LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Ki sa w ka aprann nan men yo?
Èske w se yon sèvitè ministeryèl oswa yon ansyen ki fèk nome? Ou kapab gen kèk kapasite, talan oswa fòmasyon pwofàn lòt sèvitè ministeryèl oswa lòt ansyen nan kongregasyon w lan pa genyen. Sepandan, ou ka aprann anpil bagay nan men frè sa yo ak nan men yon seri lòt frè ki fidèl e ki pap sèvi antanke sèvitè ministeryèl oswa ansyen ankò. Gendwa gen bagay yo pa ka fè akoz yo vin twò aje, yo gen pwoblèm sante oswa yo gen responsablite nan fanmi yo.
GADE VIDEYO ANNOU RESPEKTE GASON KI GEN EKSPERYANS YO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
-
1. Ki jan frè Richards te montre l gen respè pou frè Bello?
-
2. Ki erè Ben te fè, e sa k fè sa?
-
3. Ki sa Ben te aprann nan egzanp Elize a?
-
4. Kit ou se yon frè, kit ou se yon sè, ki jan w ka montre w gen respè pou frè ak sè ki gen eksperyans yo, e ki jan w ka montre w ap aprann nan men yo?