LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Poukisa netralite enpòtan konsa? (Mi 4:2)
Parabòl bon samariten an fè n sonje Jewova pa gen patipri e li vle pou nou “fè byen ak tout moun”, kit yo pa nan menm klas sosyal avè n, kit yo pa gen menm ras avè n, kit yo soti nan lòt tribi, kit yo soti nan lòt nasyon oswa yo pa nan menm relijyon avè n. — Ga 6:10; Tr 10:34.
GADE VIDEYO POUKISA NETRALITE ENPÒTAN KONSA? (MI 4:2), EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
-
Ki jan nou fè konnen Miche 4:2 dekri sa k ap rive pèp Bondye a jodi a?
-
Ki sa netralite ye, e poukisa se yon bagay ki enpòtan?
-
Ki jan Revelasyon 13:16, 17 montre sistèm politik la ap eseye enfliyanse panse nou ak aksyon nou?