Fason nou rive jwenn Bib la
Fason nou rive jwenn Bib la
Se yon mirak lefètke nou rive jwenn Bib la okonplè nan epòk nou an. Yo te fin ekri l sa gen plis pase 1 900 ane. Yo te ekri l sou yon seri materyèl ki ka depafini, tankou papye yo te fè avèk wozo papiris oswa ak po bèt. Epitou, anpil moun pisan tankou anperè ak dirijan relijye te fè tout sa yo kapab pou yo elimine Bib la.
KI JAN travay estrawòdinè sa a te rive pase anba tout eprèv sa yo pou l vin tounen liv ki pi popilè nan istwa lèzòm? Ann egzamine de aspè sèlman.
Yo te konsève tèks yo grasa plizyè kopi
Izrayelit ki te jwe wòl pwotektè pou premye tèks Labib yo, te byen konsève ansyen woulo yo e yo te fè plizyè lòt kopi woulo sa yo. Pa egzanp, Jewova te mande wa nan peyi Izrayèl yo pou yo “kopye sa k nan liv Lalwa a [...] Se liv Lalwa ki nan men Levit ki prèt yo [y] ap itilize pou [yo] fè sa.” — Detewonòm 17:18.
Anpil Izrayelit te renmen li ekriti yo, yo te rekonèt yo se Pawòl Bondye. Men, se yon seri eskrib ki te byen fòme ki te konn rekopye tèks yo avèk anpil swen. Yo pale de Esdras, youn nan eskrib ki te gen lakrentif pou Bondye yo kòm “yon moun ki te konn kopye Lwa Moyiz la e li te byen konnen Lwa sa a Jewova, Bondye Izrayèl la, te bay la”. (Esdras 7:6.) Masorèt yo ki te rekopye tèks Ebre yo oswa “Ansyen Testaman” an, ant 6yèm ak 10yèm syèk epòk nou an te menm konn konte lèt ki nan tèks yo pou yo evite fè erè. Lefètke yo te fè kopi sa yo avèk anpil swen konsa, sa te pèmèt yo egzak epi sa te konsève Bib la malgre tout efò ak tantativ san rete ènmi yo te fè pou yo detwi l.
Pa egzanp, nan ane 168 anv.e.n., yon dirijan siryen ki te rele Antyokis IV te eseye detwi tout kopi tèks ebre li te ka jwenn nan tout zòn Palestin nan. Istwa pèp Juif la fè konnen: “Yo te chire nenpòt woulo Lalwa yo jwenn e yo te boule yo.” Men sa The Jewish Encyclopedia di: “Ofisye ki te responsab pou egzekite kòmandman sa yo te fè sa avèk anpil britalite [...] Yo t ap touye [...] yon moun ki te posede liv sakre a.” Poutan, kopi ekriti yo te rive chape nonsèlman pami juif ki te nan Palestin yo men tou pami sila yo ki t ap viv plizyè lòt kote.
Yon ti tan apre yo te fin ekri tèks grèk yo oswa “Nouvo Testaman” an, kopi lèt enspire sa yo, pwofesi yo ansanm ak evènman istorik yo te gaye toupatou. Pa egzanp, Jan te ekri evanjil li a swa nan vil Efèz oswa toupre vil sa a. Poutan, espè yo fè konnen, mwens pase 50 an apre li te fin ekri evanjil li a, yo te jwenn yon pati nan yon kopi evanjil li a, jis nan peyi Ejip, plizyè santèn kilomèt parapò ak kote l te ekri l la. Dekouvèt sa a te montre kretyen ki t ap viv nan peyi byen lwen yo te gen kopi ekriti ki pa t gen twò lontan depi yo te enspire yo.
Lefètke yo te distribye pawòl Bondye a toupatou, sa te pèmèt yo konsève l plizyè syèk apre epòk Kris la. Pa egzanp, nan douvanjou, jou ki te 23 fevriye ane 303 e.n., yo di yo te wè anperè women Dyokletyen ki t ap gade sòlda l yo ki t ap kraze pòt yon legliz e ki t ap boule ekriti yo. Dyokletyen te panse li t ap ka elimine krisyanis la lè l detwi ekriti sakre yo. Nan demen, li te dekrete pou yo boule tout kopi Bib la devan je tout moun nan anpi women an. Sepandan, kopi yo te chape e yo te repwodui yo. Anfèt, yon bon pòsyon nan de kopi Bib grèk la ki te fèt petèt kèk tan apre pèsekisyon Dyokletyen an te chape nan jou sa a. Youn nan yo nan vil Wòm; Lòt la nan vil Lonn ann Angletè nan British Library.
Se vre yo poko jwenn okenn maniskri orijinal Bib la, men gen plizyè milye kopi tout Bib la oswa yon pòsyon nan Bib la yo te fè alamen ki rive jis nan epòk nou an. Kèk ladan yo la depi byen lontan. Èske mesaj ki te nan tèks orijinal yo te chanje ofiramezi yo t ap kopye yo? Men sa biblis ki rele W. H. Green te di konsènan tèks ebre yo: “Nou ka di san kè sote pa gen okenn lòt tèks ki la depi nan tan lontan ki rive jwenn nou e ki egzak konsa.” Anrapò ak ekriti grèk yo, men ki sa Sir Frederic Kenyon, yon moun ki trè popilè nan kesyon maniskri Labib yo te fè konnen: “Kantite tan ki separe dat yo te kòmanse ekri tèks orijinal yo ak prèv nou genyen ki la pi lontan yo vin tèlman piti opwen nou ka pase sou yo, e dènye rezon nou genyen pou n ta gen dout kòmkwa ekriti yo ta vin jwenn nou okonplè pandan yo t ap ekri yo a pa kenbe ankò. Kit se prèv ki montre liv ki nan Nouvo Testaman an otantik, kit se prèv ki montre nou ka fè yo konfyans nèt deja etabli.” Li te di tou: “Nou pa ka kouri di avèk sètitid tout sa ki ekri nan Bib la sèten. [...] Se menm bagay la pou kèlkeswa ansyen liv ki nan monn nan.”
Tradiksyon Bib la
Yon dezyèm faktè ki te pèmèt Bib la vin liv ki plis distribye nan monn nan se lefètke l disponib nan yon pakèt lang. Sa ann amoni ak objektif Bondye pou moun tout nasyon ak tout lang vin konnen l e adore l “avèk lespri ak laverite.” — Jan 4:23, 24; Miche 4:2.
Premye tradiksyon yo te fè pou tèks ebre yo se te tradiksyon grèk ki rele septant lan. Yo te fè l pou juif ki pale grèk ki t ap viv andeyò Palestin yo e yo te fin tradui l anviwon de syèk anvan Jezi te kòmanse aktivite predikasyon l lan sou tè a. Kèk syèk apre yo te fin ekri tout Bib la, sa gen ladan l ekriti grèk yo, yo te tradui l nan anpil lang. Men annapre, kèk wa e menm kèk prèt ki ta dwe fè tout sa yo kapab pou yo fè moun yo jwenn Bib la te fè egzakteman lekontrè. Yo te eseye kenbe fidèl yo nan fènwa espirityèl lè yo pa t pèmèt yo tradui Pawòl Bondye a nan lang moun yo te ka konprann.
Yon seri mesye ki te gen kouraj te defye legliz ak Leta pou yo tradui Bib la nan lang pèp la, malgre lavi yo te an danje. Pa egzanp, an 1530, yon anglè ki te rele William Tyndale, ki te etidye nan Oxford, te pwodui edisyon Pentatek la, senk premye liv ki nan tèks ebre a. Malgre anpil opozisyon, li te vin tounen premye moun ki tradui Bib la ann anglè dirèkteman apati tèks ebre a. Se Tyndale tou ki te premye tradiktè anglè ki te sèvi ak non Jewova a. Yon seri pèsekitè katolik te menase pou touye yon biblis espayòl ki te rele Casiodoro de Reina, pandan l t ap travay sou youn nan premye tradiksyon Bib la ann espayòl. Li te vwayaje al ann Angletè, Almay, Frans, Olann ak Swis pandan l t ap travay pou l fini tradiksyon l lan. *
Jodi a, yo kontinye distribye Bib la nan pi plis lang toujou, e y ap distribye plizyè milyon kopi Bib la toujou. Lefètke l chape pou l vin tounen liv moun plis konnen an demontre verite ki nan pawòl enspire sa yo apot Pyè te ekri a: “Zèb la vin sèch, epi flè a tonbe, men, pawòl Jewova rete la pou toutan.” — 1 Pyè 1:24, 25.
[Nòt]
^ Yo te pibliye vèsyon Reina a an 1569 e Cipriano de Valera te revize l an 1602.
[Kare/Foto]
KI TRADIKSYON MWEN TA DWE ITILIZE?
Anpil lang gen plizyè tradiksyon Labib. Gen tradiksyon ki gen yon langaj ki difisil e ki pase mòd. Gen lòt ki fè yon tradiksyon vag, yo jis fè yon rezime ki fasil pou moun li olye yo fè yon tradiksyon ki egzak. Epitou, gen lòt ki fè yon tradiksyon literal, yon tradiksyon ki prèske fèt motamo.
Te gen yon komite anonim ki te fè edisyon anglè Labib — Tradiksyon monn nouvo a, Temwen Jewova yo pibliye a apati lang orijinal yo. Se vèsyon sa a yo sitou itilize pou fè tradiksyon nan anpil lòt lang. Sepandan, moun k ap fè tradiksyon nan lang sa yo fè anpil konparezon ak tèks ki nan lang orijinal yo. Tradiksyon monn nouvo a eseye fè yon tradiksyon literal toutotan sa pa kache sans tèks orijinal yo. Tradiktè yo fè efò pou yo rann li fasil pou moun konprann Bib la menm jan sa te ye nan epòk yo te ekri l la.
Gen kèk espè nan lang ki te egzamine kèk tradiksyon Labib ki fèt nan epòk nou an, pami yo gen Tradiksyon monn nouvo a, pou yo chèche sa ki pa egzak ak modifikasyon ki fèt nan tèks yo. Youn nan biblis sa yo se Jason David BeDuhn, yon pwofesè nan domèn relijyon ki nan Northern Arizona University Ozetazini. Nan ane 2003, li te pibliye yon rapò ki gen 200 paj konsènan nèf “Bib yo plis itilize pami moun ki pale anglè yo”. * Etid li te fè a konsène plizyè pasaj nan ekriti yo biblis yo pa fin dakò sou sans yo, kote “sanble gen modifikasyon ki glise nan tradiksyon sa yo”. Pou chak pasaj, li te konpare tèks grèk la ak chak tradiksyon anglè sa yo, li te chèche kote yo te fè tantativ pou yo chanje sans tèks la. Ki sa l te jwenn?
BeDuhn rapòte piblik la an jeneral ak anpil biblis fè konnen diferans yo jwenn nan Tradiksyon monn nouvo a soti nan kwayans relijye moun ki t ap tradui l yo. Toutfwa, men sa l di: “Anpil nan diferans sa yo la akoz gwo presizyon ki gen nan NW a piske li se yon tradiksyon ki literal e ki konsève sans tèks orijinal la.” Byenke BeDuhn pa dakò ak fason yo tradui kèk pòsyon nan Tradiksyon monn nouvo a, li fè konnen “se tradiksyon sa a ki pi egzak pami tout lòt li te konpare yo”. Li di li se yon tradiksyon ki “vrèman remakab”.
Doktè Benjamin Kedar, yon biblis ebre k ap viv ann Izrayèl, te fè yon kòmantè menm jan an konsènan Tradiksyon monn nouvo a. Men sa l te di nan ane 1989: “Travay sa a montre gen yon efò onèt ki te fèt pou rann tradiksyon an fasil pou moun konprann e pou l egzak nan mezi sa posib. [...] M pa t janm jwenn yon kote nan Tradiksyon monn nouvo a yo t ap eseye fè tèks la di yon bagay li pa t di.”
Mande tèt ou: ‘Ki objektif mwen lè m ap li Bib la? Èske m vle yon tradiksyon ki fasil pou m li menmsi l pa egzak? Oswa èske m vle li ide ki reflete tèks orijinal enspire a otank posib?’ (2 Pyè 1:20, 21). Se objektif ou k ap detèmine ki tradiksyon w ap chwazi.
[Nòt]
^ Pami yo te gen Tradiksyon monn nouvo a (anglè), e lòt yo se te The Amplified New Testament, The Living Bible, The New American Bible With Revised New Testament, New American Standard Bible, The Holy Bible — New International Version, The New Revised Standard Version, The Bible in Today’s English Version, ak King James Version nan.
[Foto]
“Labib — Tradiksyon monn nouvo a” disponib nan anpil lang
[Foto]
Maniskri Masorèt
[Foto]
Yon pati nan woulo ki gen Lik 12:7 la, “[. . .] nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase anpil tikit”
[Kote foto yo soti]
Paj kouvèti: National Library of Russia, St. Petersburg; dezyèm ak twazyèm: Bibelmuseum, Münster; background: © The Trustees of the Chester Beatty Library, Dublin