Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 18

‘Ann kouri nan kous la jis nou fini l’

‘Ann kouri nan kous la jis nou fini l’

“Mwen kouri nan kous la jis mwen fini l.” — 2 TIM. 4:7.

KANTIK 129 N ap kontinye andire

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa nou tout dwe fè?

ÈSKE W t ap vle patisipe nan yon kous ou konnen k ap difisil, sitou si w santi w malad oswa w fatige? Petèt ou pa t ap vle sa. Poutan, apot Pòl te di tout vrè kretyen yo nan yon kous (Ebre 12:1). E nou tout, jèn kou granmoun, moun ki gen fòs kou moun ki fatige, dwe andire jiska lafen si nou vle resevwa rekonpans Jewova ap ban nou an. — Mat. 24:13.

2. Sa k fè Pòl te alèz pou l bay konsèy nou jwenn nan 2 Timote 4:7, 8 la?

2 Pòl te alèz pou l bay konsèy sa a paske li te byen “kouri nan kous la jis [li] fini l”. (Li 2 Timote 4:7, 8.) Men, ki sa kous Pòl t ap pale a ye menm?

KI SA KOUS LA YE?

3. Ki sa kous Pòl t ap pale a ye?

3 Pafwa, Pòl te sèvi ak kèk aspè nan konpetisyon yo te konn fè nan peyi Lagrès nan tan lontan kòm egzanp pou l anseye yon seri leson enpòtan (1 Kor. 9:25-27; 2 Tim. 2:5). Nan plizyè okazyon, li te konpare lavi yon kretyen ak kouri nan yon kous (1 Kor. 9:24; Gal. 2:2; Flp. 2:16). Yon moun antre nan “kous” la lè l vwe Jewova lavi l epi l batize (1 Pyè 3:21). Li travèse dènye liy lan lè Jewova pèmèt li jwenn lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans. — Mat. 25:31-34, 46; 2 Tim. 4:8.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Ki jan lavi yon kretyen sanble ak yon kous apye k ap fèt sou yon distans ki long? Gen anpil bagay ki fè yo sanble. Annou egzamine twa nan yo. Premyèman, nou bezwen ret nan bon wout la. Dezyèmman, nou dwe konsantre sou dènye liy kous la. E twazyèmman, nou bezwen andire yon seri difikilte ki nan wout la.

ANN RET NAN BON WOUT LA

Nou tout dwe ret nan wout lavi a antanke kretyen. (Gade paragraf 5-7.) *

5. Nan ki wout nou dwe rete e poukisa?

5 Si moun k ap kouri nan yon kous toutbon ta renmen jwenn rekonpans lan, yo dwe rete nan wout moun k ap òganize kous la te chwazi a. Menm jan an tou, si nou vle resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans, nou dwe ret nan wout kretyen yo dwe suiv la, oswa wout lavi a (Tra. 20:24; 1 Pyè 2:21). Sepandan, Satan ak moun k ap suiv li yo ta renmen nou chwazi yon lòt wout. Yo ta renmen nou “kontinye kouri avèk yo”. (1 Pyè 4:4.) Yo pase nou nan rizib poutèt nou chwazi ret nan wout lavi a e yo fè konnen chemen yo ye a pi bon, li fè moun jwenn libète. Men se manti y ap bay. — 2 Pyè 2:19.

6. Ki sa nou aprann nan egzanp Brian?

6 Nenpòt moun k ap kouri ansanm ak moun ki fè pati monn Satan ap dirije a pap pran tan pou yo wè chemen yo chwazi a pa mennen nan libète, men li mennen nan esklavaj (Wom. 6:16). Ann pran egzanp Brian. Paran l te ankouraje l pou l ret nan wout lavi kretyen yo ap suiv la. Men, pandan l te nan adolesans li, li pa t fin kwè chemen sa a t ap pèmèt li gen kè kontan. Brian te deside kouri ansanm ak moun k ap suiv prensip Satan yo. Men sa l di: “M pa t rann mwen kont swadizan libète mwen te vle genyen an t ap fè m tonbe anba grif esklavaj. Rive yon lè, m te tonbe nan pran dwòg, nan bwè alkòl e m t ap mennen yon vi ki imoral. Tank ane t ap pase, tikras pa tikras m te vin ap pran dwòg ki pi fò e m te vin esklav anpil nan dwòg sa yo. [...] M te kòmanse vann dwòg pou m jwenn kòb pou m kontinye mennen vi m t ap mennen an.” Finalman, Brian te deside aplike prensip Jewova yo nan lavi l. Li te kite wout li te ladan l lan e l te batize an 2001. Kounye a, li vrèman kontan lefètke li nan wout lavi kretyen yo ap suiv la *.

7. Selon Matye 7:13, 14, ki de wout nou gen devan nou?

7 Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou chwazi bon wout la! Satan vle nou tout sispann kouri nan wout jennen an “ki mennen nan lavi a” pou n travèse al nan wout ki laj la, kote pifò moun nan monn nan ye. Anpil moun renmen wout sa a e li fasil pou yo mache ladan l. Men, li “mennen nan destriksyon”. (Li Matye 7:13, 14.) Pou nou rete nan bon wout la e pou nou pa distrè, nou dwe fè Jewova konfyans e nou dwe koute l.

ANNOU RET KONSANTRE E ANN PA KITE ANYEN FÈ N BITE

Nou dwe ret konsantre sou kous la e nou dwe veye pou n pa fè lòt moun bite. (Gade paragraf 8-12.) *

8. Lè yon moun k ap kouri bite, ki sa l fè?

8 Moun k ap patisipe nan yon kous ki byen long toujou ap gade wout ki devan yo a pou yo pa bite. Men, sa ka rive youn nan moun k ap kouri yo fè yo bite oswa pye yo ka tonbe nan yon twou nan wout la. Si yo tonbe, yo leve e yo kontinye kouri. Yo plis konsantre sou dènye liy lan ak rekonpans yo espere jwenn nan pase yo konsantre sou sa k te fè yo bite a.

9. Ki sa n ta dwe fè si n ta bite?

9 Nan kous nou ladan l lan, nou kapab bite oubyen tonbe plizyè fwa, lè nou fè erè nan sa n ap di oubyen nan sa n ap fè. Oswa, moun k ap kouri nan kous la avèk nou kapab fè kèk bagay ki fè nou mal. Nou pa dwe sezi si sa rive. Nou tout enpafè, e nou tout ap kouri nan chemen jennen ki mennen nan lavi a. Donk, pafwa, youn ka “frape” ak lòt. Pòl te rekonèt pafwa n ap “gen dekwa pou [youn] plenyen” kont lòt (Kol. 3:13). Men, olye nou konsantre sou sa k te fè nou bite a, annou konsantre sou rekonpans k ap tann nou an. Si nou bite, annou chwazi leve kanpe epi kontinye nan kous la. Si nou ta vin fache, nou ta gen rankin e nou refize leve, nou pap rive travèse dènye liy lan pou n ta resevwa rekonpans lan. Mete sou sa, nou ka vin tounen yon obstak pou lòt moun k ap eseye kouri nan chemen jennen ki mennen nan lavi a.

10. Ki jan n ap ka evite vin “yon obstak [...] ki ka fè [lòt moun] bite”?

10 Yon lòt fason nou ka evite vin “yon obstak [...] ki ka fè” moun k ap patisipe nan kous ansanm avèk nou yo “bite” se lè nou aksepte pou frè n ak sè n yo gen pwennvi pa yo lè sa posib olye pou n ap ensiste pou yo fè bagay yo jan nou menm nou vle (Wom. 14:13, 19-21; 1 Kor. 8:9, 13). Nan sans sa a, nou pa menm jan ak moun ki nan yon kous toutbon. Yo nan konpetisyon ak lòt moun ki nan kous la, e yo chak ap fè efò pou se yo menm ki jwenn rekonpans lan poukont yo. Moun sa yo ki nan kous la, se ak tèt pa yo sèlman y ap panse. Se sa k fè yo ka ap eseye pouse lòt moun ki nan kous la sou kote pou yo ka pase devan. Men nou menm, nou pa nan konpetisyon youn ak lòt (Gal. 5:26; 6:4). Objektif nou se ede mezi moun nou kapab travèse dènye liy lan ansanm avèk nou pou yo jwenn lavi kòm rekonpans. Se sa k fè nou fè efò pou nou aplike konsèy Bondye te enspire Pòl pou l ekri a ki di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Flp. 2:4.

11. Sou ki sa yon moun ki nan yon kous konsantre, e poukisa?

11 Nonsèlman moun ki nan yon kous toutbon ap gade wout ki devan l lan, men tou li konsantre sou dènye liy lan. Menmsi yo pa ka wè liy lan ak je yo, yo ka imajine yo menm k ap travèse l e ki resevwa rekonpans lan. Lefètke yo pa sispann panse ak rekonpans lan, sa motive yo.

12. Ki sa Jewova ofri nou avèk bonte?

12 Jewova bay pèp li a garanti, si yo fini kous la, y ap jwenn rekonpans lan, anpalan de lavi ki pap janm fini an swa nan syèl la swa sou tè a ki pral vin yon paradi. Labib ban nou yon avangou sou rekonpans sa a, yon fason pou nou ka imajine jan lavi nou pral bèl anpil. Plis nou kenbe esperans sa a vivan nan lespri n ak nan kè n, se plis li ka difisil pou nou kite kèlkeswa bagay la fè nou bite nètale.

ANN KONTINYE RET NAN KOUS LA MALGRE DIFIKILTE

Nou vle kontinye ret nan kous pou lavi a malgre difikilte nou jwenn nan lavi nou. (Gade paragraf 13-20.) *

13. Ki avantaj nou gen sou moun ki nan yon kous toutbon?

13 Moun ki te konn patisipe nan kous yo te konn fè nan peyi Lagrès yo te dwe fè fas ak yon seri difikilte tankou fatig ak doulè. Men, yo te dwe mete tout konfyans yo nan fè antrènman e yo te dwe konte sou pwòp fòs yo. Menm jan ak moun ki te konn patisipe nan kous yo, nou fè antrènman pou nou konn fason pou nou kouri nan kous nou ye a. Men, nou gen yon avantaj sou moun ki nan kous toutbon yo. Nou menm, nou jwenn fòs nan Jewova ki gen yon fòs ki san limit. Si nou met konfyans nou nan Jewova, li pwomèt nonsèlman l ap antrene nou, men tou, l ap fè nou vin djanm! — 1 Pyè 5:10.

14. Ki jan 2 Korentyen 12:9, 10 ede nou fè fas ak difikilte?

14 Pòl te oblije fè fas ak anpil difikilte. Nonsèlman lòt moun te konn manke l dega e yo te konn pèsekite l, men pafwa, li te konn santi l fèb, e li te oblije fè fas ak sa li te rele “yon pikan nan chè” l (2 Kor. 12:7). Men, olye l te wè difikilte sa yo kòm yon rezon pou l kite sa, li te konsidere yo kòm yon okazyon pou l met konfyans li nan Jewova. (Li 2 Korentyen 12:9, 10.) Piske Pòl te gen atitid sa a, Jewova te ede l andire tout eprèv li te jwenn.

15. Ki rezilta n ap jwenn si nou imite Pòl?

15 Yo ka manke nou dega oswa pèsekite nou tou pou lafwa nou. Nou menm tou nou ka oblije fè fas ak pwoblèm sante oswa gwo fatig. Men, si nou imite Pòl, chak difikilte sa yo ka vin yon okazyon pou nou wè jan Jewova ap ede nou avèk lanmou.

16. Ki sa w ka fè menmsi sante w pa bon?

16 Èske w rete nan kabann ou paske w malad oubyen èske w chita nan yon chèz woulant? Èske w gen pwoblèm jenou oubyen pwoblèm je? Si w nan youn nan sitiyasyon sa yo, èske w ka patisipe nan kous la ansanm ak moun ki jèn e ki an sante? Wi ou kapab! Gen anpil moun ki granmoun e ki pa gen bon sante k ap kouri nan wout lavi a. Yo pa kapab fè sa ak pwòp fòs pa yo. Olye de sa, yo jwenn fòs Jewova bay la lè yo koute reyinyon yo nan telefòn oswa lè yo gade reyinyon yo sou videyo. Epitou, yo patisipe nan travay fè disip la lè yo preche doktè yo, enfimyè yo ak moun nan fanmi yo.

17. Ki jan Jewova wè moun ki gen pwoblèm sante yo?

17 Pa janm kite dekourajman akoz pwoblèm sante ou genyen fè w panse ou twò fèb pou w kouri nan wout lavi a. Jewova renmen w pou lafwa w gen nan li ak andirans ou demontre pandan plizyè ane. Ou bezwen èd Jewova kounye a plis pase nenpòt lòt lè, e li pap abandone w (Sòm 9:10). Okontrè, Jewova ap vin pi pwòch avè w. Men sa yon sè ki gen kèk pwoblèm sante fè konnen: “Tank m ap gen plis pwoblèm sante, se tank li vin difisil pou m jwenn okazyon pou m pataje laverite ak lòt moun. Men, mwen konnen nenpòt ti efò mwen fè ap rejwi kè Jewova, e sa fè kè m kontan.” Lè w santi w dekouraje, sonje ou pa poukò w. Reflechi ak egzanp Pòl, e sonje pawòl ankourajan l te di yo: “Mwen kontan anpil lè m fèb, [...] paske lè m fèb, se atò m gen pisans.” — 2 Kor. 12:10.

18. Ki kalite pwoblèm ki rèd anpil kèk moun jwenn?

18 Gen kèk moun k ap kouri nan wout lavi a ki jwenn yon lòt kalite pwoblèm. Y ap fè fas ak yon seri pwoblèm lòt moun pa ka wè e yo ka pa konprann. Pa egzanp, yo ka ap lite anba depresyon oubyen yo ka gen tètchaje ki twòp pou yo. Sa k fè kalite pwoblèm sa a vrèman rèd pou sèvitè Jewova sa yo li renmen anpil? Paske lè yon moun gen yon ponyèt kase oubyen li chita nan yon chèz woulant, tout moun ka wè l gen pwoblèm e y ap santi yo anvi ede l. Men, moun ki gen pwoblèm afektif oswa pwoblèm mantal kapab pa bay okenn siy ki montre y ap soufri. Yo ka ap soufri menm jan ak yon moun ki gen yon manm nan kò l ki kase, men kòm lòt moun pa ka wè jan y ap soufri sa ka rive yo pa jwenn konpasyon yo bezwen an.

19. Ki sa nou aprann nan egzanp Mefibochèt?

19 Si w gen yon seri difikilte ki fè w pa ka fè tout sa w ta vle fè nan sèvis Jewova e w santi lòt moun pa konprann sitiyasyon w, ou kapab jwenn ankourajman nan egzanp Mefibochèt (2 Sam. 4:4). Nonsèlman li te enfim, men wa David te mal jije l. Mefibochèt pa t fè anyen pou l te jwenn pwoblèm sa yo. Aktout sa, li pa t kite sitiyasyon sa a fè l vin gen move atitid, li te apresye bon bagay ki te rive nan lavi l. Li te gen rekonesans poutèt David te aji byen avè l anvan sa (2 Sam. 9:6-10). Se sa k fè, lè David te mal jije Mefibochèt, li pa t gad sou sa. Li pa t kite erè David te fè a fè l gen rankin, e li pa t bay Jewova responsab sa David te fè a. Mefibochèt te konsantre sou sa l te ka fè pou l soutni wa Jewova te chwazi a (2 Sam. 16:1-4; 19:24-30). Jewova te fè mete bèl egzanp Mefibochèt la nan Pawòl li a pou byen nou. — Wom. 15:4.

20. Ki jan tètchaje ka gen efè sou kèk moun, men ki asirans yo ka genyen?

20 Akoz gwo tètchaje kèk frè ak kèk sè genyen, yo ka santi yo gen anpil strès e yo ka pa santi yo alèz lè yo avèk lòt moun. Yo ka twouve l difisil lè yo ansanm ak anpil moun, men yo kontinye asiste reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Yo twouve l difisil pou yo pale ak moun yo pa konnen, poutan yo patisipe nan travay predikasyon an. Si se ka pa w, pran kouraj, ou pa poukò w. Gen anpil moun ki nan menm sitiyasyon avè w. Sonje Jewova apresye efò w fè ak tout kè w. Lefètke w kenbe djanm, se prèv Jewova beni w e li ba w fòs ou bezwen an  * (Flp. 4:6, 7; 1 Pyè 5:7). Si w ap sèvi Jewova malgre w gen pwoblèm sante oswa pwoblèm afektif, ou mèt gen asirans ou fè Jewova plezi.

21. Ki sa nou tout ap ka fè grasa èd Jewova?

21 Erezman gen diferans ant yon kous toutbon ak kous Pòl t ap pale de li a. Nan kous toutbon ki te konn fèt nan tan biblik yo, se yon sèl moun ki te gen rekonpans lan. Poutan, nan kous kretyen yo ladan l lan, se tout moun ki ret fidèl k ap resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans (Jan 3:16). Nan yon kous toutbon, tout moun k ap patisipe nan kous la dwe an sante si se pa sa, l ap difisil pou yo genyen. Poutan, anpil nan nou gen pwoblèm sante, epoutan n ap andire (2 Kor. 4:16). Grasa èd Jewova, nou tout ap fini kous la!

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

^ § 5 Jodi a, anpil sèvitè Jewova ap soufri akoz vyeyès e anpil nan yo ap lite anba yon seri maladi ki fè yo pèdi fòs. Pafwa nou tout konn santi nou fatige. Donk, kesyon kouri nan yon kous la ka parèt difisil anpil. Atik sa a pral pale sou fason nou tout ka kouri avèk andirans pou nou genyen kous pou lavi apot Pòl t ap pale a.

^ § 6 Gade atik ki gen tit “Labib chanje lavi moun” ki nan Toudegad 1ye janvye 2013.

^ § 20 Pou n jwenn plis konsèy sou fason pou nou fè fas ak tètchaje e pou nou ka wè eksperyans kèk moun ki reyisi fè fas ak tètchaje te fè, gade pwogram me 2019 la sou jw.org®. Ale nan seksyon BIBLIYOTÈK > TELE JW.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lefètke frè aje sa a ret okipe nan travay predikasyon an, sa pèmèt li rete nan bon wout la antanke kretyen.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nou ka fè lòt moun bite ni lè nou ensiste pou yo bwè plis bwason ki gen alkòl ni lè nou pa kontwole ki kantite bwason ki gen alkòl n ap bwè.

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki rete nan kous kretyen yo ladan l lan lefètke l preche moun k ap pran swen l pandan l sou kabann lopital.