ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN
Gwo soufrans lanmò pote
“Mwen menm ak Sophia * te gen plis pase 39 an depi nou marye lè Sophia te vin fè yon maladi ki te fè anpil tan sou li jiskaske l touye l. Zanmi m yo te soutni m anpil, e mwen te toujou chèche gen yon bagay pou m fè. Men, mwen te fè ennan ap soufri anpil. Mwen pa t ka kontwole jan m santi m, yon lè m anfòm, yon lè m pa anfòm. Sa fè twazan depi Sophia mouri, men pou jis kounye a, souvan, mwen konn annik rete konsa epi m santi yon gwo tristès anvayi m.” — Kostas.
Èske w gen yon moun ou renmen ki mouri? Si se wi, petèt ou konprann jan Kostas santi l la. Pa gen anpil bagay ki ka bay plis strès ak soufrans pase lè mari oswa madanm yon moun mouri, lè yon moun nan fanmi nou oswa yon zanmi nou nou renmen anpil mouri. Espesyalis ki fè rechèch sou gwo soufrans lanmò pote dakò ak sa. Gen yon atik ki te soti nan yon jounal ki fè konnen “lè yon moun nou renmen mouri, anpil nan nou nan gwo soufrans paske nou pap janm wè moun nan ankò”. (The American Journal of Psychiatry.) Soufrans sa a gendwa fè n ap mande tèt nou: ‘Ki lè m ap sispann santi m konsa? Èske kè m ap janm kontan ankò? Ki sa k ka soulaje m?’
N ap jwenn repons pou kesyon sa yo nan peryodik sa a. Atik ki vin apre a pral montre ki jan w ka santi w si w fèk gen yon moun pa w ki mouri. Lòt atik yo pral bay kèk konsèy ki ka ede w soufri mwens.
Nou swete ak tout kè n pou pwen nou pral egzamine yo pote rekonfò ak bonjan èd pou nenpòt moun k ap fè fas ak gwo soufrans lanmò pote.
^ § 3 Yo chanje non kèk moun ki nan seri atik sa yo.