Chante
Yon seri chante ki demontre jan nou apresye eritaj espirityèl nou an.
Mwen pran plezi fè volonte w (Chante kongrè 2025)
Menm jan Jezi te obeyi ak kè kontan, nou menm tou nou pran plezi fè volonte Bondye.
Bay Jewova glwa
Lanmou ak rekonesans nou genyen pou Jewova pouse nou ba l glwa.
‘Yon bon nouvèl’ (Chante kongrè 2024)
Soti nan premye syèk rive jounen jodi a, moun toujou preche bon nouvèl la ak kè kontan. Yo patisipe nan yon travay ki pi enpòtan pase nenpòt nan yo, yon travay Jezi ap dirije pèsonèlman, yon travay zanj yo ap soutni.
Pwoche kote m
Bondye vrèman enterese ak tout moun ki vle pwoche bò kote l, menmsi pase yo ta tris.
“Li pap anreta!” (Chante kongrè 2023)
Pandan w ap tann Jewova avèk pasyans, imite moun ki fidèl yo.
Montre w sonje lavi toutbon an
Nou ka viv yon vi ki gen sans e ki gen kè kontan depi kounye a e alavni.
Zanmi Ankò
Kite tout mezantant yo dèyè do nou pou nou ka tounen zanmi ankò!
Aprann nan erè’w fè
Si’w aprann nan erè’w, w’ap vin pi djanm pase anvan.
Jewova avè m
Grasa èd Jewova, nou ka rive venk kèlkeswa laperèz la.
Vrè lapè (Chante kongrè 2022)
Gade pi lwen pase pwoblèm ou yo, konsantre w sou pwomès Bondye fè konsènan vrè lapè a.
Nou ini, sa fè’n djanm
Grasa fanmi nou fòme a ki ini e grasa èd Jewova, nou ka andire nenpòt eprèv.
Fanmi Jewova
Toujou gen moun nan monn sa a k ap chèche laverite. Videyo sa a ap motive w pou w kontinye chèche moun ki tankou mouton yo.
Pran tan pou Jewova
Pi bon fason pou nou viv se ret okipe nan sèvis Jewova a.
Wi, w ap wè
Nou ka rejwi nan esperans nou genyen pou n vin nan monn nouvo a.
Bay tout fòs ou pou glwa Jewova
Itilize fòs ou nan sèvis Jewova a. Ou pap regrèt sa!
“Toujou rejwi”
Yon chante ki raple nou pakèt rezon nou genyen pou n gen kè kontan.
Ak je lafwa
Imajine bèl avni Bondye rezève pou lèzòm nan.
Yon pèp ki ini
Malgre pwoblèm ak tribilasyon, nou rete yon pèp ki ini.
Pwoteje panse w
Grasa èd Jewova, ou ka pot laviktwa sou panse ki fè w santi w enkyè yo.
Ou se trezò m!
Yon chante ki montre jan maryaj se yon bèl kado Jewova bay.
Nou pap bay vag
Pou n bati yon lafwa ki solid, nou bezwen bonjan materyo.
Ann kouri
Pran bon desizyon pou w ka genyen kous pou lavi a.
Padone nèt
Èske gen yon moun ki blese santiman w? Èske w twouve sa difisil pou w padone l? Gade ki jan ou ka rive padone l nèt.
Lajwa nètale
Se Jewova ki vrè Sous lajwa nou e se li k ap toujou vrè Sous lajwa nou.
Mwen gen konviksyon
Nou ka gen konviksyon Jewova renmen nou menm lè n ap fè fas ak divès kalite pwoblèm.
Tankou timoun
Ki jan n ka montre nou tankou timoun nan fason n demontre lanmou?
Ba l tout chay yo
Lè n dekouraje, nou bezwen kontinye konte sou Jewova pou l ban nou fòs ak ankourajman.
Mwen ba ou tout lavi m
Lefètke n renmen Jewova, sa pouse n pwogrese jis nou vwe lavi n ba li e nou batize.
Lanmou fidèl
Lanmou Jewova pa janm fayi. Li fè n gen kè kontan e l ban nou fòs.
Monn nouvo n ap tann nan
Sa nou imajine nan lespri nou ka gen yon gwo enfliyans sou panse nou. Chante sa a ap ede nou konsantre sou monn nouvo a.
Jewova toujou bò kote n
Jewova toujou pare pou l kenbe men nou.
Kenbe lafwa w djanm
Menm lè nou gen pwoblèm, nou ka ret fidèl ak Jewova.
Nou se fanmi w
Kèlkeswa kote nou ye, nou fè pati pèp Jewova a.
Mèsi Bondye pou sa w kreye
Pran tan pou n medite sou sa Jewova kreye yo epi priye l pou nou di l mèsi.
W ap gen fòs, w ap gen kran
Yon chante nou renmen ki ede n andire.
Chak jou gen pwòp pwoblèm pa l
Nou ka santi n anpè e nou ka gen kè kontan malgre pwoblèm nou yo.
Tout sa mwen genyen
Jewova vrèman merite pou n sèvi l ak tout kè nou.
Ak Jewova, nou fè youn
Malgre n ap viv nan yon monn ki mechan, nou fè pati yon fanmi k ap viv anpè e ki gen inite.
Konte sou mwen!
Nou ka konte sou bon zanmi nou yo ni nan bon tan ni nan move tan.
Fè m gen kouraj!
Jewova ka ban nou kouraj pou n andire kèlkeswa eprèv nou ta rankontre.
Bon zanmi
Ki kote nou ka jwenn bon zanmi?
Chèche
Moun ki vle konnen Bondye ak objektif li yo ak tout kè yo ka rive fè sa depi yo fè efò pou yo chèche l.
Nou pa bezwen pè
Lè lavi a ap malmennen nou, nou bezwen sonje nou pa poukò n.
Youn renmen lòt vre
Nan pèp Jewova a, youn ede lòt e pa gen okenn lòt kote yo fè sa nan nivo sa a nan monn nan.
Mwen pa janm poukò’m
Lè Jewova avèk nou, nou pa janm poukò n!
Mwen kwè nan ou
Èske w te jwenn ankourajman pou w fè chanjman nan fason w preche?
De moun ki damou
Lè Jewova nan yon maryaj, l ap fè maryaj la vin solid!
Mwen gen konfyans nan ou
Lè n li e n medite sou Pawòl Bondye a, sa ap ede n chape anba pwoblèm lavi a pote.
Bagay ki pi enpòtan yo
Nou bezwen rezève tan pou sa k pi enpòtan: Priye, etidye, ret fidèl toutan.
Bèl bagay ou fè yo pouse m ba ou glwa
Travay Jewova fè ak men l fè n ret bouch ouvè e sa pouse n chante pou li.
Gade mwen
Byen pwofite moman w ap pase ak frè ak sè yo.
Ann aji vit
Lè n fè plis nan travay predikasyon an, nan kèlkeswa fòm sèvis la, n ap gen anpil kè kontan antanke sèvitè Jewova.
Pitit fi mwen
Ane apre ane, yon papa suiv jan pitit fi l ap grandi e jan l ap fè pwogrè nan domèn espirityèl.
Nou kontan wè sa w fè
Kontinye apresye privilèj ou genyen pou w travay bò kote Jewova!
M ka leve ankò
Byen suiv kòman yon sèvitè Jewova ki te zele anvan sa jwenn fòs pou l retounen nan kongregasyon an, pami moun ki renmen l.
Mwen suiv rapèl ou yo
Nan pawòl nou ak nan aksyon nou, annou montre nou vrèman renmen rapèl Jewova yo.
Lafwa ka fè mèvèy
Sa mande efò pou lafwa n ka vin pi solid, men Jewova ap rekonpanse n pou efò yo.
M ap mache ak Jewova nètale
Lè w obeyi tout sa Jewova di w, sa fè l plezi.
Toujou sonje priye
Ki sa n ka fè lè n gen pwoblèm?
Pawòl ou la pou toutan
N ap louwe Bondye pou Pawòl li a li te prezève pou lèzòm.
Etidye fè w djanm
Etid pèsonèl nan Pawòl Bondye a ka ede jèn yo grandi nan domèn espirityèl.
Chwa m gen pou m fè
Nou montre n saj lè n rekonèt chwa nou fè gen efè sou sèvis n ap bay Jewova ak sou lòt moun.
Li toupre pou li rive
Lè n fikse lespri n sou paradi ki gen pou vini an, sa ap ede n andire.
Annou youn padone lòt
Annou chèche okazyon pou n imite Jewova epi padone lòt moun.
Kot plas mwen ye
Ki jan m ka chwazi bon zanmi?
N ap di ou mèsi
Jewova ede n fè fas ak tout pwoblèm nou genyen ak èd lespri sen l. Sa fè nou chante pou n di l mèsi.
“Akeyi moun se yon bon abitid”
Nan ki domèn ou ka montre w akeyan?
Pa twò prese!
Nou jwenn pi bèl rezilta nan travay predikasyon an ak nan lavi n lè n pa twò prese.
Aprann lòt lang fè n jwenn benediksyon
Ki benediksyon w ap jwenn lè w aprann yon nouvo lang?
Byen pran san w, e byen chwazi
Lè n ap chwazi yon moun pou n marye, nou dwe pran san n pou n byen chwazi.
Kè kontan ki gen nan kongrè yo
Lè n asiste kongrè yo, nou santi lanmou ak inite ki genyen nan fanmi entènasyonal nou an.
Nou regrèt, nou pa jwenn anyen pou rechèch w ap fè a.

