Elias Hutter ak bèl tradiksyon Bib ebre l yo
ÈSKE W ka li Bib la nan lang ebre? Li posib pou w pa kapab fè sa. Petèt, ou poko menm wè yon Bib ki ekri ann ebre. Sepandan, ou ka vin gen plis apresyasyon pou Bib pa w la lè w aprann kèk enfòmasyon sou yon biblis ki te viv nan 16yèm syèk la ki te rele Elias Hutter e ki te pibliye de edisyon Labib nan lang ebre.
Elias Hutter te fèt nan ane 1553 nan vil Görlitz, yon ti vil ki toupre fwontyè Almay gen jodi a ak Polòy ansanm ak Repiblik tchèk. Hutter te etidye lang yo pale ann Oryan yo nan yon inivèsite literyen nan vil Yena. Li te prèske gen 24 an lè yo te mande l pou l anseye lang ebre nan Leipzig. Antanke yon moun ki t ap fè refòm nan domèn edikasyon, li te vin fonde yon lekòl nan vil Nuremberg kote etidyan yo te ka aprann ebre, grèk, laten ak alman nan katran. Yon bagay okenn lòt lekòl oswa inivèsite nan epòk la pa t ka fè.
“TRADIKSYON SA A TE ESPESYAL”
Nan ane 1587, Hutter te tradui pati nan Bib la anpil moun rele Ansyen Testaman an ann ebre. Yo te rele edisyon sa a Derekh ha-Kodesh. Tit sa a soti nan Ezayi 35:8 e li vle di “wout sakre”. Fason l te prezante l la te tèlman bèl, sa te fè anpil moun rekonèt “tout bagay [ladan l] fè wè jan tradiksyon sa a te espesyal”. Men, Bib sa a te vrèman enpòtan paske etidyan yo te ka itilize l pou yo aprann ebre e li te vrèman itil yo.
Pou n ka konprann jis nan ki pwen Bib ebre Hutter a te yon bon èd, nou pral wè de difikilte yon moun ki t ap aprann lang ebre a te konn jwenn lè l t ap eseye li Bib la ann ebre. Premyèman, alfabè lang ebre a pa t menm ak lòt alfabè moun yo te konnen e yo pa t abitye avèk li. Dezyèmman, lèt yo te konn mete ak yon mo ebre, kit se devan l, kit se dèyè l, te konn fè l difisil pou yo rekonèt mo ebre a. Pa egzanp, ann pran mo ebre נפש (nèfèch) lè yo tradui l yo mete “nanm” pou li a. Nan Ezekyèl 18:4, nan lang orijinal la, li gen ה (a) devan l, ki vle di “nan”, konsa li vin fòme yon mo הנפשׁ (anèfèch), ki vle di “nanm nan”. Pou yon moun ki pa abitye li ebre, הנפשׁ (anèfèch) ta ka parèt diferan nèt ak נפשׁ (nèfèch).
Pou Hutter te ka ede etidyan l yo, li te itilize yon metòd san parèy pou enprime lèt yo. Gen lèt ebre li te ekri an gra e gen lòt li te ekri yon fason diferan. Li te fè mo prensipal nan mo ebre a parèt an gra. Pou lèt yo te konn mete devan oswa dèyè *. Yo mete mo prensipal yo an gra, epi lèt ki devan oswa dèyè mo prensipal yo ret nan fòma nòmal. Foto yo montre byen klè fason Hutter te enprime lèt yo nan Ezekyèl 18:4 nan Bib ann ebre l la. Tradiksyon Bible avec notes et références lan itilize metòd sa a nan nòt ki pou menm vèsè a.
mo prensipal la, li te ekri yo yon fason diferan (fòm lèt la parèt, alòske anndan l vid). Teknik senp sa a te ede etidyan yo jwenn mo prensipal ki nan yon mo ebre byen fasil, sa te ede yo aprann lang lan. Bib Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références lan itilize prèske menm metòd la nan nòt yo“NOUVO TESTAMAN” AN ANN EBRE
Hutter te enprime pati yo konn rele Nouvo Testaman an nan 12 lang. Yo te pibliye edisyon sa a nan Nuremberg nan ane 1599, e souvan yo konn rele l tradiksyon nan plizyè lang ki soti Nuremberg la. Hutter te vle tradui Liv ki te ekri an grèk yo ann ebre tou. Men, li te di menmsi “li te vle peye yon pakèt lajan” pou l fè yon tradiksyon konsa, li pa t ap reyisi jwenn sa li menm l ap chèche a *. Donk, li te deside tradui Nouvo Testaman an ki te an grèk nan lang ebre. Hutter te fini tout travay la nan ennan sèlman e li pa t kite okenn lòt travay li te genyen anpeche l fè sa.
Jis nan ki pwen tradiksyon ebre Hutter te fè pou Liv ki te ekri an grèk yo te bon? Men ki sa Franz Delitzsch, yon biblis nan 19yèm syèk la, te fè konnen: “Tradiksyon ebre li te fè a montre li te byen konprann bèl langaj kretyen yo genyen, e l bon pou n gade l, epi nou jwenn yon pakèt egzanp ladan l ki montre byen souvan li te chwazi mo ki egzak.”
YON TRAVAY KI ITIL JIS JOUNEN JODI A
Hutter pa t vin rich pou tradiksyon li te fè yo, e sanble anpil moun pa t achte tradiksyon l yo. Malgre sa, travay li te fè a enpòtan e li itil jis jounen jodi a. Pa egzanp, William Robertson te fè yon ti pase men nan tradiksyon ebre Nouvo Testaman Hutter te fè a e l te enprime l nan ane 1661. Apre sa, nan ane 1798, Richard Caddick te fè yon ti pase men ladan l e l te enprime l tou. Lè Hutter t ap tradui Nouvo Testaman an ki te an grèk, kote yo te mete tit Kiriyòs (Seyè) ak Teyòs (Bondye), li te remete “Jewova” (יהוה, JHVH) lè tèks la te yon pati ki te soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo oswa kote l te santi se de Jewova yo t ap pale. Sa gen anpil enpòtans, paske menmsi anpil tradiksyon Nouvo Testaman yo fè pa itilize non Bondye, tradiksyon Hutter te fè a itilize non Bondye, e sa ajoute sou prèv ki montre yo dwe mete non Bondye nan Liv ki te ekri an grèk yo.
Pwochèn fwa ou wè Jewova, non Bondye, nan Liv ki te ekri an grèk yo oubyen w ap gade nòt ki nan Bible avec notes et références lan, sonje travay Elias Hutter te fè a ak bèl tradiksyon Bib ebre l yo.
^ § 7 Gade dezyèm nòt yo bay pou Ezekyèl 18:4 la ak Apendis 3B nan tradiksyon Bible avec notes et références lan.
^ § 9 Sandout, te gen biblis ki te gentan tradui Nouvo Testaman an ann ebre. Yon biblis ki te fè sa ozanviwon ane 1360, se te Simon Atoumanos, yon mwàn nan vil Bizans. Yon lòt biblis ki te fè sa ozanviwon ane 1565, se te Oswald Schreckenfuchs ki te yon alman. Men, yo pa t janm pibliye tradiksyon moun sa yo, e jodi a yo pa jwenn yo menm.