LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Jèn, èske Jewova se pi bon Zanmi w?
Ki kalite w ap chèche nan yon zanmi? Petèt ou renmen moun ki gen fidelite, ki gen bonte e ki renmen bay. Jewova demontre tout kalite sa yo (Eg 34:6; Tr 14:17). Li tande w lè w priye l. Li ede w lè w bezwen sa (Sm 18:19, 35). Li padone peche w yo (1J 1:9). Jewova se pi bon Zanmi ou te ka genyen!
Ki jan w ka zanmi Jewova? Aprann konnen l lè w li Pawòl li a. Met konfyans ou nan li (Sm 62:8; 142:2). Montre w bay bagay ki enpòtan pou Jewova yo anpil valè tankou Pitit Gason l lan, Wayòm li an ak pwomès li fè pou lavni yo. Fè lòt moun konnen Jewova (Dt 32:3). Si w chèche vin bon zanmi Jewova, l ap Zanmi w pou toutan. — Sm 73:25, 26, 28.
GADE VIDEYO KI GEN TIT JÈN — “GOUTE E N A WÈ JAN JEWOVA BON”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
-
Ki jan w ka prepare w pou w vwe lavi w bay Jewova epi batize?
-
Ki jan lòt moun nan kongregasyon an ka ede w sèvi Jewova?
-
Ki jan travay predikasyon an fè w gen pi bon relasyon ak Jewova?
-
Ki asiyasyon ou ka jwenn nan sèvis Jewova a?
-
Ki sa w renmen lakay Jewova?