Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 32

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

Jewova vle tout moun repanti

Jewova vle tout moun repanti

“Jewova [...] pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.”2 PYÈ 3:9.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede n konprann ki sa repantans ye, poukisa li enpòtan e ki jan Jewova ede tout kalite moun pou yo repanti.

1. Ki sa repantans vle di?

 LÈ NOU fè yon bagay ki mal, li enpòtan pou nou repanti. Bib la montre lè yon moun repanti, li chanje fason l te konn panse sou yon seri bagay, li sispann aji fason sa a e li pran detèminasyon pou l pa refè l. — Gade Lis mo yo esplike yo, “Repanti”.

2. Poukisa nou tout nou bezwen konprann ki sa repantans ye? (Neyemi 8:​9-11).

2 Nou tout bezwen konprann ki sa repantans ye. Poukisa? Paske nou tout nou peche chak jou. Antanke desandan Adan ak Èv, nou tout nou eritye peche ak lanmò (Wom. 3:23; 5:12). Pa gen nou youn ki epaye. Menm yon seri gason ki te gen anpil lafwa tankou apot Pòl te konn goumen ak peche (Wom. 7:​21-24). Èske sa vle di nou dwe toujou tris akoz peche nou fè? Non, Jewova gen mizèrikòd e li vle nou gen kè kontan. Ann pran egzanp Juif ki t ap viv nan epòk Neyemi an. (Li Neyemi 8:​9-11.) Jewova pa t vle pou yo te toujou tris akoz peche yo te fè, men li te vle pou yo gen kè kontan nan adorasyon y ap ba li. Jewova konnen lè nou repanti sa fè n gen kè kontan. Se sa k fè, li aprann nou ki sa repantans ye. Si nou repanti pou peche nou, nou ka gen asirans Papa nou ki gen mizèrikòd ap padone nou.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral pale plis sou repantans. Nou pral egzamine twa pwen. Premyèman, nou pral aprann ki sa Jewova te anseye nasyon Izrayèl la sou repantans. Epi, nou pral wè ki jan Jewova te ede moun ki peche yo pou yo repanti. Finalman, nou pral pale sou sa disip Jezi yo te aprann sou repantans.

SA JEWOVA TE ANSEYE NASYON IZRAYÈL LA SOU REPANTANS

4. Ki sa Jewova te anseye nasyon Izrayèl la sou repantans?

4 Lè Jewova te fè pèp Izrayèl la vin yon nasyon, li te fè yon alyans avèk yo, sa vle di yon kontra. Si yo te obeyi lwa l yo, li t ap pwoteje yo e li t ap beni yo. Men ki asirans li te ba yo konsènan lwa sa yo: “Kòmandman m ap ban nou jodi a, pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi.” (Det. 30:​11, 16). Men, si yo te fè rebèl avè l, pa egzanp, si yo ta chwazi adore lòt dye, li t ap sispann beni yo e yo t ap soufri. Poutan, menm lè sa a, yo te ka rejwenn favè Bondye. Yo te ka ‘tounen vin jwenn Jewova, Bondye yo a, e koute’ sa l di (Det. 30:​1-3, 17-20). Sa vle di, yo te ka repanti. E si yo te fè sa, Jewova t ap vin pwòch avèk yo ankò e li t ap rekòmanse beni yo.

5. Ki jan Jewova te montre li pa t abandone pèp li a? (2 Wa 17:​13, 14).

5 Se pa ni de ni twa fwa pèp Jewova te chwazi a te rebele kont li. Nonsèlman yo t ap pratike idolatri, men tou, yo t ap fè yon seri lòt bagay ki sal. Kòm rezilta, yo te soufri. Men, Jewova pa t abandone pèp li a ki te vire do ba li. Pandan plizyè fwa, li te voye pwofèt pou ankouraje yo repanti e retounen vin jwenn li. — Li 2 Wa 17:​13, 14.

6. Ki jan Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou anseye pèp li a jan li enpòtan pou yo repanti? (Gade foto a tou.)

6 Byen souvan, Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou avèti pèp li a e pou korije yo. Pa egzanp, men sa Jewova te di pa mwayen Jeremi: “O Izrayèl, ou menm ki vire do ban mwen, retounen vin jwenn mwen. [...] Mwen pap meprize w e m pap rete fache kont ou, paske m fidèl. [...] Mwen pap rete an kòlè pou toutan. Sèlman, se pou w rekonèt ou koupab, paske w fè rebèl ak Jewova.” (Jer. 3:​12, 13). Men sa Jewova te di tou pa mwayen Jowèl: “Tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou.” (Jow. 2:​12, 13). Men sa l te fè Ezayi di: “Se pou n pirifye tèt nou! Retire move aksyon nou yo devan je m. Sispann fè sa ki mal.” (Eza. 1:​16-19). Pa mwayen Ezekyèl, men sa Jewova te mande yo: “Èske lè yon moun mechan mouri, sa fè m plezi? [...] Èske m pa t ap pi pito pou l sispann fè sa l t ap fè yo e pou l kontinye viv? Mwen pa pran plezi nan lanmò pèsonn. [...] Kidonk, se pou nou sispann fè sa ki mal pou nou ka sove lavi nou.” (Eze. 18:​23, 32). Jewova pran plezi lè moun repanti paske li vle pou yo viv pou toutan. Donk, Jewova pa jis ret ap tann pou moun ki peche chanje anvan li ofri yo èd li. Ann wè kèk lòt egzanp ki montre sa.

Byen souvan, Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou ankouraje pèp li a ki te vire do ba li pou l repanti. (Gade paragraf 6-7.)


7. Ki sa Jewova te anseye pèp li a pa mwayen egzanp pwofèt Oze ak madanm li?

7 Jewova te sèvi ak egzanp Gomè, madanm Oze, pou l anseye pèp li a. Apre Gomè te fin fè adiltè, li te kite Oze pou lòt gason. Èske l te yon ka pèdi? Jewova, Sila ki konn li kè a, te di Oze: “Retounen al renmen fi lòt gason [...] renmen an e [k ap] fè adiltè a, menm jan Jewova renmen pèp Izrayèl la, alòske y al sèvi lòt dye.” (Oze 3:1; Pwo. 16:2). Remake nan moman sa a, madanm Oze a potko sispann fè peche grav li t ap fè yo. Poutan, Jewova te mande Oze pou l al chèche l, pou l padone l e pou l rekonsilye avè l. a Menm jan an tou, Jewova pa t abandone pèp li a ki te gen tèt di. Menm lè yo te fè yon seri peche ki grav, li te toujou renmen yo e l te kontinye al chèche yo pou l ede yo repanti epi chanje fason y ap aji. Èske egzanp sa a pa montre nou Jewova, “li menm [ki] wè sa k nan kè moun”, ap chèche ede moun k ap pratike peche ki grav pou l eseye ede yo repanti (Pwo. 17:3)? Ann gade.

FASON JEWOVA EDE MOUN KI PECHE YO REPANTI

8. Ki sa Jewova te fè pou l te ede Kayen repanti? (Jenèz 4:​3-7). (Gade foto a tou.)

8 Kayen se te premye pitit gason Adan ak Èv. Li te eritye tandans pou l fè peche a nan men paran l yo. Mete sou sa, men sa Bib la di sou li: “Aksyon l yo se te move aksyon.” (1 Jan 3:12). Petèt se pou rezon sa a Jewova “pa t aksepte Kayen ak ofrann pa l la ditou” lè Kayen te fè sakrifis li a. Men, olye Kayen te chanje fason l t ap aji, li te “vin fache anpil e li te kagou”. Ki sa Jewova te fè? Li te pale ak Kayen. (Li Jenèz 4:​3-7.) N ap remake Jewova te pale ak Kayen avèk bonte, li te ba l espwa e li te avèti l kont danje ki gen nan peche. Malerezman, Kayen pa t koute. Li pa t kite Jewova ede l repanti. Apre Kayen te fin refize èd Jewova, èske Jewova te sispann eseye ede lòt moun repanti? Jamè!

Jewova te pale ak Kayen avèk bonte. Li te ba l espwa e li te avèti l kont danje ki gen nan peche. (Gade paragraf 8.)


9. Ki jan Jewova te ede David repanti?

9 Jewova te renmen wa David anpil. Li te menm di David se “yon moun ki fè [l] plezi”. (Tra. 13:22.) Men, David te vin fè yon seri peche grav, pami peche sa yo li te fè adiltè e li te touye moun. Selon Lwa Moyiz la, David te merite mouri (Lev. 20:10; Nonb 35:31). Men, avèk bonte, Jewova te ede David repanti. b Li te voye Natan, pwofèt li a, pou l al wè wa a, menm lè David pa t bay okenn siy ki te montre l repanti. Natan te sèvi ak yon egzanp li te konnen ki t ap touche kè David. Sa te touche David vre e David te repanti (2 Sam. 12:​1-14). Li te ekri yon bèl sòm ki te montre jan l te repanti (Sòm 51, pawòl ki anlè tèt chapit la). Sòm sa a konsole anpil moun ki peche e li pouse yo repanti. Èske nou pa kontan lanmou te pouse Jewova ede David, sèvitè l la li renmen anpil la, pou l repanti?

10. Ki jan w santi w lè w wè fason Jewova gen pasyans ak moun ki peche yo ak fason li padone yo?

10 Jewova rayi peche e li pa dakò avè l sou okenn fòm (Sòm 5:​4, 5). Sepandan, li konnen nou tout nou fè peche e lanmou l gen pou nou fè l chwazi ede nou batay ak peche. Li toujou ap eseye ede menm moun ki pi fon nan peche pou yo repanti e pou yo vin pwòch avè l. Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou! Tank n ap reflechi sou pasyans Jewova ak jan l padone, sa fè nou vle rete fidèl avè l e pou nou repanti byen vit lè n peche. Kounye a, annou wè sa Jezi te aprann disip li yo sou repantans.

SA DISIP JEZI YO TE APRANN SOU REPANTANS

11-12. Ki sa Jezi te anseye moun k ap koute l yo sou fason Papa l renmen padone? (Gade foto ki sou .)

11 Nan premye syèk epòk nou an, lè a te rive pou Mesi a parèt. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, Jewova te sèvi ni ak Jan ki te konn batize moun nan, ni ak Jezi Kris pou ede moun yo konnen jan li enpòtan pou yo repanti. — Mat. 3:​1, 2; 4:17.

12 Pandan tout tan Jezi te fè ap preche a, li te fè moun ki t ap koute l yo konnen jan Papa l renmen padone. Jezi te fè sa yon fason ki frapan lè l te bay parabòl pitit gason gaspiyè a. Jèn gason sa a te chwazi viv nan peche pandan yon tan. Men, li te “retounen nan bonsans li” e l te tounen lakay li. Ki jan papa l te reyaji? Jezi di pandan pitit gason an te “nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès”. Pitit gason an te gen entansyon mande papa l si l te ka vin yon sèvitè lakay li. Men, papa a te rele l “pitit gason m” e li te fè l retounen nan plas li nan fanmi an. Men sa papa a te di: “Li te pèdi, nou jwenn li.” (Lik 15:​11-32). Pandan Jezi t ap viv nan syèl la anvan l te vin sou tè a, se sèten li te wè jan Papa l gen konpasyon pou yon pakèt moun ki te peche ki te repanti. Istwa sa a Jezi te bay la vrèman ankourajan e li montre jan Jewova, Papa nou, gen mizèrikòd.

Papa ki nan parabòl pitit gason gaspiyè Jezi te bay la k ap kouri pou l al anbrase pitit gason l lan ki retounen lakay. (Gade paragraf 11-12.)


13-14. Ki sa apot Pyè te aprann sou repantans, e ki sa l te aprann lòt moun sou sa? (Gade foto a tou.)

13 Apot Pyè te aprann anpil nan men Jezi konsènan repantans ak padon. Byen souvan, Pyè te bezwen yo padone l e Jezi te fè sa san grate tèt. Pa egzanp, apre Pyè te nye Seyè l la twa fwa, li te santi l koupab anpil (Mat. 26:​34, 35, 69-75). Men, apre Jezi te fin resisite, li te parèt devan Pyè e sanble pa gen lòt moun ki te la lè sa a (Lik 24:​33, 34; 1 Kor. 15:​3-5). Sandout, nan okazyon sa a, avèk lanmou, Jezi te padone apot li a ki te repanti e l te ankouraje l.

14 Pyè te konprann ki jan yon moun santi l lè l repanti e yo padone l. Se sa k fè l te ka anseye lòt moun konsènan bagay sa yo. Yon ti tan apre fèt Pannkòt la, Pyè te bay yon foul Juif ki pa t kwayan yon diskou kote l te esplike yo se yo menm ki te touye Mesi a. Sepandan, avèk lanmou, men ki sa l te ankouraje yo pou yo fè: “Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase, dekwa pou Jewova li menm fè tan soulajman an rive.” (Tra. 3:​14, 15, 17, 19). Konsa, Pyè te montre repantans fè yon moun ki peche kase tèt tounen, li fè l chanje move fason l te konn panse ak fason l te konn aji epi aji yon nouvo fason, yon fason ki fè Bondye plezi. Mete sou sa, apot la te montre Jewova t ap padone peche yo nèt. Se kòmsi l t ap efase peche yo nèt. E plizyè dizèn ane apre sa, men ki asirans Pyè te bay kretyen yo: “Jewova [...] pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Ala yon bèl espwa kretyen yo genyen lè yo peche, menm lè yo fè peche ki grav!

Avèk lanmou, Jezi te padone apot li a ki te repanti e li te ankouraje l. (Gade paragraf 13-14)


15-16. a) Ki jan Pòl te vin aprann sa padone vle di? (1 Timote 1:​12-15). b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

15 Sòl, moun Tas, se youn nan moun ki te plis bezwen pou l repanti e pou yo padone l. Li te konn pèsekite disip Kris yo avèk raj. Pifò kretyen te wè l kòm yon ka pèdi, yo te wè pa t gen espwa pou l ta repanti ditou. Men, Jezi te wè Sòl te ka chanje e l te ka repanti. Li menm ak Papa l te wè Sòl gen bèl kalite lakay li. Jezi te di: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi.” (Tra. 9:15). Jezi te menm fè yon mirak pou l ede Sòl repanti (Tra. 7:58–8:3; 9:​1-9, 17-20). Apre Sòl, pi devan yo te vin rele l apot Pòl, te vin kretyen, byen souvan, li te fè konnen jan li apresye fason Bondye te montre bonte ak mizèrikòd pou li. (Li 1 Timote 1:​12-15.) Apot Pòl ki te gen anpil rekonesans pou sa te di: “Se bonte Bondye gen lakay li ki fè li vle w repanti.” — Wom. 2:4.

16 Ki sa Pòl te fè lè l te aprann gen yon pwoblèm imoralite nan kongregasyon Korent lan ki te fè anpil eskandal? Li te jere pwoblèm nan yon fason ki montre nou anpil bagay sou fason Jewova disipline sèvitè l yo avèk lanmou ak mizèrikòd. Nou pral egzamine istwa sa a pi plis nan atik ki vin apre a.

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

a Ka sa a se te yon ka espesyal. Jodi a, Jewova pa mande yon moun yo fè adiltè sou li pou l rete marye ak moun sa a. Anfèt, Jewova te fè Pitit Gason l lan fè konnen moun yo fè adiltè sou yo ka divòse si yo chwazi fè sa. — Mat. 5:32; 19:9.

b Gade atik ki gen tit “Lefètke Jewova konn padone, ki sa sa vle di pou ou?” ki te parèt nan Toudegad 15 novanm 2012, paj 21-23, paragraf 3-10.