Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

KANTIK 25 Yon byen espesyal

Èske w koute avètisman yo?

Èske w koute avètisman yo?

“Y ap pran youn, y ap kite lòt la.”MAT. 24:40.

PWEN KLE

Nou pral egzamine twa nan parabòl Jezi te bay yo e nou pral pale sou rapò yo genyen ak lè jijman an pral fèt nan fen sistèm nan.

1. Ki jijman ki pral fèt talè konsa?

 N AP viv nan yon epòk kote gen gwo chanjman ki pral fèt! Talè konsa, Jezi pral jije chak moun k ap viv sou tè a. Jezi te fè n konnen sa k t ap gen pou rive anvan l fè jijman sa a lè l te bay disip li yo yon “siy” ki t ap anonse prezans li e ki t ap anonse “fen sistèm nan”. (Mat. 24:3.) Nou jwenn pwofesi sa a nan Matye chapit 24 ak chapit 25, epitou nan Mak chapit 13 ak nan Lik chapit 21.

2. Sou ki sa nou pral konsantre nou, e ki jan sa ap ede nou?

2 Jezi te bay twa parabòl pou l ede nou prepare n. Parabòl sa yo se avètisman pou nou. Se parabòl mouton ak kabrit yo, parabòl fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo, ak parabòl talan yo. Chak parabòl sa yo ap ede n konprann fason Jezi pral jije yon moun selon sa l fè. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan parabòl sa yo e nou pral wè sa n ka aprann nan yo. Premye parabòl nou pral egzamine se parabòl mouton ak kabrit yo.

MOUTON AK KABRIT YO

3. Ki lè Jezi pral jije moun?

3 Nan parabòl mouton ak kabrit yo, Jezi te pale konsènan jijman moun ki gen posiblite pou yo aksepte bon nouvèl la e pou yo soutni frè l yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl (Mat. 25:​31-46). L ap fè jijman sa a pandan “gwo tribilasyon” an, yon ti tan anvan Amagedon (Mat. 24:21). Menm jan yon bèje met mouton apa e l met kabrit apa, Jezi pral fè yon separasyon ant moun ki kontinye soutni frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl ak moun ki pa fè sa.

4. Selon Ezayi 11:​3, 4, sa k fè nou kapab sèten Jezi pral jije moun yon fason ki jis? (Gade foto a tou.)

4 Pwofesi ki nan Bib la fè konnen lè Jezi pral jije pou Jewova, l ap fè sa yon fason ki jis. (Li Ezayi 11:​3, 4.) L ap egzamine konpòtman moun yo, fason yo panse ak pawòl y ap di, san wete fason yo aji ak frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl (Mat. 12:​36, 37; 25:40). Jezi ap konnen kiyès ki te ede frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl e ki te soutni travay y ap fè a a. Youn nan fason ki pi enpòtan moun ki tankou mouton yo ede frè Kris yo se lè yo patisipe nan travay predikasyon an. Jezi ap konsidere moun sa yo kòm “moun ki jis” e yo pral resevwa “lavi ki pap janm fini an” sou tè a (Mat. 25:46; Rev. 7:​16, 17). Ala yon bèl rekonpans moun sa yo ki kontinye montre yo fidèl pral jwenn! Si yo rete fidèl pandan gwo tribilasyon an e apre gwo tribilasyon an, non yo ap ret ekri nan “liv lavi a”. — Rev. 20:15.

Talè konsa, lè Jezi pral fè jijman an, li pral montre aklè kiyès ki tankou mouton oswa ki tankou kabrit. (Gade paragraf 4.)


5. Ki leson n aprann nan parabòl mouton ak kabrit yo, e ki moun sa ta dwe enterese?

5 Montre w fidèl. Parabòl Jezi te bay konsènan mouton ak kabrit yo gen rapò sitou ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Yo montre yo gen lafwa lè yo soutni frè Kris yo nan travay predikasyon an e lè yo aksepte ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl la Jezi met dirije yo (Mat. 24:45). Sepandan, moun ki gen esperans pou al viv nan syèl yo bezwen koute avètisman ki nan parabòl sa a tou. Poukisa? Paske Jezi egzamine konpòtman yo, fason yo panse ak pawòl y ap di. Yo menm tou yo dwe montre yo fidèl. Anfèt, Jezi te pale konsènan de lòt parabòl ki gen avètisman byen klè pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Nou jwenn parabòl sa yo nan Matye chapit 25 tou. Kounye a, nou pral pale konsènan parabòl fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo.

FI VYÈJ KI PREVWAYAN YO AK FI VYÈJ KI SÒT YO

6. Ki jan senk nan fi vyèj yo te montre yo prevwayan? (Matye 25:​6-10).

6 Nan parabòl fi ki vyèj yo, Jezi te pale konsènan dis fi vyèj ki te soti al rankontre yon lemarye (Mat. 25:​1-4). Yo tout te vle ale ak lemarye a nan resepsyon maryaj li a. Jezi te fè konnen senk nan yo te “prevwayan” e senk lòt yo te “sòt”. Fi vyèj ki te prevwayan yo te prepare e yo te veyatif. Yo te dispoze tann lemarye toutotan sa te nesesè, menmsi l ta rive byen ta nan nuit. Se sa k fè yo te vin ak lanp yo pou yo te ka wè lè l vin fè nwa. Yo te menm vin ak luil anplis pou sizoka lemarye ta pran tan pou l rive. Konsa, yo te fè preparasyon pou lanp yo te ka ret limen. (Li Matye 25:​6-10.) Lè lemarye rive, fi vyèj ki prevwayan yo te antre avè l nan resepsyon maryaj la. Menm jan an tou, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki montre yo pare lè yo kontinye veye e yo kontinye ret fidèl jiskaske Kris vini ap jwenn rekonpans yo lè y al ansanm ak Jezi, Lemarye a, nan Wayòm li an nan syèl la b (Rev. 7:​1-3). Ki sa n ka di konsènan senk fi vyèj ki sòt yo?

7. Ki sa k te rive senk fi vyèj ki sòt yo, e poukisa?

7 Kontrèman ak fi vyèj ki prevwayan yo, senk fi vyèj ki sòt yo pa t pare lè Lemarye te rive. Lanp yo te prèske etenn, e yo pa t vin ak luil anplis. Lè yo te aprann lemarye prèske rive, yo te oblije al achte luil. Yo pa t gentan tounen lè lemarye te vini. Pandan tan sa a, “fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la. Epi, yo fèmen pòt la”. (Mat. 25:10.) Apre sa, lè fi vyèj ki sòt yo te retounen e yo te vle antre, lemarye te di yo: “Mwen pa konnen nou.” (Mat. 25:​11, 12). Fi vyèj sa yo pa t prepare pou yo te ret tann lemarye toutotan sa te nesesè. Ki leson kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kapab aprann?

8-9. Ki leson moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kapab aprann nan parabòl fi vyèj yo? (Gade foto a tou.)

8 Montre w pare epi ret veyatif. Lè Jezi te bay egzanp sa a, se pa konnen li t ap fè konnen t ap gen de gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl: youn ki t ap pare pou yo ret tann jis nan fen sistèm nan ak yon lòt ki pa t ap pare. Okontrè, li t ap esplike sa k t ap rive moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo si yo pa t pare pou yo andire jiska lafen. Si yo pa t pare, yo pa t ap jwenn rekonpans yo a (Jan 14:​3, 4). Li enpòtan pou n reflechi sou sa! Kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl oswa pou n viv sou tè a, nou tout dwe koute avètisman Jezi te bay nan parabòl fi ki vyèj yo. Nou chak dwe kontinye veye epi montre nou pare, nou dwe pare pou n andire jiska lafen. — Mat. 24:13.

9 Apre Jezi te fin bay parabòl fi ki vyèj yo pou l montre jan l enpòtan pou n pare e pou n ret veyatif, li te bay parabòl talan yo. Parabòl sa a montre jan l enpòtan pou n travay di.

Li enpòtan pou nou chak pran avètisman ki nan parabòl fi vyèj yo oserye lè n montre nou pare e nou ret veyatif, lè n pare pou n andire jiska lafen. (Gade paragraf 8-9.)


TALAN YO

10. Ki jan de esklav yo te montre yo fidèl? (Matye 25:​19-23).

10 Nan parabòl talan yo, Jezi te pale konsènan de esklav ki te fidèl ak mèt yo ak youn ki pa t fidèl (Mat. 25:​14-18). De esklav yo te montre yo fidèl lefètke yo te travay di pou yo fè mèt la fè plis kòb. Anvan mèt la te vwayaje nan peyi etranje, li te konfye yo plizyè talan, sa vle di, yon bonkou kòb. De esklav fidèl yo te travay di e yo te byen sèvi ak lajan mèt la te ba yo a. Ki rezilta sa te bay? Lè mèt la te retounen, li jwenn yo te double kantite lajan li te ba yo a. Mèt la te felisite yo e yo te “vin rejwi ak mèt” yo. (Li Matye 25:​19-23.) E twazyèm esklav la li menm? Ki sa l te fè ak lajan mèt la te ba li a?

11. Ki sa k te rive esklav ki “parese” a, e poukisa?

11 Twazyèm esklav la te resevwa yon sèl talan, men li te “parese”. Mèt li te atann pou l te byen sèvi ak talan li te ba li a. Olye l te fè sa, li te sere l anba tè. Lè mèt la te retounen, esklav la te remèt li talan li te ba li a sèlman. Sa esklav la te fè a pa t bon menm. Olye l te mande mèt la eskiz poutèt li pa t rive fè byen mèt la travay, li te akize mèt la kòmkwa li “se yon moun ki egzijan”. Mèt la pa t kontan pou sa esklav la te fè a. Mete sou sa, li te fè yo pran talan li te ba li a, e li te fè yo mete l deyò lakay li a. — Mat. 25:​24, 26-30.

12. Kiyès de esklav ki te fidèl yo reprezante jodi a?

12 De esklav ki te fidèl yo reprezante kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo. Jezi, Mèt yo a, envite yo pou yo “vin rejwi ak mèt “ yo. Yo resevwa rekonpans yo nan syèl la nan premye rezirèksyon an (Mat. 25:​21, 23; Rev. 20:5b). Yon lòt bò, move egzanp esklav ki parese a te bay se yon avètisman pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Nan ki sans?

13-14. Ki leson moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo aprann nan parabòl talan yo? (Gade foto a tou.)

13 Montre w se moun ki konn travay di. Lè Jezi te bay parabòl talan yo ak parabòl fi vyèj yo, se pa konnen li t ap fè konnen moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo t ap vin parese. Okontrè, li t ap esplike sa k t ap rive si yo pa t kontinye bay tout yo menm nan travay y ap fè a. Yo pa t ap “asire ni apèl [yo a] ni chwazi yo chwazi [yo a]”, e yo pa t ap kite yo antre nan Wayòm syèl la. — 2 Pyè 1:10.

14 Lè Jezi te bay parabòl fi vyèj yo ak parabòl talan yo, li te montre aklè tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe pare, yo dwe veyatif e yo dwe kontinye travay di. Men, èske Jezi te di lòt bagay pou avèti moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo? Wi li te fè sa! Pawòl Jezi di nou jwenn nan Matye 24:​40, 41 an gen rapò tou ak dènye so yo pral poze sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo.

Jezi vle moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontinye travay di jiska lafen. (Gade paragraf 13-14.) d


KIYÈS “Y AP PRAN”?

15-16. Ki jan Matye 24:​40, 41 montre jan l enpòtan pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontinye veye?

15 Anvan Jezi te bay twa parabòl yo, li te pale konsènan yon dènye desizyon Bondye gen pou l pran anrapò ak moun Li chwazi pou al nan syèl yo, e ki t ap montre kiyès Bondye chwazi finalman. Li te bay egzanp de gason ki t ap travay nan yon jaden ak de fi ki t ap vire yon moulen ansanm. Nan egzanp lan, sanble de mesye yo t ap fè menm travay e de medam yo t ap fè menm travay. Men, Jezi te di “y ap pran youn, y ap kite lòt la”. (Li Matye 24:​40, 41.) Men ankourajman Jezi te bay disip li yo annapre: “Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini.” (Mat. 24:42). Jezi te di yon pawòl menm jan an apre l te fin bay parabòl fi vyèj yo (Mat. 25:13). Èske pawòl sa yo gen rapò youn ak lòt? Sanble sa. Se sèlman moun Bondye chwazi toutbon pou al nan syèl ki fidèl yo y ap “pran”, sa vle di Jezi ap resevwa nan Wayòm nan nan syèl la. — Jan 14:3.

16 Se pou w kontinye veye. Kèlkeswa moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki pa kontinye veye, Bondye pap rasanble yo ansanm ak “moun ki pou li yo”. (Mat. 24:31.) Epitou, tout moun ki fè pati pèp Bondye a, kèlkeswa esperans yo genyen, dwe konsidere pawòl Jezi yo kòm yon avètisman pou yo kontinye veye e pou yo ret fidèl.

17. Poukisa nou pa bezwen sezi si Jewova chwazi moun pou al nan syèl nan epòk n ap viv la a?

17 Nou vin konn Jewova byen, se sa k fè nou kwè li toujou aji yon fason ki jis. Donk, nou pa bay tèt nou pwoblèm si Jewova chwazi kèk moun ki fidèl pou al nan syèl nan epòk n ap viv la a c. Nou sonje egzanp Jezi te bay konsènan moun yo te mande vin travay nan yon jaden rezen nan 11yèm èdtan nan jounen an (Mat. 20:​1-16). Moun yo te mande vin travay an dènye yo te resevwa menm kantite lajan ak moun ki te kòmanse travay byen bonè yo. Menm jan an tou, kèlkeswa moman Jewova chwazi yon moun pou al nan syèl, moun sa a ap resevwa rekonpans li nan syèl la depi l ret fidèl.

KOUTE AVÈTISMAN YO

18-19. Ki leson nou aprann nan parabòl yo e ki avètisman nou jwenn ladan yo?

18 Ki sa nou te wè nan atik sa a? Pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, parabòl mouton ak kabrit yo montre jan l enpòtan pou yo kontinye ret fidèl ak Jewova, depi kounye a e pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an. Lè sa a, Jezi pral pèmèt moun ki fidèl yo resevwa “lavi ki pap janm fini an”. — Mat. 25:46.

19 Epitou, nou te egzamine de parabòl ki sèvi avètisman pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Nan parabòl Jezi te bay konsènan fi vyèj ki prevwayan ak fi vyèj ki sòt yo, senk nan yo te montre yo gen sajès. Yo te pare e yo te veyatif, yo te pare pou yo ret tann lemarye toutotan sa te nesesè. Men, fi vyèj ki sòt yo pa t pare. Se sa k fè lemarye a pa t kite yo antre nan resepsyon maryaj li a. Nou menm tou, nou dwe pare pou n ret tann toutotan sa nesesè jiskaske Jezi met fen nan sistèm sa a. Epitou, nan parabòl talan yo, nou te wè de esklav fidèl yo te travay di anpil. Yo te travay di pou mèt yo e yo te fè kè mèt yo kontan. Men, yo te mete esklav parese a deyò. Ki leson nou aprann? Nou dwe ret okipe nan sèvis Jewova a jiska lafen. Finalman, nou te wè jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe kontinye veye pou Jezi ka “pran” yo pou yo ka jwenn rekonpans yo nan syèl la. Se pa ti tann moun sa yo ap tann pou yo “rasanble” bò kote Jezi nan syèl la! Apre lagè Amagedon, yo pral marye ak Jezi lè maryaj Ti mouton an pral fèt. — 2 Tes. 2:1; Rev. 19:9.

20. Ki sa Jewova pral fè pou moun ki koute avètisman li bay yo?

20 Byenke moman pou Jezi fè jijman an ap pwoche byen vit, nou pa gen rezon pou n pè. Si n ret fidèl, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ap ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” dekwa “pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan”. (2 Kor. 4:7; Lik 21:36.) Kit nou gen esperans pou n al nan syèl oswa nou gen esperans pou n viv sou tè a, n ap fè kè Papa nou kontan si nou koute avètisman ki nan parabòl Jezi te bay yo. Piske Jewova fè n yon favè san parèy, non nou ap ret “ekri nan liv” lavi a. — Dàn. 12:1; Rev. 3:5.

KANTIK 26 Se pou mwen nou te fè l

a Gade atik ki gen tit “Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?” ki parèt nan Toudegad me 2024.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Èske w ap ‘kontinye veye’?” ki parèt nan Toudegad 15 mas 2015.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè Bondye chwazi pou al nan syèl k ap etidye Labib ak yon jèn dam li te rankontre nan travay predikasyon an.