Nou kontan envite w nan kongrè ki gen tèm:

Vrè adorasyon an

2025 Kongrè Temwen Jewova yo

Chèche yon kongrè ki pre lakay ou

Antre a gratis Yo pa fè lakòlèt

Kèk pwen enpòtan nan pwogram nan

Vandredi: Y ap pase yon seri videyo k ap fè w wè zòn kote Jezi te viv ak zòn li te konn preche ladan yo.

Samdi: Gade ki jan kòmansman travay predikasyon Jezi sou tè a te reyalize yon seri pwofesi yo te bay plizyè syèk anvan sa.

Dimanch: Nan diskou ki gen tit “Èske w adore sa w konnen?” an, ou pral wè rezon ki fè sa w kwè enpòtan ak rezon ki fè w dwe chèche laverite.

DRAM

Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a: epizòd 2 ak 3

Lè Jezi te batize, li te vin Mesi a oswa Kris la. Nan mwa apre l fin batize yo, li te jwenn tantasyon nan men Dyab la, li te kòmanse rasanble disip li yo e l te fè premye mirak li yo. Gade sèn sa yo ak lòt ankò y ap montre nan toule twa jou kongrè a.

Al sou jw.org pou w ka wè yon pwogram konplè e pou w ka gade videyo ki vin apre yo:

Ki sa k gen nan kongrè nou yo?

Gade ki sa w ka atann ou pral jwenn nan kongrè Temwen Jewova yo.

Kongrè Temwen Jewova yo pou ane 2025 lan: “Vrè adorasyon an”

Gade yon apèsi sou pwogram kongrè ane sa a.

Apèsi sou dram nan: Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a

Depi lè Jezi kòmanse preche, ni moun, ni Dyab la ak demon l yo te opoze avè l. Èske Jezi t ap vire do bay Bondye?