LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Èske w ka bay rezon ki fè w kwè gen yon Kreyatè?
Si yon moun mande w ki sa k fè w kwè nan kreyasyon, ki sa w ap reponn? Pou w ka reponn avèk asirans, gen de bagay ou dwe fè. Toudabò, ou dwe konvenk tèt ou kreyasyon an se yon reyalite (Wm 12:1, 2). Apre sa, ou dwe reflechi sou jan w ka esplike lòt moun rezon ki fè w kwè gen yon Kreyatè. — Pw 15:28.
GADE VIDEYO YON CHIRIJYÈN ÒTOPEDIS AP BAY REZON KI FÈ LI KWÈ GEN YON KREYATÈ AK VIDEYO YON ESPESYALIS KI ETIDYE BÈT AP BAY REZON KI FÈ LI KWÈ GEN YON KREYATÈ POU W WÈ KI SA K FÈ LÒT MOUN KWÈ NAN KREYASYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO
-
Ki sa k fè Irène Hof Laurenceau kwè nan kreyasyon olye li kwè nan evolisyon?
-
Ki sa k fè Yaroslav Dovhanych kwè nan kreyasyon olye li kwè nan evolisyon?
-
Ki jan w t ap esplike yon moun rezon ki fè se nan kreyasyon w kwè?
-
Ki bagay òganizasyon Jewova a pibliye nan lang ou ki ede w konvenk tèt ou ak lòt moun se Bondye ki kreye tout bagay?