Modèl prezantasyon
TOUDEGAD
Entwodiksyon: Kat moun ki sou cheval k ap galope yo pale de yo nan Apokalips la se youn nan istwa moun pi konnen nou jwenn nan liv Revelasyon an. Gen kèk moun istwa sa a fè yo pè. Gen lòt ki santi li atire yo.
Vèsè: Re 1:3
Òf: Toudegad sa a esplike nan ki sans kat moun ki sou cheval k ap galope yo ka yon bon nouvèl pou nou.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Èske w panse l posib pou nou konnen ki sa lavni sere pou nou?
Vèsè: Eza 46:10
Verite: Bondye sèvi ak Labib, Pawòl li a, pou l fè nou konnen lavni.
FANMI W KA GEN KÈ KONTAN
Entwodiksyon: N ap montre moun yo ti videyo sa a sou fanmi. [Pase videyo ki sou Fanmi w ka gen kè kontan an.]
Òf: Si w ta renmen li bwochi yo pale de li nan videyo a, mwen ka ba w youn gratis oubyen mwen ka montre w fason pou w telechaje l sou sit la.
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.