3YÈM PATI
Kiyès k ap viv nan monn envizib la?
1. Ki jan relijyon tradisyonèl ann Afrik yo sanble ak yon triyang?
YO KONPARE kwayans tradisyonèl ki gen nan relijyon ann Afrik yo ak yon triyang. Nan tèt triyang lan, yo mete Bondye, li menm ki gen plis pouvwa antanke espri. Sou kote triyang lan, yo mete dye ki gen mwens pouvwa yo, oswa espri yo, ki se sèvitè Bondye. Bò kote dye sa yo, gen zansèt yo ki sonje fanmi yo gen sou tè a e k ap aji nan enterè yo. Anba nèt nan triyang lan, gen fòs ki pi fèb yo, anpalan de maji, divinasyon ak lougawou.
2. Ki jan yon pawòl Afriken yo renmen di montre enfliyans kwayans tradisyonèl yo gen sou relijyon?
2 Kwayans tradisyonèl sa yo gen yon kokenn enfliyans sou lòt relijyon ann Afrik yo. Afriken yo renmen di: “Lefètke nou vin gen lafwa (kretyen yo oswa mizilman yo genyen an), sa pa anpeche nou adore dye nou gen nan peyi nou yo.”
3. Ki kote nou ka aprann laverite konsènan espri ki abite nan monn envizib la?
3 Èske kwayans tradisyonèl ki gen ann Afrik yo se laverite? Labib fè nou konnen laverite konsènan espri ki abite nan monn envizib la.
Jewova se vrè Dye a
4. Sou ki pwen pi gwo relijyon ki gen ann Afrik yo dakò?
4 Twa pi gwo relijyon ki gen ann Afrik yo dakò Bondye egziste e li anlè tout bagay. Labib pale de li antanke ‘Dye ki anlè tout lòt dye yo, Seyè ki sou tèt tout seyè yo, Bondye ki gran an, ki gen pouvwa a, e ki merite respè a’. (Detewonòm 10:17.) Mizilman yo kwè nan yon Dye ki anlè tout bagay tou. Konsènan relijyon tradisyonèl ki gen ann Afrik yo, men sa pwofesè Geoffrey Parrinder deklare: “Pifò Afriken kwè nan yon Dye ki siperyè tout bagay, papa dye yo ak lèzòm, kreyatè linivè a.”
5. Site kèk non yo itilize pou idantifye Bondye.
5 Epoutan, byenke anpil moun kwè nan Bondye, pifò moun pa fin konn kiyès Bondye ye. Pou yon moun konnen yon lòt moun, premye bagay pou l fè se chèche konn non moun nan. Gen konfizyon konsènan non Bondye nan relijyon yo. Relijyon ki di yo se kretyen yo plis rele l Bondye, yon tit ki vle di “Sila a ki pisan an”. Pou mizilman yo, li rele Ala. Moun ki nan relijyon tradisyonèl yo itilize yon non diferan nan chak lang pou idantifye Sila a ki anlè tout bagay la. Nan yon liv John S. Mbiti ekri, li fè yon lis ki gen plis pase 500
non ak tit afriken moun itilize pou yo pale de Bondye. Pa egzanp, nan lang yowouba (Nijerya), yo rele Bondye Olodoumare. Nan lang kikouyou (Kenya), yo rele l Ngayi. E pami Zoulou yo (Afrik disid), yo rele l Ounkoulounkoulou. — Concepts of God in Africa.6, 7. Ki jan Bondye rele, e ki jan nou fè konnen?
6 Ki sa Bondye li menm di konsènan non l? Lè Bondye te bay Moyiz lòd pou l mennen Izrayelit yo sot ann Ejip, Moyiz te mande l: “Ann sipoze m al kot Izrayelit yo, mwen di yo: ‘Bondye zansèt nou an voye m kote nou’ e yo mande m: ‘Ki jan l rele?’, ki sa m ap reponn yo?” — Egzòd 3:13.
7 Bondye reponn: “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, voye m kote nou.’ Se non sa a m ap toujou genyen, e jenerasyon apre jenerasyon se nan non sa a pou yo sonje m.” (Egzòd 3:15). Non Bondye parèt plis pase 7 000 fwa nan Labib, byenke gen kèk tradiktè ki ranplase l ak tit tankou “Bondye” oswa “Senyè”.
8. Kiyès Jewova ye, e ki sa nou dwe fè si nou vle gen favè l?
8 Kiyès Jewova ye toutbonvre? Li se yon espri, li toupisan, li gen glwa. Se li ki anlè tout bagay, li pa gen parèy, pa gen pèsonn ki egal avè l (Detewonòm 6:4; Ezayi 44:6). Men sa Jewova te di Moyiz: “Mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman.” Sa vle di, pou nou gen favè Jewova, se li menm sèl nou dwe adore. Li pa vle nou adore okenn bagay ni okenn lòt moun. — Egzòd 20:3-5.
Jezi Kris se Wa nan Wayòm Bondye a
9. Poukisa nou ka di Jezi pa egal ak Jewova?
9 Jodi a, gen anpil konfizyon konsènan kiyès Jezi ye. Anpil moun nan relijyon ki di yo se kretyen yo kwè Jezi fè pati “lasent” Trinite. Men, Labib pa anseye Bondye se yon dye an twa pèsòn. E li pa anseye Jezi egal ak Jewova. Men sa Jezi li menm di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” — Jan 14:28.
10. Ki kote Jezi te ye anvan l te vin sou tè a?
10 Labib fè konnen anvan Jezi te vin viv antanke moun sou tè a, li te viv nan syèl la antanke yon espri pisan. Menm jan Jewova te kreye Adan ak Èv sou tè a, se konsa tou li te kreye yon seri espri nan syèl la. Jezi se premye espri Jewova te kreye. — Jan 17:5; Kolosyen 1:15.
11. Ki jan Jezi te fè vin fèt antanke moun?
11 Sa gen anviwon 2 000 an, Jewova te transfere lavi espri sa a nan vant yon fi vyèj ki te rele Mari. Zanj Gabriyèl te di Mari: “W ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi. Li va dirije [...] antanke wa, [...] e Wayòm li an pap janm fini.” — Lik 1:31, 33 *.
12. Bay youn nan rezon ki fè Jezi te vin sou tè a.
12 Donk, Jezi te fèt, li te grandi, e li te anseye moun yo volonte Jewova ak objektif Li. Li te di yon gouvènè women: “Rezon ki fè mwen fèt e ki fè mwen vin nan monn nan se pou m bay temwayaj sou laverite.” (Jan 18:37). Lè nou egzamine sa Jezi te anseye, nou ka aprann laverite sou volonte Bondye ak sou objektif Li. Nou ka aprann kòman pou n aji pou n ka gen apwobasyon Bondye.
13. Bay yon dezyèm rezon ki fè Jezi te vin sou tè a.
Matye 20:28). Li te fè sa pou n te ka libere anba peche nou eritye nan men zansèt nou Adan. Yon lòt bò, sa t ap pèmèt nou viv pou toutan. Men sa apot Jan te ekri: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16.
13 Yon dezyèm rezon ki fè Jezi te vin sou tè a se pou l te bay lavi l antanke moun kòm ranson pou limanite (14. a) Ki sa k te rive Jezi apre l fin mouri? b) Nan ki pozisyon Jezi ye nan syèl la kounye a?
14 Apre Jezi fin mouri antanke moun, li te resisite pou l al nan syèl la, kote l al viv ankò antanke yon espri ki pisan (Travay 2:32, 33). Annapre, Jewova te ba li “pouvwa, onè ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l”. (Dànyèl 7:13, 14.) Bondye fè Jezi vin yon Wa pisan. Li se Wa nan gouvènman Jewova a ki nan syèl la. Talè konsa, li pral montre pisans li sou tout tè a.
Zanj yo se sèvitè Bondye
15. Ki lè Bondye te kreye zanj yo e ki kote li te kreye yo?
15 Se pa Jewova ak Jezi sèlman ki abite nan monn envizib la. Jewova te kreye lòt espri, anpalan de zanj yo. Gabriyèl, zanj ki te pale ak Mari a, se youn ladan yo. Zanj yo pa t kòmanse viv antanke moun sou tè a. Bondye te kreye yo nan syèl la byen lontan anvan li te kreye moun sou tè a (Jòb 38:4-7). Gen plizyè milyon zanj. — Dànyèl 7:10.
16. Poukisa moun pa dwe adore zanj?
16 Zanj ki fidèl yo pa vle nou adore yo. Pandan de fwa apot Jan te eseye adore zanj, yo te reprimande l, e yo te di l: “Pa fè sa! [...] Se Bondye pou w adore.” — Revelasyon 19:10; 22:8, 9.
17. Ki sa k fè nou konnen zanj yo kapab pwoteje sèvitè Bondye yo, e poukisa sa rekonfòtan?
17 Zanj yo pa parèt devan sèvitè Bondye yo sou tè a ankò jan yo te fè sa lè yo te vin delivre apot Jezi yo nan prizon (Travay 5:18, 19). Sepandan, si nou adore Jewova ann amoni ak Pawòl li, Labib, nou ka gen asirans zanj pisan Bondye yo ki envizib ap pwoteje nou. Men sa Labib di: “Zanj Jewova a pwoteje moun ki gen lakrentif pou Bondye yo e li sove yo.” (Sòm 34:7; 91:11). Poukisa sa ta dwe rekonfòte nou? Paske gen yon seri ènmi danjere nan monn envizib la ki vle detwi nou.
Satan se ènmi Bondye
18. a) Poukisa youn nan zanj yo te rebele kont Bondye? b) Ki jan yo vin rele zanj rebèl sa a?
18 Se pa tout zanj Bondye yo ki te rete fidèl ak Bondye. Gen kèk ki te rebele kont li.
Yo te fè tèt yo tounen ènmi Bondye ak ènmi pèp Bondye a sou tè a. Ki jan sa te fè rive? Tout zanj Jewova te kreye yo te jis e yo te bon. Men, gen youn nan espri pafè sa yo ki te vle pou moun adore l e li te aji ann amoni ak move dezi sa a. Yo vin rele espri sa a Satan, ki vle di “Opoze [ak Bondye]”. Yo rele l Dyab tou, ki vle di “Medizan”, etandone li bay manti sou Jewova avèk mechanste.19. Poukisa Satan te fè Jòb soufri e ki jan l te fè sa?
19 Satan ap chèche fòse moun vin jwenn li nan rebelyon li fè kont Bondye a. Reflechi sou sa l te fè Jòb, yon sèvitè Bondye ki te fidèl. Jòb te rich anpil. Li te gen 7 000 mouton, 3 000 chamo, 1 000 bèf, plis 500 femèl bourik. Epitou, li te gen dis pitit e li te gen yon bann moun k ap travay avè l. Toudabò, Satan touye bèt Jòb yo ansanm ak moun k ap travay avè l yo. Ansuit, li fè “yon gwo van” kraze yon kay kote pitit Jòb yo te ye, li touye yo tout. Apre sa, Satan fè “yon pakèt gwo bouton leve sou Jòb e yo t ap fè l mal, yo te soti depi nan pla pye l rive nan tèt li”. — Jòb 1:3-19; 2:7.
20. a) Ki rekonpans Jòb te jwenn poutèt li te fidèl? b) Byenke Jòb te fidèl anvè Bondye, ki sa Satan fè anpil lòt moun?
20 Malgre eprèv terib sa a Jòb te sibi, li te rete fidèl devan Bondye. Se sa k fè Jewova te geri l e li “te ba l de fwa lavalè sa l te gen deja yo”. (Jòb 42:10.) Satan pa t reyisi kraze entegrite Jòb, men li reyisi fè anpil lòt moun vire do bay Bondye. Labib di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” — 1 Jan 5:19.
21. a) Ki jan Satan te montre li ta renmen yo adore l? b) Poukisa Jezi pa t aksepte adore Satan?
21 Satan vle nou adore l. Sa te parèt klè nan tantasyon li te met devan Jezi sa gen anviwon 2 000 an. Men sa Labib rakonte: “Dyab la mennen [Jezi] sou yon mòn ki wo anpil. Li montre l tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo. Li di l: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè, e ou fè yon jès pou w adore m.” Lè sa a, Jezi di l: “Al fè wout ou, Satan! Paske, men sa ki ekri: ‘Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.’” (Matye 4:8-10). Jezi te byen konnen lwa Jewova a, e li pa t fè sa Satan te vle a.
Demon yo se movèzespri
22. Ki sa demon yo fè moun?
22 Gen lòt zanj ki t al jwenn Satan nan rebelyon l ap fè kont Bondye a. Zanj sa yo se yon seri demon ki se ènmi moun sou tè a. Yo mechan e yo vyolan. Nan tan lontan, yo te fè kèk moun bèbè e yo te fè kèk moun vin avèg (Matye 9:32, 33; 12:22). Yo te fè kèk lòt moun malad oswa yo te fè yo fou (Matye 17:15, 18; Mak 5:2-5). Yo te menm fè timoun soufri. — Lik 9:42.
23. a) Ki sa movèzespri yo vle moun fè pou yo? b) Satan ak demon yo twonpe moun pou yo fè ki sa?
23 Menm jan ak Satan, movèzespri sa yo vle pou moun adore yo. Olye yo refize pou moun adore yo, pou yo ta rekonèt se Jewova sèl ki gen dwa jwenn adorasyon, y ap fè ava dèyè adorasyon, y ap chèche sa, e yo ankouraje moun fè sa. Satan ak demon yo sèvi ak twonpri, manti ak laperèz pou fè moun adore yo. Natirèlman, pa gen anpil moun ki konnen se Satan ak demon l yo y ap adore. Pifò moun t ap sezi aprann relijyon yo ladan l lan ap onore Satan. Epoutan, men avètisman Bib la bay: “Bagay nasyon yo ap sakrifye yo, se pa pou Bondye y ap sakrifye yo, se pou demon.” — 1 Korentyen 10:20.
24. Site youn nan plan Satan itilize pou l twonpe moun.
24 Youn nan fason Satan ak demon l yo twonpe moun pou fè yo adore yo se gaye yo gaye manti konsènan moun ki mouri. Annou gade sa Labib anseye sou sa.
^ § 11 Koran an pale sou fason Jezi te fèt, ki se yon mirak, nan sourat 19 (Mari). Men sa l di: “Nou te voye Espri nou an kot [Mari] sou fòm yon gason. E lè l wè Espri a, li di: ‘Se pou Sila a ki gen mizèrikòd la pwoteje m kont ou! Si w gen lakrentif pou Senyè a, kite m, epi al fè wout ou.’ Espri a reponn: ‘Mwen se mesaje Senyè a, e mwen vini pou m ba w yon pitit gason ki sen.’ Li reponn: ‘Kòman m ap fè ansent alòske mwen vyèj, pa janm gen gason ki manyen m?’ Espri a reponn: ‘Se volonte Senyè w la. Se pa yon bagay ki difisil pou Li. Senyè a di: “L ap yon siy pou limanite ak yon benediksyon ki sot nan nou. Sa a se dekrè pa nou.”’”