“Se egzakteman sa l te fè”
Imajine tout kantite travay sa te mande pou Noye ak fanmi l konstwi lach la, alòske yo pa t gen tout zouti ak metòd konstriksyon ki genyen jodi a.
-
Lach la te gwo anpil anpil, li te mezire anviwon 133 mèt longè, 22 mèt lajè ak 13 mèt wotè
-
Yo te dwe koupe pyebwa yo, ba yo fòm epi fè yo gwosè yo te bezwen an, apre sa, pote yo kote y ap konstwi lach la
-
Yo te gen pou yo kouvri lach la ak goudwon anndan kou deyò
-
Yo te dwe stoke manje pou yon ane pou tout fanmi an ak bèt yo
-
Petèt sa te pran ant 40 a 50 an pou yo fin konstwi lach la
Ki jan istwa sa a ka ankouraje n lè n twouve li difisil pou nou fè sa Jewova mande nou?