53). Èske kalite gwo evènman sa yo pa t demontre grandè estrawòdinè Jewova genyen ? Moun ki renmen Pawòl Bondye a e ki medite sou istwa sa yo pap pa santi sa touche yo lè yo konstate ‘ kokenn glwa diyite Jewova genyen ’. Men nou menm jodi a, nou gen tout Bib la okonplè ki pale de vizyon estrawòdinè moun te fè sou grandè Jewova e vizyon sa yo enpresyone nou. — Ezekyèl 1:26-28 ; Danyèl 7:9, 10 ; Revelasyon chapit 4.

19. Ki sa k ap fè diyite Jewova vin gen plis valè nan je nou ?

19 Si diyite Jewova genyen te ka fè anpil enpresyon sou David, se paske li te etidye lwa Jewova te bay Izrayelit yo tou (Detewonòm 17:18-20 ; Sòm 19:7-11). Lè nasyon Izrayèl la te obeyi lwa Jewova yo, sa te ba yo plis diyite e sa te fè yo diferan ak tout lòt pèp yo (Detewonòm 4:6-8). Menm jan sa te rive nan ka David, si nou li Bib la regilyèman, si nou byen medite sou sa nou li yo, si nou etidye avèk dilijans, diyite Jewova ap vin gen anpil valè nan je nou.

Kalite Bondye genyen yo demontre grandè l

20, 21. a) Ki kalite Sòm 145:7-9 mansyone pou l leve grandè Jewova byen wo ? b) Ki efè kalite sa yo fè sou moun ki renmen l ?

20 Tankou jan nou sot wè sa, sis premye vèsè ki nan Sòm 145 lan ban nou rezon ki solid pou nou bay Jewova louwanj pou bagay li fè ki gen rapò ak grandè san limit li genyen. Vèsè 7 a 9 leve grandè Jewova byen wo piske li mansyone bèl kalite l yo. Men ki sa David di nan chante sa a : “ Lè yo tande pale jan w gen anpil bonte, y ap debòde ak lajwa, e akoz jistis ou, y ap rele fò tèlman y ap kontan. Jewova gen konpasyon e li gen mizèrikòd, li pa prese fè kòlè e li gen anpil bonte ki plen lanmou. Jewova bon pou tout moun, e li montre mizèrikòd nan tout sa l fè. ”

21 Nan chante sa a, kalite David mansyone an premye se bonte Jewova ak jistis li, e se kalite sa yo menm Satan Ledyab te mete an dout. Ki efè kalite sa yo fè sou moun ki renmen Bondye e ki soumèt yo anba dominasyon l ? Bonte ak jistis Jewova demontre nan fason li dirije tèlman pwodui lajwa lakay adoratè l yo, sa fè yo pa ka pa louwe l. E se pa sa sèlman, se “ tout moun ” ki benefisye bonte Jewova. Nou swete sa ap pouse plis moun toujou vin repanti yon fason pou yo ka adore vrè Bondye a anvan li twò ta. — Travay 14:15-17.

22. Ki jan Jewova trete sèvitè l yo ?

22 David te apresye kalite Bondye te mete aksan sou yo lè li te “ pase devan Moyiz e Li te fè deklarasyon sa a : ‘ Jewova, Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki lan pou l fè kòlè, e ki gen bonte ki plen lanmou ann abondans e ki gen laverite ann abondans ’ ”. (Egzòd 34:6.) Se sa k fè David te ka di li menm : “ Jewova gen konpasyon e li gen mizèrikòd, li pa prese fè kòlè e li gen anpil bonte ki plen lanmou. ” Malgre Jewova gen yon grandè ki san limit, li trete moun k ap sèvi l yo avèk konpasyon, e sa ba yo valè. Li gen anpil mizèrikòd lakay li, e sou baz sakrifis Jezi bay kòm ranson an, li dispoze padone yon pechè ki repanti. Jewova lan pou l fè kòlè, li bay sèvitè l yo okazyon pou yo venk feblès yo genyen ki ka anpeche yo antre nan monn nouvo jis ki pral genyen an. — 2 Pyè 3:9, 13, 14.

23. Ki bèl kalite nou pral egzamine nan lòt atik la ?

23 David te fè lwanj pou bonte ki plen lanmou Jewova gen lakay li. Anfèt, rès Sòm 145 lan montre ki jan Jewova demontre kalite sa a e li montre tou ki sa sa pouse sèvitè l yo fè. Se sa nou pral wè nan lòt atik la.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki okazyon nou genyen pou nou bay Jewova louwanj “ tout lajounen ” ?

• Bay kèk egzanp ki montre grandè Jewova san limit.

• Ki sa nou ka fè pou kokenn diyite Jewova genyen gen plis valè nan je nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Galaksi ki genyen nan linivè a bay temwayaj sou grandè Jewova.

[Liy kredi]

Koutwazi : Anglo-Australian Observatory. Foto : David Malin.

[Foto nan paj 9]

Kòman Jewova demontre grandè l nan kesyon ki gen rapò ak Jezi Kris ?

[Foto nan paj 10]

Lè Izrayelit yo t ap resevwa Lalwa sou mòn Sinayi a, yo te wè demonstrasyon sou diyite estrawòdinè Jewova genyen.